Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 49


Seksyon 49

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou Sidney Rigdon, Parley P. Pratt, ak Leman Copley, nan Kirtland, Ohio, 7 Me 1831. Leman Copley te anbrase levanjil la, men, li te toujou kenbe kèk nan ansèyman Shakers yo (United Society of Believers in Christ’s Second Appearing [Sosyete Kwayan Inifye nan Dezyèm Aparisyon Kris la]), gwoup kote li te manm anvan an. Kèk nan kwayans Shakers yo fè konnen dezyèm Vini Kris la te deja fèt epi l te parèt sou fòm yon fanm, Ann Lee. Batèm nan dlo pa t konsidere kòm esansyèl. Yo te rejte maryaj epi yo te kwè nan yon lavi selibatè total. Kèk nan Shakers yo te entèdi pou manje vyann tou. Nan prefas revelasyon sa a, istwa Joseph Smith rapòte: “Pou m te kapab genyen [yon] konpreyansyon ki pi pafè sou sijè a, m te mande Senyè a epi m te resevwa bagay sa a.” Revelasyon an kontredi kèk nan kwayans prensipal gwoup Shakers la. Frè ki te site pi wo yo te pran yon kopi revelasyon an pote nan kominote Shakers yo (pre Cleveland, Ohio) epi yo te li l annantye ba yo, men yo te rejte l.

1–7, Moun p ap konnen jou ak lè aparisyon Kris la jistan L vini; 8–14, Lèzòm dwe repanti, kwè nan levanjil la, epi obeyi òdonans yo pou yo gen sali; 15–16, Se Bondye ki òdone maryaj; 17–21, Bondye apwouve pou moun manje vyann; 22–28, Siyon pral pwospere epi Lamanit yo pral fleri tankou yon flè woz anvan Dezyèm Aparisyon an.

1 Koute pawòl mwen, sèvitè m yo, Sidney, ak Parley, ak Leman; paske gade, an verite, m di nou, m ba nou yon kòmandman pou nou ale preche levanjil mwen an nou te resevwa a bay Shakers yo jan nou te resevwa l la.

2 Gade, m di nou, yo vle konnen yon pati nan verite a, men, yo pa vle konnen tout, paske yo pa jis devan mwen epi yo dwe repanti.

3 Se poutèt sa, m voye nou, sèvitè m yo, Sidney ak Parley, pou preche yo levanjil la.

4 Epi sèvitè m nan Leman dwe òdone pou travay sa a, pou l kapab rezone avèk yo, non pa daprè sa li te resevwa nan men yo, men, daprè sa nou pral ansenye l, sèvitè m yo; epi si l fè sa m ap beni l, san sa li p ap pwospere.

5 Se sa Senyè a di; paske m se Bondye, epi m te voye Sèl Pitit Gason Literal mwen an nan mond lan pou redanmsyon mond lan, epi m te dekrete pou fè konnen yon moun ki resevwa l l ap sove, epi yon moun ki pa resevwa l l ap dane

6 Epi yo te aji menm avèk Pitit Gason Lòm nan jan yo te vle; epi li te pran pouvwa a bò kote dwat laglwa li a, epi kounyeya l ap renye jistan l desann sou tè a pou l mete tout ènmi li yo anba pye l, nan yon tan ki pa lwen—

7 Mwen, Senyè Bondye a te di sa; men, pèsonn pa konnen lè a ak jou a, ni zanj yo ki nan syèl la, ni tou yo p ap konnen jistan l vini.

8 Se poutèt sa, m vle pou tout moun repanti, paske tout moun anba peche, eksepte sa m te rezève pou mwen yo, moun nou pa konnen men ki sen yo.

9 Se poutèt sa, m di nou, m voye alyans etènèl mwen an ba nou, menm sa ki te la depi nan kòmansman an.

10 Epi sa m te pwomèt la, mwen akonpli l, epi nasyon yo ki sou tè a pral bese devan l; epi si yo pa fè l pou tèt pa yo, yo pral rabese, paske sa ki leve tèt li kounyeya pral desann ba pa fòs.

11 Se poutèt sa, m ba nou yon kòmandman pou nou ale pami pèp sa a, epi pou nou di yo, menm jan avèk ansyen apot mwen an, ki te rele, Pyè a:

12 Kwè nan non Senyè a Jezi, ki te sou tè a, epi ki dwe vini an, kòmansman an ak finisman an;

13 Repanti epi batize nan non Jezikri, daprè kòmandman sen an, pou padon peche;

14 Epi nenpòt moun ki fè sa, l ap resevwa don Sentespri a, pa mwayen enpozisyon men ansyen yo ki nan legliz la.

15 Epi ankò, an verite m di nou, nenpòt moun ki defann moun marye, se pa Bondye ki òdone l, paske se Bondye ki òdone maryaj pou lòm.

16 Se poutèt sa, li legal pou lòm gen yon madanm, epi yo de a dwe tounen yon sèl kò, epi tout sa dwe fèt pou a kapab reyalize objektif kreyasyon li;

17 Epi pou l kapab ranpli valè moun, daprè jan l te kreye anvan mond lan te fèt.

18 Epi nenpòt moun ki defann vyann, pou moun sa pa manje l, se pa Bondye ki òdone l;

19 Paske, gade, bèt ki nan chan ak zwazo yo ki anlè a, ak sa ki soti nan tè a, te prepare pou itilite lòm pou manje l ak rad li, pou l kapab genyen an abondans.

20 Men, yon moun pa dwe posede plis pase yon lòt moun, se poutèt sa mond lan kouche nan peche.

21 Epi malè yon moun ki fè koule san oubyen ki gaspiye vyann san nesesite.

22 Epi ankò, an verite m di nou konsa, Pitit Gason Lòm nan p ap vini sou fòm yon fi, ni sou fòm yon gason k ap vwayaje sou tè a.

23 Se poutèt sa, pa kite moun twonpe nou, men, kontinye rete tennfas, rete tann pou syèl la souke, epi pou tè a tranble epi pou l balanse pasi-pala tankou yon moun ki sou, epi pou vale yo tounen mòn, epi pou mòn yo vin plati, epi pou kote ki graj yo vin lis—epi tout sa lè zanj la sonnen twonpèt li a.

24 Men, anvan gran jou Senyè a vini, Jakòb pral pwospere nan dezè a, epi Lamanit yo pral fleri tankou yo flè woz.

25 Siyon pral pwospere sou kolin yo epi l pral rejwi sou mòn yo, epi l pral rasanble ansanm nan kote m te tabli a.

26 Gade, m di nou, ale jan m te kòmande nou an; repanti pou tout peche nou yo; mande epi n ap resevwa; frape epi y ap louvri pou nou.

27 Gade, m prale devan nou epi se mwen k ap avangad nou; epi m ap nan mitan nou epi yo p ap nan konfizyon.

28 Gade, m se Jezikri, epi m ap vini rapid rapid. Se konsa sa ye. Amèn.