Èd pou Etid
TJS, Egzòd 4


TJS, Egzòd 4:21. Konpare avèk Egzòd 4:21; 7:3, 13; 9:12; 10:1, 20, 27; 11:10; 14:4, 8, 17; Detewonòm 2:30

Senyè a pa responsab pou kè di Farawon. Gade tou nan TJS, Egzòd 7:3, 13; 9:12; 10:1, 20, 27; 11:10; 14:4, 8, 17; chak referans, lè yo tradui kòrèkteman, yo montre Farawon te fè pwòp kè pa l di.

21 Epi Senyè a te di Moyiz konsa, Lè w retounen pou w ale an Ejip, pa manke fè tout mèvèy sa yo devan Farawon, limenm m te mete nan men w la, epi m ap fè w pwospere; men Farawon pral fè kè di, epi li p ap kite pèp la ale.

TJS, Egzòd 4:24–27. Konpare avèk Egzòd 4:24–27

Lè Senyè a menase pou l touye Moyiz paske l pa sikonsi pitit gason l lan, Sefora sove lavi l, li akonpli òdonans la limenm. Moyiz konfese peche l la.

24 Epi sete konsa, Senyè a te parèt devan li pandan l te sou wout, bò lotèl la. Senyè a te fache kont Moyiz, epi li ta pral mete men sou li, pou touye l; paske li pa t sikonsi pitit gason l lan.

25 Lè sa a Sefora pran yon moso wòch byen file epi li sikonsi pitit gason l lan, epi li voye wòch la jete nan pye l, epi l di, asireman, ou se yon mari san pou mwen.

26 Epi, Senyè a epaye Moyiz epi l kite l ale, paske Sefora, madanm li, te sikonsi timoun nan. Epi li di, Se yon mari san w ye pou mwen. Epi Moyiz te wont, epi li te kache fas li pou Senyè a, epi l di, Mwen peche devan Senyè a.

27 Epi Senyè a di Aawon, Ale nan dezè a pou w rankontre Moyiz, epi li ale epi l rankontre li, sou mòn Bondye a; nan mòn kote Bondye te parèt devan l lan; epi Aawon anbrase li.