Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 40


Seksyon 40

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la ak Sidney Rigdon te resevwa, nan Fayette, New York, 6 Janvye 1831. Anvan anrejistreman revelasyon sa a, istwa Pwofèt la deklare: “Kòm James Covel te rejte pawòl Senyè a, epi li te retounen nan ansyen prensip li yo, ak moun li yo, Senyè a te bay mwen menm ak Sidney Rigdon revelasyon sa a” (gade seksyon 39).

1–3, Lakrent pèsekisyon yo ak atansyon pou bagay mond lan lakòz moun rejte levanjil la.

1 Gade, anverite, m di nou konsa, kè sèvitè m nan, James Covel te dwat devan mwen, paske li te fè alyans avèk mwen pou l obeyi pawòl mwen.

2 Epi, li te resevwa pawòl la avèk kontantman, men, Satan te tante l imedyatman; epi lakrent, pèsekisyon, ak atansyon pou bagay mond lan fè l rejte pawòl la.

3 Se poutèt sa, li te vyole alyans mwen an, epi se zafè pa m pou m fè sa m vle avèk li. Amèn.