Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 18


Seksyon 18

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la, Oliver Cowdery, ak David Whitmer te resevwa nan Fayette, New York, Jen 1829. Selon Pwofèt la, revelasyon sa a te fè konnen “apèl douz apot yo nan dènye jou sa yo, ansanm ak enstriksyon sou fason pou yo etabli Legliz la.”

1–5, Ekriti yo montre kòman pou edifye Legliz la; 6–8, Mond lanou pouri nan inikite; 9–16, Nanm moun gen anpil valè; 17–25, Pou lèzòm gen sali, yo dwe pran non Kris la sou tèt yo; 26–36, Yo revele apèl ak misyon Douz; 37–39, Oliver Cowdery ak David Whitmer dwe chèche Douz yo; 40–47, Pou lèzòm kapab gen sali, yo dwe repanti, batize, epi respekte kòmandman yo.

1 Kounyeya, gade, poutèt bagay ou menm, sèvitè m nan, Oliver Cowdery, te vle konnen nan men m nan, m ba ou pawòl sa yo:

2 Gade, m te manifeste ba ou, avèk Lespri mwen plizyè fwa, pou m fè ou konnen bagay ou te ekri yo se verite; se poutèt sa ou konnen yo se verite.

3 Epi si ou konnen yo se verite, gade, m ba ou yon kòmandman, pou ou repoze sou bagay ki ekri yo;

4 Paske tout bagay konsènan fondasyon legliz mwen an, levanjil mwen an, ak wòk mwen an ekri ladan yo.

5 Se poutèt sa, si ou bati legliz mwen an, sou fondasyon levanjil mwen an ak wòk mwen an, pòt lanfè a p ap gen pouvwa sou ou.

6 Gade, mond lan ou mi nan inikite; epi li nesesè pou m pouse pitit lèzòm yo ale repanti, Janti yo ak kay Izrayèl la alafwa.

7 Se poutèt sa, kòm ou te batize anba men Joseph Smith, pitit la, sèvitè m nan, daprè jan m te kòmande li, li te akonpli bagay m te kòmande l la.

8 Epi kounyeya, pa etone ou poutèt m t aple l pou objektif pa m, objektif sa m konnen l; se poutèt sa, si l dilijan nan respekte kòmandman m yo, l ap beni ak lavi etènèl; epi non li se Joseph.

9 Epi kounyeya, Oliver Cowdery, m pale avèk ou, epi tou avèk David Whitmer, pa mwayen kòmandman; paske, gade, m kòmande tout moun tout kote pou yo repanti, epi m pale avèk ou, menm jan m te pale avèk Pòl, apot mwen an, paske ou te resevwa menm apèl li te resevwa a.

10 Sonje, nanm yo genyen yon gwo valè nan je Bondye;

11 Paske, gade, Senyè Redanmtè w la te soufri lanmò nan kò fizik la; se poutèt sa li te soufri doulè tout moun, pou rezon sa a tout moun dwe repanti epi vin jwenn li.

12 Epi li te leve pami mò yo, pou l kapab mennen tout moun vin jwenn li, sou kondisyon pou yo repanti.

13 Epi ala li pran anpil anpil plezi nan nanm ki repanti a!

14 Se poutèt sa ou resevwa apèl pou ou kriye repantans nan mitan pèp sa a.

15 Epi si ou travay pandan tout vi ou pou ou kriye repantans nan mitan pèp sa a, epi ou sèlman mennen yon sèl nanm ban mwen, ala lajwa w ap anpil avèk li nan wayòm Papa m nan!

16 Epi kounyeya, si lajwa w ap anpil avèk yon sèl nanm ou pote ban mwen nan wayòm Papa m nan, ala lajwa w ap anpil si ou ta mennen plis nanm ban mwen!

17 Gade, ou gen levanjil mwen an devan ou, wòk mwen an, ak sali mwen an.

18 Mande Papa a nan non mwen avèk lafwa, si w kwè w ap resevwa, epi w ap gen Sentespri a, ki manifeste tout bagay ki nesesè bay pitit lèzòm yo.

19 Epi si ou pa gen lafwa, esperans, ak charite, ou pa kapab fè anyen.

20 Pa goumen avèk okenn legliz, eksepte legliz dyab la.

21 Pran non Kris la sou tèt ou, epi pale verite nan yon fason ki senp.

22 Epi tout moun ki repanti epi ki batize nan non mwen, ki se Jezikri a, epi ki pèsevere jiska lafen, se moun sa yo k ap sove.

23 Gade, Jezikri se non sa a Papa a bay, epi pa gen okenn lòt non ki te bay pou sove lòm;

24 Se poutèt sa, tout moun dwe pran non Papa a bay la sou tèt yo, paske se nan non sa a yo pral rele yo nan dènye jou a;

25 Se poutèt sa, si yo pa konnen nan ki non yo pral rele yo a, yo p ap kapab gen plas nan wayòm Papa m nan.

26 Epi kounyeya, gade gen lòt moun ki resevwa apèl pou deklare levanjil mwen an, devan Janti yo tankou devan Juif yo;

27 Wi, menm douz yo; epi Douz yo pral disip mwen, epi yo pral pran non mwen sou yo; epi Douz yo pral moun ki pral gen dezi pran non mwen sou yo avèk tout kè yo.

28 Epi si yo gen dezi pran non mwen sou yo avèk tout kè yo, yo resevwa apèl pou y ale nan tout mond lan preche levanjil mwen an devan chak kreyati.

29 Epi se yo menm m te òdone pou batize moun nan non mwen, daprè sa ki ekri;

30 Epi nou gen bagay ki ekri a devan nou; se poutèt sa, nou dwe akonpli l daprè pawòl ki ekri yo.

31 Epi kounyeya, m pale avèk nou, Douz yo—Gade, lagras mwen an ase pou nou; nou dwe mache dwat devan m epi pa fè peche.

32 Epi, gade, se noumenm m te òdone pou òdone prèt yo ak enstriktè yo; pou deklare levanjil mwen an, dapre pouvwa Sentespri a ki nan nou an, epi daprè apèl ak kado Bondye bay lèzòm;

33 Epi mwen menm, Jezikri, Senyè nou an ak Bondye, m te di sa.

34 Pawòl sa yo pa pawòl ni lèzòm ni lòm, men se pawòl mwen; se poutèt sa, nou dwe temwaye yo se pawòl pa m epi yo pa pawòl lòm;

35 Paske se vwa m ki di nou yo; paske se Lespri m ki ba nou yo, epi avèk pouvwa m nou kapab li yo youn bay lòt; epi si se pa t avèk pouvwa m nou pa t ap kapab genyen yo;

36 Se poutèt sa, nou kapab temwaye pou fè konnen nou te tande vwa m, epi nou konnen pawòl mwen yo.

37 Epi kounyeya, gade, m ba nou, Oliver Cowdery, epi tou David Whitmer, pou nou chèche Douz yo, ki pral gen dezi bagay m te di yo;

38 Epi se daprè dezi yo ak travay yo nou pral konnen yo.

39 Epi lè nou wè yo, nou dwe montre yo bagay sa yo.

40 Epi nou dwe bese pou nou adore Papa a nan non mwen.

41 Epi nou dwe preche mond lan, di yo: nou dwe repanti epi batize, nan non Jezikri;

42 Paske tout moun dwe repanti epi batize, epi pa sèlman gason yo, men fi yo, ak timoun yo ki rive nan laj rezon.

43 Epi kounyeya, apre nou fin resevwa bagay sa a, nou dwe respekte kòmandman m yo nan tout bagay;

44 Epi avèk men nou, m pral fè yon zèv mèveye pami pitit lèzòm, pou konvenk anpil moun konsènan peche yo, pou yo kapab vini nan repantans, epi pou yo kapab vini nan wayòm Papa m nan.

45 Se poutèt sa, benediksyon m ba nou yo depase tout bagay.

46 Epi apre nou fin resevwa bagay sa a, si nou pa respekte kòmandman m yo nou p ap kapab sove nan wayòm Papa m nan.

47 Gade, mwen menmm, Jezikri, Senyè nou an ak Bondye nou an, ak Redanmtè nou an, avèk pouvwa Lespri m, m te di sa. Amèn.