Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 43


Seksyon 43

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Kirtland, Ohio, an Fevriye 1831. Nan epòk sa a kèk moun te twouble kèk manm legliz avèk fo pretansyon yo kòm revelatè. Pwofèt la te mande Senyè a epi l te resevwa kominikasyon sa a pou ansyen yo nan Legliz la. Premye pati a pale sou regleman Legliz la; dezyèm pati a gen avètisman ansyen yo dwe bay tout nasyon sou tè a.

1–7, Revelasyon ak kòmandman yo vini sèlman pa lantremiz moun ki lonmen an; 8–14, Sen yo sanktifye lè yo aji avèk tout sentete devan Senyè a; 15–22, Yo voye ansyen yo pou yo kriye repantans epi pou yo prepare lèzòm pou gran jou Senyè a; 23–28, Senyè a rele lèzòm avèk pwòp vwa pa Li epi atravè fòs nati a; 29–35, Milenyòm nan pral rive epi Satan pral mare.

1 O, koute, noumenm ansyen yo ki nan legliz mwen an, epi fè atansyon ak pawòl m pral di nou yo.

2 Paske gade, an verite, an verite, m di nou, nou resevwa yon kòmandman daprè lalwa ki nan legliz mwen an, moun m te lonmen pami nou pou nou resevwa kòmandman ak revelasyon yo nan men m nan.

3 Epi nou dwe konnen sa avèk asirans—pa gen okenn lòt moun ki lonmen pou nou resevwa kòmandman ak revelasyon yo jistan li sispann, si l rete nan mwen.

4 Men an verite, an verite, m di nou, okenn lòt moun p ap lonmen pou don sa a san se pa pa lantremiz limenm; paske si don sa a soti nan men l, li p ap gen pouvwa eksepte pou l lonmen yon lòt moun nan plas li.

5 Epi, sa pral yon lalwa pou nou, pou nou pa resevwa ansèyman nan men okenn moun ki vini devan nou kòm revelasyon yo oubyen kòmandman yo;

6 Epi m ba nou bagay sa a pou yo pa twonpe nou, pou nou konnen yo pa soti kote m.

7 Paske an verite, m di nou, moun mwen òdone a ap vini nan pòt la epi l ap òdone jan m te di nou anvan an, pou ansenye revelasyon nou te resevwa yo epi sa nou pral resevwa pa lantremiz moun m te lonmen an.

8 Epi kounyeya, gade, m ap ba nou yon kòmandman, pou lè nou rasanble ansanm, nou dwe enstwi epi edifye youn lòt pou nou kapab konnen kòman pou nou aji nan legliz la, kòman pou aji sou pwen lalwa mwen an ak kòmandman m yo, m te bay la.

9 Epi konsa, n ap vin enstwi nan lalwa legliz mwen an, epi bagay nou resevwa a ap sanktifye nou, epi n ap mete tèt nou nan obligasyon pou nou aji nan tout sentete devan mwen—

10 Pou toutotan nou fè sa, pou glwa kapab ajoute sou wayòm nou te resevwa a. Toutotan nou pa fè sa, y ap pran l, menm sa nou te resevwa a.

11 Prije inikite ki pami nou an soti sou nou; sanktifye tèt nou devan m;

12 Si nou vle laglwa wayòm nan, lonmen sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, alatèt nou epi soutni l devan m avèk priyè nou ki fèt avèk lafwa.

13 Epi ankò, m di nou, si nou vle mistè yo ki nan wayòm nan, ba li manje ak rad, ak nenpòt sa l bezwen pou l akonpli travay m te kòmande l fè a;

14 Epi si nou pa fè sa, l ap rete pou moun ki resevwa l yo, pou m kapab prezève yon jenerasyon pi devan mwen.

15 M di ankò, koute, ou menm ansyen yo ki nan legliz la, m te lonmen yo: M pa voye nou pou moun ansenye nou, men, pou nou ansenye pitit lèzòm yo bagay m te mete nan men nou yo avèk pouvwa Lespri m nan;

16 Epi ansèyman nou dwe soti anwo. Sanktifye tèt nou epi n ap dote avèk pouvwa, pou nou kapab bay menm jan m pale a.

17 Koute, paske gade gran jou Senyè a ap pwoche.

18 Paske jou a ap vini pou Senyè a soti vwa li anlè nan syèl la; syèl yo pral souke epi tè a pral tranble, epi twonpèt Bondye a pral sonnen lontan epi byen fò, epi li pral di nasyon yo k ap dòmi an: Noumenm sen yo leve epi viv; noumenm pechè yo rete epi dòmi jistan m rele ankò.

19 Se poutèt sa, mare senti nou pou yo pa jwenn nou pami mechan yo.

20 Leve vwa nou epi pa sispann. Rele nasyon yo pou yo repanti, granmoun tankou timoun, esklav tankou moun lib, di yo: Prepare tèt nou pou gran jou Senyè a;

21 Paske si mwen menm, ki se yon moun, m leve vwa m epi m rele nou pou nou repanti, epi nou rayi m, kisa n ap di lè jou a rive pou loray yo soti vwa yo nan tout kwen tè a, pou yo pale nan zòrèy tout moun ki vivan, pou yo di—Repanti, epi prepare pou gran jou Senyè a?

22 Wi, epi ankò, lè zeklè yo gaye soti nan lès pou ale nan lwès, epi yo leve vwa yo devan tout vivan, epi yo fè zòrèy tout sa k ap tande yo konnen, pou di—Repanti, paske gran jou Senyè a ap vini?

23 Epi ankò, Senyè a pral soti vwa l nan syèl la pou l di: Koute, O, noumenm nasyon yo ki sou tè a, epi tande pawòl Bondye ki te fè nou an.

24 O, noumenm nasyon yo ki sou tè a, konbyen fwa pou m ta rasanble nou ansanm tankou yon manman poul rasanble ti poul li yo anba zèl li, men, nou pa vle!

25 Konbyen fwa m rele nou avèk vwa sèvitè m yo, epi avèk ministè zanj yo, epi avèk pwòp vwa pa m, epi avèk vwa loray, epi avèk vwa zeklè, epi avèk vwa tanpèt, epi avèk vwa tranbleman tè, ak pakèt lagrèl, epi avèk vwa famin, ak tout kalite lapès, ak gwo son twonpèt, ak vwa jijman, ak vwa mizèrikòd tout jounen, ak vwa laglwa ak onè ak richès lavi etènèl, epi pou m ta sove nou avèk yon lavi etènèl, men, nou pa vle!

26 Gade, jou a rive, tas kòlè endiyasyon m nan chaje.

27 Gade, an verite m di nou, sa yo se pawòl Senyè Bondye nou an.

28 Se poutèt sa, travay, travay nan jaden m nan pou yon dènye fwa—pou yon dènye fwa, rele abitan yo ki sou tè a.

29 Paske, nan tan pa mwen, m ap vini sou tè a nan jijman, epi pèp mwen an ap rachte epi yo pral gouvènen avèk mwen sou tè a.

30 Paske, gran Milenyòm m te pale avèk bouch sèvitè m yo pral vini.

31 Paske, Satan pral mare, epi lè l demare ankò, l ap gouvènen pou yon ti tan, epi apre sa finisman tè a ap vini.

32 Epi yon moun k ap viv nan lajistis ap chanje nan yon koudèy, epi tè ap pase kòm si se avèk dife.

33 Epi mechan yo prale nan dife ki pa kapab etenn, epi pa gen pèsonn sou tè a ki konnen finisman yo, ni tou yo p ap janm konnen l, jistan yo vini devan m nan jijman.

34 Koute pawòl sa yo. Gade, m se Jezikri, Sovè mond lan. Konsève bagay sa yo nan kè nou, epi kite gwo bagay letènite yo repoze nan panse nou.

35 Rete tèt poze. Respekte tout kòmandman m yo. Se konsa sa ye. Amèn.