Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 90


Seksyon 90

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Kirtland, Ohio, 8 Mas 1833. Revelasyon sa a se yon kontinyasyon etap nan etablisman Premye Prezidans lan (gade nan antèt seksyon 81 an); kòm konsekans, konseye ki mansyone yo te òdone nan jou ki te 18 Mas 1833 a.

1–5, Kle wayòm yo konfye nan men Joseph Smith epi pa lantremiz limenm, nan men Legliz la; 6–7, Sidney Rigdon ak Frederick G. Williams dwe sèvi nan Premye Prezidans lan; 8–11, Levanjil la dwe preche pou nasyon Izrayèl yo, pou Janti yo, ak Juif yo, pou chak moun tande l nan lang pa li; 12–18, Joseph Smith ak konseye l yo dwe tabli Legliz la avèk lòd; 19–37, Senyè a konseye plizyè endividi pou yo mache dwat epi pou yo sèvi nan wayòm Li a.

1 Men sa Senyè a di, an verite, an verite m di nou, pitit gason m nan, peche nou yo padone, daprè demand nou, paske priyè nou yo ak priyè frè nou yo monte nan zòrèy mwen.

2 Se poutèt sa, nou beni depi kounyeya, ou menm m te bay kle wayòm nan; wayòm sa a k ap vini pou dènye fwa a.

3 An verite, m di ou, m p ap janm pran kle wayòm yo nan men ou, pandan ou nan mond lan, ni nan mond k ap vini an;

4 Sepandan, palantremiz oumenm, m ap bay yon lòt moun mesaj yo, wi, legliz la menm.

5 Epi tout moun ki gen otorite Bondye a, se pou yo fè atansyon kòman y ap kenbe l pou yo pa konsidere l kòm yon bagay ki lejè, epi pou yo pa tonbe anba kondanasyon pou sa, epi pou yo pa kilbite epi tonbe lè move tan an desann, epi van yo soufle, epi lapli a tonbe, epi l frape kay yo.

6 Epi ankò, an verite m di frè ou yo, Sidney Rigdon ak Frederick G. Williams, peche yo padone tou, epi m konsidere yo egal avèk ou nan kenbe kle dènye wayòm sa a;

7 Menm jan tou pa mwayen administrasyon ou, kle lekòl pwofèt yo, m te kòmande pou òganize a;

8 Pou yo kapab pèfeksyone nan ministè yo pou sali Siyon, ak nasyon Izrayèl yo, ak Janti yo, tout moun ki kwè;

9 Pou, pa mwayen administrasyon ou, yo kapab resevwa pawòl la, epi pa mwayen administrasyon pa yo pou pawòl la kapab ale nan tout kwen tè a, pou ale jwenn Janti yo premyeman, epi apre sa, gade pou yo retounen kote Juif yo.

10 Epi apre sa, jou a pral vini pou ponyèt Senyè a revele avèk pouvwa pou konvenk nasyon yo, nasyon ate yo, kay Joseph la, konsènan levanjil sali yo a.

11 Paske se pral konsa, nan jou sa a, chak moun pral tande plenitid levanjil la nan lang pa li, epi nan langaj pa li, pa mwayen moun ki òdone nan pouvwa sa a, avèk administrasyon Konsolatè a, ki te devèse sou yo pou revelasyon Jezikri a.

12 Epi kounyeya, an verite, m ba ou yon kòmandman pou ou kontinye nan ministè a ak prezidans la.

13 Epi lè ou fini tradiksyon pwofèt yo, apati lè sa a, ou dwe prezide sou zafè legliz la ak lekòl la;

14 Epi tanzantan, jan Konsolatè a pral manifeste, resevwa revelasyon pou devwale mistè yo ki nan wayòm nan;

15 Epi mete legliz yo nan lòd, etidye epi aprann, epi familyarize ou avèk an verite liv, avèk langaj, lang, ak pèp.

16 Epi se travay ou ak misyon ou nan tout lavi ou, pou ou prezide nan konsèy, epi pou ou mete tout zafè legliz sa a ak wayòm sa a nan lòd.

17 Pa wont, ni tou pa nan konfizyon; men, reprimande tèt ou nan tout tèt di ak lògèy, paske sa mete pyèj pou nanm ou.

18 Mete lòd nan kay ou; voye parès ak malpwòprete lwen ou.

19 Kounyeya, an verite m di ou, se pou yon plas tabli, sito posib, pou fanmi konseye w la ak sekretè w la, Frederick G. Williams menm.

20 Epi kite sèvitè m nan ki aje a, Joseph Smith, papa a, kontinye avèk fanmi li nan plas l ap viv la; epi se pou l pa vann li jistan bouch Senyè a pale.

21 Epi kite konseye m nan, Sidney Rigdon, rete kote li rezide kounyeya jistan bouch Senyè a pale.

22 Epi se pou evèk la chèche avèk dilijans pou l jwenn yon ajan, epi ajan an dwe yon moun ki gen richès nan magazen—yon moun Bondye, ki gen anpil lafwa—

23 Pou l kapab dechaje l avèk tout dèt; pou magazen Senyè a kapab pa tonbe nan move repitasyon devan je pèp la.

24 Chèche avèk dilijans, priye tout tan, epi kwè, epi tout bagay ap travay ansanm pou byen nou, si nou mache dwat epi si nou sonje alyans nou te fè youn avèk lòt la.

25 Se pou fanmi ou piti, espesyalman sèvitè m nan ki aje a, Joseph Smith, papa a, konsènan moun ki pa manm fanmi ou yo.

26 Pou yo pa wete nan men ou bagay ou te resevwa pou reyalize travay mwen an, pou bay moun ki pa diy—

27 Epi pou ou pa gen anpechman pou akonpli bagay m te kòmande yo.

28 Epi ankò, an verite m di ou, se volonte m pou sèvant mwen an, Vienna Jacques ta resevwa lajan pou sipòte depans li yo, epi pou l monte nan peyi Siyon an;

29 Epi rès lajan an kapab konsakre pou mwen, epi Vienna ap rekonpanse nan pwòp tan pa m.

30 An verite m di ou, li agreyab devan je mwen pou l monte nan peyi Siyon an, epi pou l resevwa yon eritaj nan men evèk la;

31 Pou l kapab tabli nan lapè toutotan li fidèl, epi pou li pa parese nan lavi li depi kounyeya.

32 Epi gade, an verite m di ou, ou dwe ekri kòmandman sa a, epi di frè ou yo ki nan Siyon, avèk salitasyon janti, m te aple tou pou ou prezide sou Siyon nan pwòp tan pa mwen.

33 Se poutèt sa, se pou yo sispann nwi m konsènan sijè sa a.

34 Gade, m di ou, frè ou yo ki nan Siyon yo kòmanse repanti, epi zanj yo rejwi poutèt yo.

35 Sepandan, m pa kontan avèk anpil bagay; epi m pa kontan avèk sèvitè m nan William E. McLellin, ni avèk sèvitè m nan Sidney Gilbert; ak evèk la tou, epi lòt moun tou gen anpil bagay pou yo repanti.

36 Men an verite m di ou, mwen menm Senyè a, m ap lite kont Siyon, epi m ap plede avèk moun fò li yo, epi m ap chatye l jistan l ranpòte viktwa epi l vin pwòp devan mwen.

37 Paske yo p ap deplase l nan plas li a. Mwen menm Senyè a, m di sa. Amèn.