Èd pou Etid
TJS, Sòm 11


TJS, Sòm 11:1–5. Konpare avèk Sòm 11:1–5

Nan dènye jou yo jis yo ap kouri al nan montay Senyè a. Lè Senyè a vini, l ap detwi mechan yo epi rachte jis yo.

1 Nan jou sa a, wa vini, O Senyè; epi m ap mete konfyans mwen nan ou. Ou va di pèp ou a, zòrèy mwen te tande vwa ou; ou va di chak moun, Kouri al nan montay mwen an; epi jis yo va kouri tankou yon zwazo k ap kouri pou pyèj chasè a.

2 Paske mechan yo pare fistibal yo; y ap vize ak flèch yo, pou yo ka tire nan fènwa sou moun k ap mache dwat yo, pou detwi fondasyon yo.

3 Men fondasyon mechan yo pral detwi, epi kisa yo ka fè?

4 Paske Senyè a, lè l ap vin nan tanp sakre l la, l ap chita sou twòn Bondye ki nan syèl la, je l ap pèse mechan yo.

5 Gade, je l va transpèse pitit lèzòm yo, epi li va rachte jis yo, epi li va teste yo. Senyè a renmen moun ki jis, men mechan yo, ak moun ki renmen vyolans, nanm li rayi yo.