Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 54


Seksyon 54

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou Newel Knight, nan Kirtland, Ohio, 10 Jen 1831. Manm legliz ki t ap viv nan Thompson, Ohio yo te divize sou kesyon konsènan konsekrasyon pwopriyete. Egoyis ak avaris te prezan. Apre misyon li bò kote Shakers yo (gade antèt seksyon 49 la), Leman Copley te vyole alyans li te fè pou l konsakre gwo fèm li a kòm yon plas pou eritaj Sen ki t ap soti nan Colesville, New York yo. Kòm konsekans, Newel Knight (dirijan manm ki t ap viv nan Thompson yo) ak lòt ansyen te vini kote Pwofèt la pou yo mande kisa pou yo fè. Pwofèt la te mande Senyè a epi l te resevwa revelasyon sa a, ki kòmande manm ki nan Thompson yo pou yo kite fèm Leman Copley a pou yo vwayaje al Missouri.

1–6, Sen yo dwe respekte alyans levanjil la pou yo kapab jwenn mizèrikòd; 7–10, Yo dwe pasyan nan tribilasyon.

1 Gade, Senyè a di konsa, Alfa a ak Omega a menm, kòmansman an ak finisman an, moun ki te krisifye pou peche mond lan menm—

2 Gade, an verite, an verite, m di ou, sèvitè m nan Newel Knight, ou dwe rete tennfas nan ofis m te chwazi w la.

3 Epi si frè w yo vle chape anba men ènmi yo, se pou yo repanti nan tout peche yo, epi pou yo vin gen imilite epi kontri devan mwen.

4 Epi, kòm alyans yo te fè avèk mwen an te vyole, se konsa tou li te vin anile epi san efè.

5 Epi malè yon moun ki atire ofans sa a, paske li pi bon pou l ta nwaye nan pwofondè lanmè a.

6 Men, moun ki respekte alyans la epi ki obsève kòmandman an, yo beni, paske y ap jwenn mizèrikòd.

7 Se poutèt sa, ale kounyeya epi sove kite peyi a, pou zanmi ou yo pa tonbe sou ou; fè yon vwayaj epi lonmen moun ou vle kòm dirijan ou, epi ki pou peye lajan pou ou.

8 Epi konsa, ou dwe fè yon vwayaj nan rejyon lwès, nan peyi Missouri a, sou fwontyè Lamanit yo.

9 Epi lè ou fin vwayaje, gade, m di ou, chèche fè lavi ou tankou nenpòt moun, jistan m pare yon plas pou ou.

10 Epi ankò, gen pasyans nan tribilasyon jistan m vini; epi, gade, m ap vini rapid rapid, epi rekonpans mwen avèk mwen, epi moun ki chèche m bonè, y ap jwenn repo pou nanm yo. Se konsa sa ye. Amèn.