Konsènan Dotasyon Tanp lan

Kado Pèsonèl ou ki soti nan Bondye

Prezidan Russell M. Nelson te fè nou sonje ke “chak aktivite, chak leson, tout sa nou fè nan legliz la, dirije nou sou Senyè a ak sou kay sakre L la. Efò nou pou nou pwoklame levanjil la, pèfèksyone Sen yo, ak rachte mò yo, tout mennen nan tanp lan. Chak tanp sakre kanpe kòm yon senbòl apatenans nou nan Legliz la, kòm yon siy sou lafwa nou nan lavi apre lanmò, epi kòm yon etap sakre nan direksyon laglwa etènèl pou noumenm ak pou fanmi nou” (“Preparasyon Pèsonèl pou Benediksyon Tanp yo,” Ensign, Me 2001, 32; Liahona, Jiyè 2001, 37).

Se sèlman nan tanp lan nou kapab fè alyans sakre ki gen ladan yo pwomès lavi etènèl nan wayòm Senyè a, ki se "pi gwo nan tout kado Senyè a" (Doktrin ak Alyans 14:7). Òdonans ak alyans nan tanp yo te toujou fè pati levanjil Jezikri a. Yo ranfòse yon relasyon divin epi yo ede nou konsantre sou Sovè a, sou Ekspiyasyon L lan, ak sou angajman nou pou suiv Li.

Resevwa dotasyon tanp ou se yon eksperyans ki trè pèsonèl. Lè w prepare pou li l ap pèmèt ou konprann sans li pi byen. Gen anpil manm Legliz la ki resevwa dotasyon yo anvan yon misyon oswa anvan maryaj. Gen lòt moun ki senpleman gen yon gwo dezi pou avanse sou chemen alyans lan. Evèk ak prezidan branch yo ta dwe ankouraje epi konseye manm adilt ki ta swete resevwa dotasyon yo. Li enpòtan pou nou konnen ke dotasyon an se plis pase annik pran yon lòt etap; li se yon pati gloriye ak esansyèl nan vwayaj etènèl nou an.

Yon dotastyon se literalman yon “kado.” Nan kontèks sa a, dotasyon tanp lan se yon kado sakre ki gen benediksyon sakre ke Bondye bay nou chak. Nou kapab resevwa dotasyon an nan fason pa Li ak nan tanp sakre L la. Kèk nan kado ou resevwa atravè dotasyon tanp lan gen ladan yo:

  1. Pi gwo konesans sou objektif ak ansèyman Senyè a.

  2. Pouvwa pou fè tout sa Senyè a vle pou nou fè.

  3. Gidans ak pwoteksyon diven pandan n ap sèvi Senyè a, fanmi nou, ak lòt moun.

  4. Ogmantasyon esperans, rekonfò, ak lapè.

  5. Benediksyon Li pwomèt nou kounye a ak pou tout tan.

Manm Legliz ki gen pi piti pase 18 lane yo, (epi ki pa nan lise oswa nan lekòl segondè ankò) kapab resevwa dotasyon yo si yo fidèl epi si yo pare. Paske òdonans ak alyans tanp yo sakre epi yo gen yon enpòtans etènèl, Senyè a etabli prensip pou moun ki vle resevwa yo. Manm yo dwe kapab konprann tou devwa solanèl yo aksepte pandan y ap fè alyans avèk Bondye yo.

Preparasyon w pou w resevwa dotasyon an ap mande pou w suiv ansèyman Jezikri yo epi efòse w pou w kenbe alyans ou te fè nan dlo batèm yo. Ou renouvle alyans ou yo chak fwa w patisipe nan sentsèn nan. Ou pral gen opòtinite pou w rankontre avèk evèk ou epi apresa avèk prezidan pieu ou pou yon entèvyou pou rekòmandasyon tanp. Yo pral pale avèk ou sou kondisyon pou rantre nan kay Senyè a pandan entèvyou a. Yo pral poze w kesyon ki pral pèmèt ou pataje temwanyaj sou levanjil Jezikri a, sou pwofèt vivan L yo, ak sou Legliz retabli a. Repons ou yo ap konfime ke w ap fè efò pou w kenbe kòmandman Bondye yo ak pou w suiv Jezikri. Apresa, prezidan pieu a ap kapab ba ou yon rekòmandasyon tanp ki pral pèmèt ou rantre nan tanp lan epi resevwa dotasyon ou.

Yon Apèsi sou Dotasyon an

Lè w fenk vin manm Legliz la, ou resevwa de (2) òdonans—batèm ak konfimasyon. Menmjan an tou, nou resevwa dotasyon tanp lan an de pati.

Nan premye pati a, nan yon fason prive ak endividyèl, w ap resevwa sa yo rele òdonans inisyasyon an. Òdonans sa a gen ladan l benediksyon espesyal konsènan eritaj ak potansyèl diven ou. Kòm yon pati nan òdonans sa yo, y ap otorize w tou pou w mete gaman sakre tanp lan, epi y ap ba ou enstriksyon sou fason pou w mete l pandan tout lavi w.

Nan dezyèm pati a, w ap resevwa rès dotasyon w lan nan yon espas an gwoup. Sa fèt nan yon sal enstriksyon avèk lòt moun ki ap patisipe nan tanp lan. Gen kèk pati nan dotasyon an ki fèt ke yo prezante w atravè videyo epi gen kèk lòt se ofisyan tanp yo ki prezante yo. Pandan òdonans lan, yo prezante evènman ki fè pati plan sali a. Yo gen ladan yo Kreyasyon mond lan, Chit Adan ak Èv la, Ekspyasyon Jezikri a, Apostazi a, ak Retablisman an. W ap aprann tou sou fason tout moun kapab retounen nan prezans Senyè a.

Tanp Gilbert Arizona, Sal Dotasyon

Pandan òdonans dotasyon an, yo pral envite w pou w fè kèk alyans avèk Bondye. Alyans sa yo se:

  • Lwa Obeyisans lan, ki mande pou w fè efò pou w kenbe kòmandman Bondye yo.

  • Lwa Sakrifis la, ki vle di fè tout sa w kapab pou sipòte travay Senyè a epi repanti avèk yon kè brize ak yon lespri kontri.

  • Lwa Levanjil la, ki lwa ki pi wo a ke L te ansenye pandan Li te sou tè a.

  • Lwa Chastete a, ki vle di ke nou dwe gen relasyon seksyèl sèlman avèk moun nou legalman marye selon lalwa Bondye a.

  • Lwa Konsekrasyon an, ki vle di ke nou konsakre tan nou, talan nou, ak tout bagay Senyè a ba nou kòm benediksyon pou nou bati Legliz Jezikri a sou tè a.

Tout alyans avèk Bondye yo, Li ba nou yo pou yo lye nou ansanm. Lè w kenbe alyans ou yo epi w repanti pou enpèfeksyon w yo, relasyon w avèk li ranfòse epi Li ap beni w pi plis. Relasyon w avèk Sovè a vin pi pwòch tou epi li gen plis sans. Moun ki kenbe alyans yo jwenn pi gwo aksè a pouvwa Bondye epi yo jwenn lanmou, lapè, konfò ak lajwa dirab. Bondye pwomèt ke moun ki kenbe alyans yo ap gen posibiblite pou yo retounen al viv avèk Li pou tout tan.

Prezidan M. Nelson eksplike ke “Fè yon alyans avèk Bondye ap chanje relasyon nou genyen avèk Li pou tout tan. Li beni nou avèk yon mezi lanmou ak mizerikòd anplis. Li afekte moun nou ye a ak fason Bondye ap ede nou vin tounen sa nou kapab tounen an.” Akoz bonte Bondye genyen pou moun ki fè alyans avèk Li yo, “L ap renmen yo. L ap kontinye travay avèk yo epi ofri yo opòtinite pou yo chanje. L ap padone yo lè yo repanti. Epi si yo pèdi wout yo, L ap ede yo jwenn wout pou yo retounen vin jwenn Li ” (“Alyans Etènèl,” Liahona, Oktòb 2022).

Nan fen dotasyon an, patisipan yo retounen senbolikman nan prezans Senyè a pandan yo rantre nan sal selès la. Nan sal sa a, ou kapab pran tan pou w medite, priye, li ekriti yo, oubyen trankilman pataje panse w avèk fanmi ak zanmi ou. Li se yon lye lapè, kote ou kapab jwenn rekonfò ak direksyon divin tou.

Nou ankouraje tout moun k ap patisipe nan seremoni dotasyon yo pou yo pote atansyon a sa y ap anseye yo a. W ap fè yon pi bon eksperyans lè w ale avèk entansyon pou Sentespri a anseye ou. Pa enkyete w si w pa sonje oswa konprann tout bagay premye fwa a. Ouvriye tanp yo ap toujou la pou ede w ak asiste w. Se pa yon tès, men se yon chans pou w santi pi pwòch Papa nou ki nan Syèl la avèk Jezikri. Konsantre w sou lajwa w pou w nan kay Senyè a ak enpresyon espirityèl ou resevwa yo.

Tanp Fort Lauderdale la nan Florid, Sal Dotasyon

Vin pi pre Senyè a

Dotasyon tanp lan se yon etap ki nesesè pou sali ak pou nou retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la. Se yon moman pou nou vin pi pre Jezikri tou— pou nou konnen L pi byen epi suiv egzanp Li. Se sèten ke, tout benediksyon yo pwomèt nou nan dotasyon an depann de fidelite nou.

Lè w fin resevwa dotasyon w lan, retounen nan tanp lan osi souvan ke w kapab. Lè w fè sa, ou kapab patisipe nan òdonans inisyasyon ak dotasyon pou zansèt ou yo ak lòt moun ki mouri. Menmjan avèk lòt òdonans ki fèt nan tanp yo, moun ki mouri yo okouran de sèvis ou a epi yo kapab chwazi si y ap aksepte, oubyen pa aksepte sa w fè pou yo a.

Patisipasyon w lan ap ba w chans tou pou w tande benediksyon yo, enstriksyon yo, ak alyans yo ankò. Pandan w ap patisipe nan tanp lan, w ap remake plis fason dotasyon an gen rapò avèk plan sali a epi beni lavi ou. Sa w konnen ak sa w santi yo ap vin pi klè epi plis presye pandan tan ap pase. Pandan w ap vizite a, w ap santi lanmou Bondye epi w ap sonje sa ki pi enpòtan.