Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 3


Seksyon 3

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Harmony, Pennsylvania, an Jiyè 1828, konsènan 116 paj dokiman ki te pèdi, dokiman ki te tradui nan premye pati Liv Mòmon an, ki te rele Liv Leyi a. Kont pwòp volonte pa l, kontre limenm Pwofèt la te kite paj sa yo soti nan men l pou ale nan men Martin Harris, ki te sèvi kòm grefye nan tradiksyon Liv Mòmon an pou yon peryòd brèf. Li te resevwa revelasyon an pa mwayen Ourim ak Toumim nan. (Gade seksyon 10 la.)

1–4, Chemen Senyè a se yon wonn etènèl; 5–15, Joseph Smith dwe repanti oubyen l ap pèdi don pou l tradui a; 16–20, Liv Mòmon an vini pou l sove desandan Leyi yo.

1 Travay, ak entansyon ak objektif Bondye pa kapab kontrarye, ni yo pa kapab pase pou anyen.

2 Paske Bondye pa mache nan chemen kwochi, li pa vire ni adwat ni agoch, li pa chanje nan sa l te di, se poutèt sa chemen li yo dwat, epi wout li se yon wonn etènèl.

3 Sonje, sonje se pa travay Bondye ki kontrarye, men se travay lèzòm;

4 Paske, malgre yon moun kapab gen anpil revelasyon, ak pouvwa pou l fè anpil gwo travay, malgre sa, si l lwanj pou fòs pa l, e li pa pran konsèy Bondye yo pou anyen, e si l suiv dikte ki soti nan volonte pa l ak dezi chanèl li, li dwe sipòte vanjans yon Bondye ki jis sou tèt li.

5 Gade, m te konfye li bagay sa yo, men kòmandman m te ba ou yo te estrik anpil; epi sonje tou pwomès ou te resevwa yo, si ou pa t transgrese yo.

6 Epi gade, konbyen fwa ou te transgrese kòmandman ak lalwa Bondye yo, epi ou te kite lèzòm pèsyade li.

7 Paske, gade, ou pa t dwe lèzòm plis pase Bondye. Malgre lèzòm pa pran konsèy Bondye pou anyen, epi yo meprize pawòl li yo.

8 Men, Ou te dwe rete fidèl; e li t ap lonje bra li pou l sipòte w kont flèche dife advèsè a; e li t ap avèk ou chak fwa ou gen pwoblèm.

9 Gade, ou rele Joseph, e Bondye te chwazi w pou ou fè travay Senyè a, men akoz transgresyon, si ou pa fè atansyon w ap tonbe.

10 Men sonje, Bondye gen mizèrikòd; se poutèt sa, repanti pou sa ou te fè ki kontrè ak kòmandman m te ba ou a, e Bondye te toujou chwazi w, epi ou resevwa apèl ankò pou ou fè travay la;

11 Si ou pa fè sa, m ap lage w epi w ap vin tankou lòt moun, epi ou p ap gen don ankò.

12 Epi lè w te lage bagay Bondye te ba ou a, vizyon ak pouvwa pou ou tradui a, ou te lage bagay ki te sakre a nan men yon nonm mechan,

13 Ki pa pran konsèy Bondye yo pou anyen, ki te vyole pwomès ki pi sakre yo, ki te fèt devan Bondye, epi ki te konte sou pwòp jijman pa l, epi ki te lwanj pou pwòp lasajès pa l.

14 Epi se poutèt rezon sa a ou te pèdi privilèj ou yo pou yon sezon—

15 Paske ou te kite moun pilonnen konsèy direktè w la depi nan kòmansman.

16 Men, travay mwen pral mache, paske menm jan konesans Sovè a te vini nan mond lan, pa temwayaj Juif yo, konsa konesans Sovè a pral vin jwenn pèp mwen an—

17 Ak Nefit yo, ak Jakobit yo, ak Jozefit yo, ak Zoramit yo, pa temwayaj papa yo—

18 Epi Lamanit yo pral gen konesans temwayaj sa a, ak Lemyelit yo, ak Ismayelit yo, ki te dejenere nan enkredilite poutèt inikite papa yo, a yo menm Senyè a te kite detwi frè yo, Nefit yo, poutèt inikite yo ak abominasyon yo.

19 Epi se nan bi sa yo, ki gen ladan yo rejis sa yo te prezève—pou pwomès Senyè a te fè pèp li a te kapab akonpli;

20 Epi pou Lamanit yo kapab vin gen konesans sou papa yo, pou yo kapab konnen pwomès Senyè a, pou yo kapab kwè nan levanjil la, epi pou yo kapab konte sou merit Jezikri, pou yo kapab glorifye pa lafwa nan non l, epi pou yo kapab sove pa repantans yo. Amèn.