Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 38


Seksyon 38

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Fayette, New York, 2 Janvye 1831. Se te nan okazyon yon konferans Legliz la.

1–6, Kris la te kreye tout bagay; 7–8, Li nan mitan Sen Li yo, ki pral wè L pwochènman; 9–12, Tout kò fizik kòwonpi devan L; 13–22, Li te rezève yon tè pwomiz pou Sen Li yo nan tan sa a epi nan letènite; 23–27, Sen yo resevwa kòmandman pou yo tounen yon sèl epi pou youn konsidere lòt kòm frè; 28–29, Yo predi lagè; 30–33, Sen yo dwe resevwa pouvwa ki soti anlè epi pou y ale pami tout nasyon yo; 34–42, Legliz la resevwa kòmandman pou yo pran swen pòv yo ak moun ki nan bezwen yo epi pou yo chèche richès letènite yo.

1 Konsa Senyè Bondye a te di, Jezikri a menm, Gran aMwen Menm nan, Alfa a ak Omega a, bkòmansman ak finisman an sila a menm ki te voye je son gwo espas letènite a, ak tout clame serafen yo ki nan syèl la, danvan mond lan te efèt;

2 Sila a menm ki te akonnen tout bagay, paske btout bagay prezan devan je m;

3 Mwen menm sila a ki te pale, epi mond lan te afèt la, epi tout bagay te vini pa mwayen mwen menm.

4 Mwen menm sila a ki te pran aSiyon Enòk la andedan pwatrin mwen an; epi anverite, m di, menm tout moun ki te bkwè nan non mwen, paske m se Kris la, epi nan non pa mwen, pou csan mwen m te koule a, m te plede devan Papa a pou yo.

5 Men gade, rès moun amechan yo, m te kenbe yo nan bchenn tenèb jouk nan gran jou cjijman an, jou sa a ki pral vini nan finisman tè a;

6 Epi se konsa m pral fè kenbe mechan yo ki pa vle tande vwa m yo, men ki fè kè yo di, epi tèrib, tèrib, tèrib, kondanasyon yo ye.

7 Men gade, an verite, anverite, m di nou aje m sou nou. Epi, m nan bmitan nou e nou pa kapab wè m;

8 Men jou a ap vini talèkonsa pou nou kapab a m, epi n ap konnen m egziste; paske vwal tenèb la pral dechire talèkonsa, epi yon moun ki pa bpirifye, li p ap kapab csipòte jou a.

9 Se poutèt sa, mare senti nou epi pare nou. Gade, awayòm nan se pou nou, epi ènmi an p ap gen viktwa.

10 An verite, m di nou, nou apwòp, men se pa tout moun; epi pa gen okenn lòt moun ki fè m bplezi;

11 Paske tout a fizik kòwonpi devan m; epi pouvwa btenèb yo ap gouvènen tè a, pami pitit lèzòm, nan prezans tout lame syèl la—

12 Ki lakòz silans reye, epi tout letènite gen alapenn, epi bzanj yo ap rete tann gwo kòmandman an pou crekòlte tè a, pou yo rasanble dpay yo pou yo kapab eboule yo; epi, gade, ènmi an mete ansanm.

13 Epi kounyeya, m ap montre nou yon mistè, yon bagay ki sere nan chanm sekrè yo, pou fasilite adestriksyon nou nan tan k ap vini an, epi nou pa t konn sa;

14 Men kounyeya, m ap di nou li, epi nou beni, pa poutèt inikite nou yo, ni tou poutèt kè enkredil nou yo; paske an verite, gen kèk moun pami nou ki antò devan mwen, men m ap gen mizèrikòd pou feblès nou an.

15 Se poutèt sa, nou dwe a depi kounyeya; pa b, paske wayòm nan se pou nou.

16 Epi pou nou kapab sove, m ap ba nou yon kòmandman, paske m te tande priyè nou yo, epi moun apòv yo te pote m plent, epi m te fè moun brich yo, epi tout kò fizik se pa m epi m pa fè okenn ceksepsyon.

17 Epi m te fè tè a rich, epi gade li se amachpye m, se poutèt sa, m pral kanpe sou li ankò.

18 Epi m genyen epi m dispoze ba nou pi gwo richès pase sa, menm yon tè pwomiz, yon tè ki chaje avèk lèt ak siwo myèl, sou tè sa a p ap gen malediksyon ankò lè Senyè a vini;

19 Epi m pral ba nou l kòm tè eritaj nou an, si nou chèche l avèk tout kè nou.

20 Epi se pral alyans mwen avèk nou, n ap jwenn li kòm tè eritaj nou, ak aeritaj pou pitit nou yo pou toutan, pandan tè a pral kanpe, epi nou pral posede l ankò nan letènite, pou l pa janm pase.

21 Men an verite, m di nou, pandan tan an, nou p ap gen ni wa ni dirijan, paske se mwen k ap awa nou epi m ap voye je sou nou.

22 Se poutèt sa, tande vwa m epi asuiv mwen, epi n ap yon pèp blib, epi nou p ap gen okenn lalwa eksepte lalwa m yo lè m vini, paske m se clejislatè nou, kiyès ki kapab rete men mwen?

23 Men, an verite, m di nou, aansenye youn lòt daprè ofis m te chwazi pou nou an;

24 Epi se pou chak moun akonsidere frè l tankou tèt pa l, epi pou l pratike bvèti ak csentete devan m.

25 Epi ankò m di nou konsa, se pou chak moun konsidere frè l tankou tèt pa l.

26 Paske kiyès pami nou ki gen douz pitit gason, ki pa fè eksepsyon pami yo, epi yo sèvi l avèk obeyisans, epi li di youn konsa: Abiye ou avèk wòb epi chita la; epi li di lòt la: Abiye ou avèk ranyon epi chita lòt bò a—epi ki gade pitit gason li yo epi ki di, m se yon moun ki jis?

27 Gade, m ba nou bagay sa a kòm yon parabòl, epi se konsa m ye menm. M di nou, nou dwe fè ayoun; epi si nou pa fè youn nou pa moun mwen.

28 Epi ankò, m di nou, ènmi an ap fè konplo nan chanm sekrè pou pran alavi nou.

29 Nou tande alagè nan peyi lwen yo, epi nou di talè pral gen gwo lagè nan peyi lwen yo, men nou pa konnen kè lèzòm ki nan pwòp peyi nou an.

30 M di nou bagay sa yo poutèt priyè nou yo; se poutèt sa, fè arezèv blasajès anndan pwatrin nou pou mechanste lèzòm pa revele nou bagay sa yo pa mwayen mechanste yo, nan yon fason ki pral pale nan zòrèy nou avèk yon vwa pi fò pase sa ki pral souke tè a; men si nou prepare, nou p ap pè.

31 Epi pou nou kapab chape anba pouvwa ènmi an, epi pou nou rasanble yon pèp ki jis pou mwen, san atach ak repwòch—

32 Se poutèt sa, se pou rezon sa a m te ba nou kòmandman pou nou ale aOhio; epi se la m ap ba nou blalwa mwen an; epi se la nou pral cdote avèk pouvwa ki soti anlè a;

33 Epi depi kounyeya, nenpòt moun m vle voye, yo dwe aale pami tout nasyon yo, epi m ap di yo sa yo dwe fè; paske m gen yon gran travay ki rezève, paske Izrayèl pral bsove, epi m ap mennen yo nenpòt kote m vle, epi okenn pouvwa p ap kapab crete men m.

34 Epi kounyeya, m ap bay legliz ki nan kote sa yo yon kòmandman, pou kèk gason pami yo resevwa apèl, epi se avwa legliz la ki pou aple yo;

35 Epi yo dwe voye je sou pòv yo ak moun ki nan bezwen yo, epi travay pou abyennèt yo pou yo pa soufri; epi voye yo nan kote m te kòmande yo a;

36 Epi se travay yo sa, pou yo gouvène zafè byen legliz sa a.

37 Epi moun ki gen tè jaden ki pa kapab vann, se pou yo kite yo oubyen lwe yo daprè jan yo vle.

38 Wè si tout bagay ta prezève, epi lè gason yo adòte avèk pouvwa ki soti anlè a epi m voye yo, tout bagay sa yo pral rasanble andedan legliz la;

39 Epi si nou chèche arichès Papa a vle ba nou yo, n ap pi rich pase tout lòt pèp, paske n ap gen richès letènite yo; epi brichès yo ki sou tè a se pou mwen yo ye epi se mwen ki pou bay yo; men fè atansyon avèk clògèy, pou nou pa tounen tankou dNefit lontan yo.

40 Epi m di nou ankò, m ap ba nou yon kòmandman, pou chak gason ke li se ansyen, prèt ak enstriktè, ak manm ale avèk pisans li, avèk travay amen li pou prepare epi pou akonpli bagay m te kòmande yo.

41 Epi se pou apredikasyon nou yo sèvi kòm yon vwa bavètisman, chak moun pou pwochen li, nan jantiyès epi dousè.

42 Epi asoti pami mechan yo. Sove tèt nou. Nou dwe pwòp noumenm k ap pote vèsèl Senyè a. Se sa menm. Amèn.