Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 131


Seksyon 131

Enstriksyon Joseph Smith, Pwofèt la te bay nan Ramus, Illinois, 16 ak 17 Me 1843.

1–4, Maryaj selès esansyèl pou egzaltasyon nan pi wo degre syèl la; 5–6, Yo esplike kòman lèzòm kapab sele pou lavi etènèl; 7–8, Tout lespri se matyè.

1 Nan laglwa selès la gen twa syèl oubyen degre;

2 Pou jwenn pi wo degre a, yon nonm dwe antre nan lòd sa a ki nan prètriz la [ki vle di nouvo alyans etènèl maryaj la];

3 San sa li pa kapab jwenn li.

4 Li kapab antre nan lòt la, men, se la wayòm li an fini; li pa kapab grandi.

5 (Me 17, 1843.) Pawòl pwofesi ki pi asire a vle di yon moun konnen li sele pou lavi etènèl, nan revelasyon ak lespri pwofesi, pa mwayen pouvwa Prètriz Sen an.

6 Li enposib pou yon moun sove nan iyorans.

7 Matyè imateryèl pa egziste. Tout lespri se matyè, sepandan, li pi rafine oubyen pi, epi se sèlman je ki pi tout bon an ki kapab wè l.

8 Nou pa kapab wè l; men, lè kò nou pirifye, n ap wè li se matyè.