Èd pou Etid
TJS, Sòm 14


TJS, Sòm 14:1–7. Konpare avèk Sòm 14:1–7

Salmis la wè verite a pèdi nan dènye jou yo epi l ap tann etablisman Siyon.

1 Ensanse a di konsa nan kè l, pa gen okenn moun ki te wè Bondye. Paske li pa t fè nou wè l, poutèt sa pa gen Bondye. Reyèlman, yo kowonpi; yo fè zèv abominab, epi pa gen youn ladan yo ki fè byen.

2 Paske Senyè a depi nan syèl la gade pitit lèzòm yo anba a, epi avèk vwa pa l li di sèvitè li a konsa, chèche nan pami pitit lèzòm yo, pou w wè si gen okenn ki konprann Bondye. Epi li te louvri bouch li devan Senyè a, epi l te di konsa, fè atansyon a tout sa yo ki di se ladan moun pa w yo ye.

3 Senyè a te reponn, epi l te di konsa, Yo tout ale lwen, yo tout ansanm vin sal, ou kapab wè pa gen okenn nan yo k ap fè byen, non, pa menm youn ladan yo.

4 Sèlman sa yo genyen kòm enstriktè, se moun k ap pratike inikite, epi pa gen konesans nan yo. Se yo menm k ap manje pèp mwen an. Yo manje pen epi yo pa priye Senyè a.

5 Y ap viv ak gwo kè sote, paske Bondye rete nan pami jenerasyon ki jis yo. Li se konsèy pou pòv yo, paske yo wont devan mechan yo, epi yo kouri al jwenn Senyè a kòm refij yo.

6 Yo wont devan konsèy pòv la, paske Senyè a se refij li.

7 O, si Siyon pa t tabli nan syèl la, sali Izrayèl la. O, Senyè ki lè w ap tabli Siyon? Lè Senyè a mennen pèp li a ki nan kaptivite a retounen, Jakòb pral rejwi, Izrayèl pral kontan.