Èd pou Etid
Konvèsyon, konvèti


Konvèsyon, konvèti

Lè yon moun chanje kwayans li, kè l, ak lavi l pou l aksepte epi pou l konfòme l a volonte Bondye (Tra. 3:19).

Konvèsyon an vle di tou yon desizyon konsyans pou yon moun abandone ansyen abitid li yo pou l chanje vin tounen disip Kris la. Repantans, batèm pou padon peche, resepsyon Sentespri pa enpozisyon men, ak lafwa inebranlab nan Senyè Jezikri a fè konvèsyon an konplè. Yon moun natirèl ap chanje vin tounen yon moun nouvo, ki sanntifye epi ki pi, ki fèt ankò nan Jezikri (2 Kor. 5:17; Mozya 3:19).