Èd pou Etid
TJS, Travay 22


TJS, Travay 22:29–30. Konpare avèk Travay 22:29–30

Kòmandan anchèf la delivre Pòl anba kòd li yo.

29 Lamenm, moun ki ta pral bat li pou fè l pale yo te retire kò yo, epi kòmandan an te pè tou lè l te vin aprann ke li te yon sitwayen Women, paske li te mare li, epi li te demare l anba kòd li yo.

30 Nan demen, paske l te vin konnen egzakteman kisa Juif yo t ap akize Pòl, li te kòmande chèf prèt yo ak tout gran konsèy yo pou yo parèt, epi l te mennen Pòl vini, epi l te mete l devan yo.