Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 66


Seksyon 66

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Hiram, Ohio, 29 Oktòb 1831. William E. McLellin te mande Senyè a an prive pou te fè l konnen, palentèmedyè Pwofèt la, repons pou senk kesyon, ke Joseph Smith pa t konnen. Sou demann McLellin, Pwofèt la te mande Senyè a epi l te resevwa revelasyon sa a.

1–4, Alyans etènèl la se plenitid levanjil la; 5–8, Ansyen yo dwe preche, temwaye, epi rezone avèk pèp la; 9–13, Sèvis ministè ki fidèl asire yon eritaj lavi etènèl.

1 Gade, senyè a di sèvitè m nan, William E. McLellin konsa, gade—Ou beni, Senyè Redanmtè w la, Sovè mond lan di, toutotan ou abandone inikite w yo, epi ou resevwa verite m yo, menm tout moun ki kwè nan non mwen.

2 An verite, m di ou, ou beni poutèt ou resevwa alyans etènèl mwen an, plenitid levanjil mwen an menm, m te voye bay pitit lèzòm yo, pou yo kapab gen lavi epi pou yo kapab vin patisipe nan laglwa ki pral revele nan dènye jou yo, jan pwofèt ak apot ansyen tan yo te ekri l la.

3 An verite, m di ou, sèvitè m nan, William, ou pwòp, men, pa totalman; se poutèt sa, repanti nan bagay ki pa fè je m plezi yo, paske Senyè a di, l ap montre ou yo.

4 Epi kounyeya, an verite, mwenmenm Senyè a, m ap montre w kisa m vle konsènan ou, oubyen kisa ki volonte m konsènan ou.

5 Gade, an verite m di ou, se volonte m pou ou pwoklame levanjil mwen an soti nan yon peyi ale nan yon lòt, soti nan yon vil ale nan yon lòt, wi, nan rejyon alantou yo kote l pa t ko pwoklame.

6 Pa rete pou anpil jou nan kote sa a, pa ko monte nan peyi Siyon an, men, toutotan ou kapab voye moun, voye moun; san sa, pa panse sou pwopriyete w la.

7 Ale nan peyi lès yo, rann temwayaj nan chak kote, devan chak moun epi nan sinagòg yo, rezone avèk moun yo.

8 Kite sèvitè m nan, Samuel H. Smith ale avèk ou, epi pa abandone l, epi ba l enstriksyon ou yo; epi yon moun ki fidèl, m ap fè l vin nan tout kote; epi mwen menm Senyè a, m pral avèk ou.

9 Poze men ou sou moun ki malad yo, epi y ap geri. Pa retounen jistan mwen menm Senyè a, m voye ou. Gen pasyans nan afliksyon. Mande, epi w ap resevwa; frape epi y ap louvri pou ou.

10 Pa chèche ankonbre ou. Abandone tout enjistis. Pa komèt adiltè—se yon tantasyon ki twouble ou.

11 Respekte pawòl sa yo, paske yo vrè epi yo fidèl; ou dwe mayifye ofis ou a, epi pouse anpil moun ale nan Siyon avèk kantik lajwa etènèl sou tèt yo.

12 Kontinye nan bagay sa yo menm jiska lafen, epi w ap gen yon kouwòn lavi etènèl bò kote dwat Papa m, ki plen lagras ak verite.

13 An verite, Senyè Bondye w la, Redanmtè w la, Jezikri menm di sa. Amèn.