Èd pou Etid
TJS, Egzòd 34


TJS, Egzòd 34:1–2, 14. Konpare avèk Egzòd 34:1–2, 14; D&A 84:21–26

Bondye ekri lwa a ankò sou tablèt an wòch Moyiz te prepare men li retire Prètriz Mèlkisedèk la ak òdonans li yo nan mitan pitit Izrayèl yo. Li ba yo lalwa kòmandman nan lachè yo olyesa.

1 Epi mwen menm Senyè a, m te di Moyiz konsa, fabrike de lòt tablèt an wòch tankou premye yo epi m ap ekri pawòl lalwa yo sou yo tou, jan yo te ekri premye fwa a sou tablèt ou te kraze yo; men, se p ap menm bagay avèk premye yo, paske m ap retire prètriz la nan pami yo; se poutèt sa, lòd sen mwen an, ak òdonans ki ladan yo pa prale devan yo; paske prezans mwen p ap monte nan pami yo pou m pa detwi yo.

2 Men m ap ba yo lalwa a menm jan m te fè anvan an, men, se pral daprè lalwa yon kòmandman chanèl; paske m te sèmante nan kòlè mwen pou yo pa antre nan prezans mwen, nan repo mwen an, nan jou pèlerinaj yo. Se poutèt sa, fè jan m kòmande w la, epi prepare w demen maten, epi monte sou mòn Sinayi nan maten, epi prezante w nan kote sa a devan mwen, sou tèt mòn nan.

Jewova se youn nan non pèp Ansyen Testaman an konnen Senyè Jezikri genyen.

14 Paske w pa dwe adore okenn lòt bondye; paske Senyè a ki rele Jewova a se yon Bondye ki jalou.