Èd pou Etid
TJS, Ezayi 29


TJS, Ezayi 29:1–8. Konpare avèk Ezayi 29:1–8

Mesaj ansyen pwofèt yo te preche nan Jerizalèm yo pral preche nan dènye jou yo nan Liv Mòmon an, ki te soti “nan tè a.”

1 Malè pou Aryèl, lavil kote David te rete a! ajoute ane sou ane; kite yo touye sakrifis yo.

2 Men m ap frape Aryèl, epi ap gen chagren ak doulè; paske se konsa Senyè a di mwen, Se sa k pral rive Aryèl;

3 Mwen menm Senyè a m ap kanpe kont li toupatou, epi m ap mete barikad kont li, epi m ap bati fò kont li.

4 Epi l ap rabese, epi l ap pale soti nan tè a; epi vwa li se pral tankou yon vwa ki gen yon espri familye, ki soti nan tè a, epi k ap mimire pawòl li k soti nan tè a.

5 Epi pakèt etranje l yo ap tankou pousyè, epi bann gèrye l yo se ap tankou yon boul ki pase; wi, sa ap fèt nan yon moman, toudenkou.

6 Paske Senyè Lame a pral vizite yo avèk loraj, epi ak tranblemandtè, epi ak gwo bri, ak siklòn ak tanpèt, epi ak flanm dife devoran.

7 Epi tout bann nasyon k ap goumen kont Aryèl yo, menm tout sa k ap goumen kont limenm ak minisyon l yo, epi k ap frape l, y ap tankou yon rèv nan yon vizyon lannuit.

8 Wi, y ap tankou yon moun grangou k ap fè rèv, epi gade, li manje, men li reveye epi nanm ni vid; oubyen tankou yon moun ki swaf k ap reve, epi gade, li bwè, men li reveye, epi gade, li fatige, epi nanm ni grangou. Wi, se konsa l pral ye pou tout bann nasyon k ap konbat kont mòn Siyon yo.