Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 87


Seksyon 87

Revelasyon ak pwofesi sou lagè, Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Kirtland oubyen pre Kirtland, Ohio, 25 Desanm 1832. Nan moman sa a, dispit ki t ap fèt Ozetazini sou esklavaj ak anilasyon tarif federal Kawolin diSid yo te trè kouran. Istwa Joseph Smith la deklare ke “aparans twoub nan mitan nasyon yo” te vin “pi vizib” pou Pwofèt la “pase yo te janm ye anvan, depi lè Legliz la te kòmanse vwayaj li soti nan dezè a.”

1–4, Prediksyon lagè ant Eta Nò yo ak Eta Sid yo; 5–8, Anpil kalamite pral tonbe sou moun ki sou tè a.

1 An verite, Senyè a di konsènan lagè ki pral fèt pwochènman, ki pral kòmanse avèk rebelyon Kawolin diSid a, ki pral fini nan lanmò ak mizè anpil nanm;

2 Epi tan an pral rive pou lagè gaye sou tout nasyon, pou kòmanse bò isit la.

3 Paske gade, Eta Sid yo pral divize kont Eta Nò yo, epi eta Sid yo pral rele lòt nasyon, nasyon Grann Bretay la menm, jan yo rele l la, epi yo pral rele lòt nasyon pou yo kapab defann tèt yo kont lòt nasyon, epi apre sa lagè pral gaye sou tout nasyon.

4 Epi se pral konsa, apre anpil jou, esklav pral leve kont mèt yo, ki pral resevwa lòd ak disiplin pou lagè.

5 Epi se pral konsa tou, rès yo ki rete nan peyi a pral mobilize tèt yo, epi yo pral vin fache anpil, epi yo pral aflije Janti yo avèk yon afliksyon kriyèl.

6 Epi konsa, avèk epe epi avèk san koule, abitan yo ki sou tè a pral plenyen; epi avèk famin, ak epidemi, ak tranbleman tè, ak loray nan syèl la, ak gwo kout zeklè dife, abitan yo ki sou tè a pral santi kòlè, ak endiyasyon, ak chatiman ki soti nan men yon Bondye Toupisan, jistan destriksyon ki te dekrete a fini avèk tout nasyon yo nèt;

7 Pou kriye sen yo, ak san sen yo kapab sispann monte nan zòrèy Senyè Tout Lame yo, soti sou tè a, pou mande vanjans kont ènmi yo.

8 Senyè a di, se poutèt sa, rete nan kote ki sen, epi pa kite moun deplase nou, jistan jou Senyè a vini; paske gade, l ap vini rapid rapid. Amèn.