Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 91


Seksyon 91

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Kirtland, Ohio, 9 Mas 1833. Nan epòk sa a, Pwofèt la te angaje nan tradiksyon Ansyen Testaman an. Li te rive nan ansyen ekriti ki rele Apokrif la, li te mande Senyè a epi l te resevwa enstriksyon sa a.

1–3, Apokrif la prèske toutafè byen tradui, men li gen anpil esplikasyon ki soti nan men lèzòm ki pa verite; 4–6, Li profitab pou moun Lespri a klere.

1 An verite, Senyè a di ou konsènan aApokrif la—gen anpil bagay ladan l ki se verite, epi anpil ladan l byen tradui;

2 Gen anpil bagay ladan l ki pa verite, ki se entèpretasyon lèzòm fè.

3 An verite, m di ou, se pa nesesè pou Apokrif la tradui.

4 Se poutèt sa, nenpòt moun ki li l, li dwe akonprann, paske Lespri a manifeste verite;

5 Epi nenpòt moun aLespri a klere ap jwenn benefis ladan l;

6 Epi yon moun ki pa resevwa nan men Lespri a pa kapab benefisye. Se poutèt sa, se pa nesesè pou l tradui. Amèn.