Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 33


Seksyon 33

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou Ezra Thayre ak Northrop Sweet, nan Fayette, New York, Oktòb 1830. Pou entwodui revelasyon sa a, nan istwa Joseph Smith la, yo afime ke “Senyè a … toujou pare pou l enstwi moun ki chèche avèk dilijans, nan lafwa.”

1–4, Travayè yo resevwa apèl pou yo deklare levanjil la nan onzyèm èdtan an; 5–6, Legliz la tabli, moun chwazi yo dwe rasanble; 7–10, Repanti, paske wayòm syèl la pre; 11–15, Legliz la bati sou wòk levanjil la; 16–18, Pare pou aparisyon Mesye marye.

1 Gade, m di ou, sèvitè m nan, Ezra ak Northrop, louvri zòrèy nou epi koute vwa Senyè Bondye nou an, ki gen pawòl li ki rapid epi ki pisan an, ki pi file pase yon epe de bò, ki kapab divize jwenti yo ak mwèl la fè de a, nanm nan ak lespri a, epi ki kapab sonde panse ak entansyon kè moun.

2 Paske an verite, an verite, m di ou, ou resevwa apèl pou ou leve vwa ou tankou son yon twonpèt, pou ou deklare levanjil mwen an bay yon jenerasyon kwochi ak pèvès.

3 Paske gade, jaden an deja mi pou rekòlte; epi se onzyèm èdtan an, epi se dènye fwa m ap rele travayè nan jaden m nan.

4 Epi jaden m nan vin kòwonpi nèt; epi pa gen pèsonn ki fè byen eksepte kèk moun; epi yo egare nan anpil fason akoz entrigdeprèt, yo tout gen panse kòwonpi.

5 Epi an verite, an verite, m di ou, m te tabli legliz sa a epi m te rele l soti nan dezè a.

6 Epi konsa menm, m pral rasanble moun m chwazi yo soti nan kat kwen tè a, tout moun nèt ki vle kwè nan non mwen, epi ki vle koute vwa m.

7 Wi, an verite, an verite, m di ou, jaden an deja mi pou rekòlte; se poutèt sa, manche kouto digo ou, epi rekòlte avèk tout pisans ou, tout panse ou ak fòs ou.

8 Louvri bouch ou epi l ap ranpli, epi w ap vin tankou Nefi ki te nan tan lontan an, ki te vwayaje soti nan Jerizalèm pou ale nan dezè a.

9 Wi, louvri bouch ou epi pa ranka kò ou, epi w ap chaje avèk bouke flè, paske gade, m avèk ou.

10 Wi, louvri bouch ou epi l ap ranpli, pou ou kapab di: Repanti, repanti, epi prepare chemen Senyè a, epi fè santye li yo plat; paske wayòm syèl la pre;

11 Wi, repanti epi batize, chak moun, pou padon peche nou yo; wi, batize avèk dlo menm, epi apre sa se batèm dife a ak batèm Sentespri a.

12 Gade, an verite, an verite, m di ou, se levanjil mwen an sa; epi sonje, yo dwe gen lafwa nan mwen oubyen yo p ap kapab sove nan okenn fason;

13 Epi se sou wòk sa a m ap bati legliz mwen an; wi, se sou wòk sa a ou bati, epi si ou kontinye, pòt lanfè a p ap gen pouvwa sou ou.

14 Epi ou dwe sonje atik ak alyans legliz yo pou ou kapab respekte yo.

15 Epi nenpòt moun ki gen lafwa, ou dwe konfime l nan legliz mwen an, pa enpozisyon men, epi m ap mete don Sentespri a sou yo.

16 Epi m bay Liv Mòmon an ak ekriti sen yo pou enstriksyon ou; epi pouvwa Lespri m vivifye tout bagay.

17 Se poutèt sa, gen lafwa, priye toutan, pare mèch lanp ou yo epi limen yo, epi konsève gaz, pou ou kapab pare nan aparisyon Mesye marye a—

18 Paske gade, an verite, an verite, m di ou, m ap vini rapid rapid. Se sa menm. Amèn.