Èd pou Etid
TJS, Jak 2


TJS, Jak 2:1. Konpare avèk Jak 2:1

Manm yo pa dwe konsidere yon moun plis pase yon lòt.

1 Frè m yo, nou pa kapab gen lafwa Senyè a Jezikri nou an, laglwa Senyè a, epi malgre sa pou nou fè eksepsyon nan pami moun.

TJS, Jak 2:14–21. Konpare avèk Jak 2:14–22

Lafwa san zèv se yon lafwa ki mouri epi li pa ka sove moun.

14 Ki pwofi ki genyen, frè m yo, pou yon moun k ap di li gen lafwa, men ki pa fè zèv lafwa yo? Èske lafwa ka sove li?

15 Wi, yon moun ka di, M pral montre w m gen lafwa san zèv lafwa yo; men, m ap di, Montre m lafwa w san zèv yo, epi m ap montre w lafwa pa m atravè zèv mwen.

16 Paske si yon frè oubyen yon sè toutouni ak pòv, epi youn nan nou di, Ale anpè, chofe kò w epi plen vant ou; san li pa ba l sa ki nesesè pou kò a; ki pwofi lafwa w la pote pou moun sa a?

17 Se konsa sa ye pou lafwa, si l pa pwodui bon zèv, li initil, paske l poukont li.

18 Se poutèt sa, èske w konnen, O lòm initil, ke lafwa san zèv se yon lafwa initil epi li pa ka sove ou?

19 Ou kwè gen yon sèl Bondye; ou fè byen; demon yo kwè sa tou, epi yo tranble; ou fè menmjan avèk yo, epi w pa jistifye.

20 Èske Abraram, papa nou, pa t jistifye pa zèv li, lè l te ofri Izarak, pitit gason l lan, sou lotèl la?

21 Èske w wè kijan lafwa te aji nan zèv li yo, epi gras ak zèv yo lafwa l te vin pafè?