Konferans Jeneral
Nan Patenarya avèk Senyè a
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Nan Patenarya avèk Senyè a

Levanjil retabli Jezikri a pwoklame prensip patenarya konplè ant fi a ak gason an, ni nan lavi mòtèl la ni nan etènite yo.

Nan senk premye mwa maryaj nou, madanm mwen te eksprime dezi pou l te etidye mizik. Nan lentansyon pou fè l plezi, mwen te deside prepare yon gwo sipriz sensè pou cheri m nan. M t al nan yon magazen enstriman mizik epi m t achte yon pyano pou li kòm kado. Avèk eksitasyon, m te mete resi a nan yon bwat avèk yon bèl ne mare li epi m te ba li l, avèk espwa yon reyaksyon remèsiman pou yon mari ekstrèmeman atansyone ak atantif konsa.

Lè l te ouvri ti bwa la epi l te wè sa k te ladan l lan, li te gade m avèk amou epi l te di, “O, cheri, ou ekstraòdinè! Men kite m poze w yon kesyon: èske se yon kado oubyen yon dèt?” Apre nou te fin pale ansanm de sipriz la, nou te deside pou n te anile acha a. Nou t ap viv sou yon bidjè etidyan, jan sa ye pou anpil nouvo jèn marye. Eksperyans sa a te ede m rekonèt enpòtans prensip patenarya konplè a nan yon maryaj ak fason aplikasyon li te ka ede madanm mwen avèk mwen fè yon sèl kè ak yon sèl espri.1

Levanjil retabli Jezikri a pwoklame prensip patenarya konplè ant fi a ak gason an, ni nan lavi mòtèl la ni nan etènite yo. Byenke nou chak posede kalite ak responsablite espesifik, fi ak gason ranpli wòl ki egalman enpòtan ak esansyèl nan plan bonè Bondye pou pitit Li yo.2 Sa te evidan depi nan kòmansman an lè Senyè a te deklare ke “li pa bon pou lòm poukont li; se poutèt sa [Li te] kreye yon èd pou li.”3

Nan plan Senyè a, yon “èd” sete yon konpayon ki t ap mache kòtakòt avèk Adan nan yon patenarya total.4 Anfèt, Èv sete yon benediksyon selès nan lavi Adan. Atravè nati divin ni ak kalite espirityèl li, li te enspire Adan pou l te travay an patenarya avèk li pou yo te akonpli plan bonè Bondye a pou tout limanite a.5

Annou konsidere de prensip fondamantal ki fòtifye patenarya ant gason ak fi. Premye prensip la se “Tout moun se menm pou Bondye.”6 Daprè doktrin levanjil la, diferans ant gason ak fi a pa fè diferans nan pwomès etènèl Bondye genyen pou pitit gason ak pitit fi L yo. Pa gen youn ki gen pi gwo posiblite laglwa selès pase lòt nan etènite yo.7 Sovè a Limenm envite nou tout, pitit Bondye yo, pou nou vin jwenn Li, pou pataje bonte Li; epi Li pa rejte pèsonn ki vin jwenn Li.”8 Se poutèt sa, nan kontèks sa a, nou tout konsidere kòm egal devan Li.

Lè konjwen yo konprann prensip sa a epi yo entegre l nan yo, yo pa mete tèt yo nan pozisyon prezidan oubyen vis prezidan nan fanmi yo. Pa gen siperyote ni enferyote nan relasyon maryaj la, epi pa gen mache devan oubyen dèyè lòt la. Yo dwe mache kòtakòt, antanke egal ego, kòm posterite divin Bondye. Yo vin fè youn nan panse, nan dezi, ak nan objektif avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezkiri,9 pou dirije ak gide inite familyal la ansanm.

Nan yon patenarya egal ego, “lanmou se pa posesyon men se patitipasyon … yon pati nan kreyasyon ansanm sa a ki se apèl nou kòm imen an.”10 “Avèk vrè patisipasyon, mari ak madanm kole tèt ansanm nan yon ‘eritaj etènèl’ ki ‘san okenn kontrent ap’ pote lavi spirityèl pou yo ak posterite yo ‘pou toutjou e ajamè.’”11

Dezyèm prensip enpòtan an se Règ Lò a, ke Sovè a te anseye nan Diskou sou Mòn nan: “Tout sa nou vle lòt moun fè pou nou, fè l pou yo tou.”12 Prensip sa a endike yon atitid ansanm ansanm, yon resipwosite, inite, ak entèdepandans epi li baze sou dezyèm gwo kòmandman an, “Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.”13 Li melanje avèk lòt vèti kretyen tankou andirans, jantiyès, dousè, ak bonte.

Pou nou pi byen konprann aplikasyon prensip sa a, nou ka gade lyen sakre ak etènèl Bondye te etabli ant premye paran nou yo, Adan ak Èv. Yo te vin fè yon sèl,14 pou kreye yon dimansyon inite ki te pèmèt yo mache ansanm nan respè, gratitid, ak lanmou, pandan yo te bliye tèt yo epi youn t ap chèche byennèt lòt nan vwayaj yo al nan letènite a.

Se menm karakteristik sa yo n ap eseye genyen nan yon maryaj ini jodia. Atravè sèlman nan tanp lan, yon fi ak yon gason antre nan lòd sen maryaj la nan nouvo alyans etènèl la. Gras avèk lòd prètriz sa a, yo resevwa benediksyon etènèl ak pouvwa diven pou dirije zafè familyal yo pandan y ap viv selon alyans yo fè yo. Apati moman sa a, yo pwogrese pandan yo depann youn sou lòt epi an patenarya total avèk Senyè a, espesyalman nan sa ki konsène responsablite yo resevwa divinman pou nouri ak prezide nan fanmi yo a.15 Nouri ak prezide se responsablite ki liye ak makònnen ansanm, ki vledi manman yo ak papa yo “gen obligasyon pou youn ede lòt kòm patnè egal”16 epi pou pataje yon lidèchip ekilibre nan fwaye yo.

“Nouri vledi pran swen, anseye, ak sipòte” manm fanmi yo, sa ki fèt nan ede yo “aprann verite levanjil yo e devlope lafwa nan Pè Selès la ak Jezikri ” nan yon anviwonman lanmou. Prezide vledi “ede manm fanmi yo retounen al demere nan prezans Bondye. Sa fèt lè nou sèvi ak anseye avèk jantiyès, dousè, ak lanmou pur.” Prezide nan fanmi an enkli dirije manm fanmi an nan lapriyè, etid levanjil regilye, ak nan lòt aspè adorasyon. Paran yo travay nan inite, “pandan y ap suiv egzanp Jezikri, “pou ranpli [de gwo] responsablite sa yo.”17

Li enpòtan pou nou obsève ke gouvènman nan fanmi an suiv modèl patriyakal la, pandan ke l diferan nan kèk aspè de lidèchip prètriz la nan Legliz la.18 Modèl patriyakal la mande pou madanm ak mari yo responsab dirèkteman devan Bondye nan akonplisman responsablite yo nan fanmi an. Sa mande yon patenarya total—yon respè volontè pou tout prensip jistis ak responsablite yo—epi sa bay opòtinite pou devlopman nan yon atmosfè lanmou ak antrèd.19 Responsablite espesyal sa yo pa enplike yerachi epi yo absoliman rejte tout fòm abi oswa move izaj otorite.

Eksperyans Adan ak Èv la, apre yo te fin kite Jaden Edenn nan, byen ilistre konsèp entèdepandans ant yon manman ak yon papa nan nouri ak prezide sou fanmi yo a. Jan yo anseye nan liv Moyiz la, yo te travay ansanm pou yo te kiltive tè a nan redi pou yo te ka pote byennèt fizik pou fanmi yo;20 yo te mennen timoun nan mond lan;21 yo te rele Senyè a ansanm epi yo te tande vwa Li “sou chemen ki nan direksyon Jaden Edenn nan”;22 yo te aksepte kòmandman Senyè a te bay yo epi yo te efòse yo ansanm pou yo te obeyi yo.23 Epi yo te “fè tout pitit gason ak pitit fi yo konnen tout bagay [sa yo]”24 epi “yo pa t sispann rele Bondye” ansanm selon bezwen yo.25

Chè frè m ak sè m yo, nouri ak prezide se opòtinite nou genyen, se pa limitasyon esklizif. Yon moun gen dwa gen yon responsablite pou yon bagay men li pa oblije se sèl moun k ap fè li. Lè paran ki plen lanmou byen konprann de responsablite majè sa yo, y ap eseye ansanm pou pwoteje ak pran swen byennèt fizik ak emosyonèl pitit yo. Y ap ede yo fè fas a danje espirityèl epòk nou yo tou nan nouri yo avèk bon pawòl Senyè a jan l revele l bay pwofèt Li yo.

Byenke mari ak madanm sipòte youn lòt nan responsablite yo resevwa divinman yo, “andikap, lanmò, oswa lòt sikonstans ka nesesite adaptasyon endividyèl.”26 Pafwa, youn nan konjwen yo oubyen lòt la ap vin gen responsablite pou aji nan toulède wòl yo an menm tan, keseswa tanporèman oubyen definitivman.

Mwen fèk rankontre yon frè ak yon sè ki ap viv nan kondisyon sa a. Antanke paran selibatè, yo chak, andedan fanmi yo ak nan patenarya avèk Senyè a, deside pou konsakre lavi yo totalman pou pran swen espirityèl ak tanporèl pitit yo. Yo pa vire do bay alyans tanp yo te fè avèk Senyè a ak pwomès etènèl Li fè yo malgre divòs yo. Toulède chèche èd Senyè a nan tout bagay pandan y ap kontinyèlman efòse pou yo andire difikilte yo ak mache nan chemen alyans lan. Yo gen konfyans ke Senyè a ap pran swen bezwen yo, non sèlman nan lavi sa a, men atravè tout letènite. Toulède nouri pitit yo nan anseye yo avèk jantiyès, dousè, ak lanmou pur menm lè y ap travèse sitiyasyon difisil nan lavi a. Daprè sa m konnen, de paran selibatè sa yo pa blame Bondye pou move sitiyasyon yo ye a. Olyedesa, y ap tann avèk yon esperans ak konfyans pafè pou benediksyon Senyè a genyen an rezèv pou yo.27

Frè m ak sè m yo, Sovè a te tabli egzanp pafè a sou inite ak amoni avèk Papa nou ki nan Syèl la. Li te priye pou disip Li yo, Li te di, “Pou yo tout ka fè youn; menmjan Oumenm, Papa, ou nan mwen an, epi mwen nan ou, pou yomenm tou yo ka fè youn nan nou: … pou yo ka fè youn, menmjan nou fè youn nan.”28

Mwen temwaye nou ke si noumenm—fi ak gason—travay ansanm nan yon patenarya ki vrè ak egal, n ap jwi inite Sovè a te anseye a pandan n ap ranpli responsablite diven yo nan relasyon maryaj nou yo. Mwen pwomèt nou, nan non Kris la, ke kè nou pral “makònnen ansanm nan inite ak lanmou youn pou lòt,”29 n ap vin jwenn plis lajwa nan vwayaj nou al nan lavi etènèl la, epi kapasite nou pou youn sèvi lòt epi youn mete ak lòt la ap ogmante konsiderableman.30 Mwen rann temwayaj konsènan verite sa yo nan non sakre Sovè a, Jezikri, amèn.