Ekriti yo
Abraram 2


Chapit 2

Abraram kite Our pou l ale nan Kanaran—Jewova parèt devan l nan Aran—Li resevwa pwomès tout benediksyon levanjil la pou desandan l yo epi pou tout moun pa mwayen desandan l yo—L ale nan Kanaran epi l kontinye pou Ejip.

1 Kounyeya, Senyè Bondye a tèlman lakòz famin nan devlope rèd nan peyi Our la, aAran, frè m nan te mouri; men, bTerak, papa m, te toujou viv nan peyi Our la, ki nan kalde.

2 Epi se te konsa, mwen menm Abraram, m te marye avèk aSarayi, epi bNahor, frè m nan te marye avèk Milka, ki te pitit fi Aran.

3 Kounyeya, Senyè a te adi m: Abraram, wete kò ou nan peyi w la, ak nan pami fanmi w, ak lakay papa w, pou w ale nan peyi m pral montre w la.

4 Se poutèt sa, m te kite peyi aOur ki nan Kalde a, pou m ale nan peyi Kanaran an; Epi m te pran Lo, pitit gason frè m nan mennen avèk mwen, ak madanm li, ak Sarayi, madanm mwen; epi tou bpapa m te vini apre m nan peyi nou te rele Aran an.

5 Epi famin nan te bese; epi papa m te rete nan Aran epi l te abite la, kòm te gen anpil twoupo bèt nan Aran; epi papa m te retounen ankò nan aidolatri li a, se poutèt sa li te kontinye nan Aran.

6 Men, mwen menm, Abraram, ak aLo, pitit gason frè m nan, nou te priye Senyè a, epi Senyè a te bparèt devan m, epi l te di m konsa: Leve, epi pran Lo avèk ou; paske m gen entensyon wete w nan Aran, pou m fè w yon sèvitè pou pote cnon mwen nan yon dpeyi etranje m pral bay desandan ou yo apre w kòm yon eritaj etènèl, lè yo koute vwa m.

7 Paske m se Senyè Bondye w la; M rete nan syèl la; tè a se amachpye m; m lonje men m sou lanmè a, epi l obeyi vwa m; m fè van ak dife tounen bcharyo m; m di mòn yo—Soti la—epi gade, toubiyon an pote y ale, nan yon moman san rete.

8 Non mwen se aJewova, epi m bkonnen lafen depi nan kòmansman; se poutèt sa, men mwen pral sou ou.

9 Epi m pral fè w tounen yon gran nasyon, epi m pral abeni w san mezire, epi m pral fè non ou gran pami tout nasyon, epi w pral yon benediksyon pou desandan ou yo apre w, pou yo pote nan men yo ministè sa a ak la bPrètriz sa a bay tout nasyon yo;

10 Epi m pral beni yo pa mwayen non ou; paske tout moun ki resevwa aLevanjil sa a pral pote non ou, epi yo pral konte kòm bdesandan ou, epi yo pral leve pou yo beni w kòm cpapa yo;

11 Epi m ap beni moun ki abeni w, epi m ap modi moun ki modi w; epi nan ou menm (ki vle di nan la Prètriz ou a), epi nan bdesandan pa w paske m ba w yon pwomès pou cdwa sa a kontinye nan ou, ak nan desandand ou yo apre w (ki vle di, pa mwayen desandan literal ou yo oubyen desandan ki soti nan kò ou yo) tout fanmi sou tè a ap beni, avèk benediksyon Levanjil yo menm, ki se benediksyon sali, sa vle di benediksyon lavi etènèl la.

12 Kounyeya, apre Senyè a te fin pale avèk mwen, epi l te wete fas li bò kote m, mwen te di nan kè m: sèvitè w la te achèche ou avèk senserite; kounyeya, m jwenn ou;

13 Ou te voye zanj ou pou adelivre m anba bondye Èlkena yo, epi m ap fè byen pou m koute vwa w, se poutèt sa, se pou sèvitè w la leve pou l ale avèk lapè.

14 Konsa, mwen menm Abraram, m te pati jan Senyè a te di m nan, epi Lo te avèk mwen; epi mwen menm Abraram, m te gen aswasanndezan lè m te pati kite Aran.

15 Epi m te pran aSarayi m te marye avèk li lè m te nan bOur, nan Kalde a, ak Lo, pitit gason frè m nan, ak tout pwovizyon nou te rasanble yo, ak nanm nou te cgenyen nan Aran yo, epi nou te vini nan chemen pou ale nan peyi dKanaran an, epi nou te rete anba tonèl pandan nou te sou wout la;

16 Se poutèt sa, letènite te pwoteksyon nou, ak awòch nou ak sali nou, pandan nou t ap vwayaje soti Aran, sou wout Jèchon an pou ale nan peyi Kanaran.

17 Kounyeya, mwenmenm Abraram, m te bati yon alotèl nan peyi Jèchon an, epi m te fè yon ofrann bay Senyè a, epi m te priye pou bfamin nan te detounen soti sou kay papa m pou yo te kapab pa peri.

18 Epi nou te pase sòti nan Jèchon pa mwayen peyi Sechèm nan; li te tabli nan laplèn More yo, epi nou te deja rive sou fwontyè peyi aKananeyit yo, epi m te ofri bsakrifis kote sa a nan laplèn More yo, epi m te priye Senyè a avèk devosyon, paske nou te deja rive nan peyi nasyon idolat sa a.

19 Epi Senyè a te parèt devan m kòm repons pou priyè m, epi l te di m: m ap bay desandan ou yo apeyi sa a.

20 Epi mwen menm Abraram, m te leve sòti nan plas lotèl m te bati pou Senyè a, epi m te deplase ale sou yon mòn ki nan kote lès aBetèl, epi m te plante tant mwen nan kote sa a, Betèl te nan lwès, epi bAyi te nan lès; epi se la m te bati yon lotèl pou Senyè a, epi m te cpriye nan non Senyè a ankò.

21 Epi mwen menm Abraram, m te vwayaje, m te kontinye jouk nan sid; epi te kontinye gen grangou nan peyi a; epi mwen menm Abraram, m te pran desizyon pou m ale nan peyi Ejip, pou m rete kote sa a, paske grangou nan te vin grav anpil.

22 Epi se te konsa, lè m te rive tou pre pou m te antre nan peyi Ejip, Senyè a te di m: Gade, aSarayi, madanm ou se yon bèl fi;

23 Se poutèt sa, se pral konsa, lè Ejipsyen yo wè l, yo pral di—Se madanm li; epi y ap touye w, men, y ap sove lavi madanm ou; se poutèt sa, men sa pou ou fè:

24 Kite l di Ejipsyen yo li se sè w, epi nanm w ap viv.

25 Epi se te konsa, mwen menm Abraram, m te di Sarayi, madanm mwen, tout sa Senyè a te di m—Se poutèt sa, di yo konsa, tanpri, ou se sè m, pou sa kapab byen pou mwen, epi nanm mwen ap viv akoz ou.