Konferans Jeneral
Èske w toujou dispoze
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Èske w toujou dispoze

Dispozisyon nou pou nou suiv Jezikri dirèkteman pwopòsyonèl a kantite tan nou konsakre pou nou pase nan lye sen yo.

Yon jou Dimanch, pandan m t ap prepare m pou te pran sentsèn apre plizyè semèn kote m te gen tach pou m te asiste plizyè konferans pieu, gen yon panse enteresan ak puisan ki te travèse lespri m.

Nan moman prèt la t ap beni pen an, pawòl sa yo ke m te konn tande si anpil fwa anvan sa a te penetre avèk fòs nan lespri m ak nan kè m. “Epi pou yo rann ou temwayaj, O Bondye, Papa Etènèl la, ke yo vle pou pote non Pitit Gason w lan sou yo, epi pou yo toujou sonje l epi pou yo respekte kòmandman l yo ke li te bay yo; pou yo kapab toujou gen Lespri l avèk yo.”1 Konbyen fwa nou temwaye bay Bondye pou di l ke nou dispoze?

Pandan m t ap reflechi sou siyifikasyon pawòl sakre yo, mo dispoze a te enpresyone plis pase jamè anvan sa. Yon pakèt bèl eksperyans sakre te vin ranpli lespri m ak kè m avèk lanmou ak gratitid pou sakrifis ekspiyatwa Sovè a, ak wòl vital li jwe nan plan redanpsyon Papa a pou fanmi m avèk mwen. Apresa, mwen te tande epi m te santi pawòl penetran yo ki nan priyè pou benediksyon dlo a: “Pou yo rann ou temwayaj … ke yo toujou sonje l.”2 Nan moman sa a, mwen te vin konprann byen klè ke respekte alyans mwen yo sipoze vledi plis pase bon entansyon.

Pran sentsèn nan se pa yon rityèl relijye pasif ki enplike yon senp konsantman. Se yon rapèl puisan sou reyalite Ekspyasyon enfini Sovè a ak nesesite pou nou toujou sonje l ak kenbe kòmandman L yo. Dispozisyon pou nou konsantre nou sou Sovè a sitèlman enpòtan ke li se mesaj santral nou jwenn nan de ekriti ki plis site nan Legliz la: priyè sentsèn yo. Lè nou konprann verite sou kisa Pè Selès la si volontèman ofri nou chak atravè Sèl Pitit Literal Li a, sa ta dwe pouse pou n toujou fè efò pou nou dispoze anretou.

Èske fondasyon spirityèl nou bati byen solid sou Jezikri?

Si fondasyon spirityèl nou pa pwofon oswa li sipèfisyèl, nou ka gen tandans pou nou baze dispozisyon nou an sou yon analiz sou pri-benefis sosyal oubyen sou yon echèl enkonvenyans pèsonèl. Epi si nou anbrase rezònman ki di ke Legliz la konstitiye prensipalman an pratik sosyal ki pa alamòd oubyen ki politikman pa kòrèk, sou restriksyon pèsonèl ki pa reyalis, ak sou fason nou angaje tan nou, alò, konklizyon nou osijè dispozisyon an p ap kòrèk. Nou pa dwe atann pou prensip dispozisyon an suiv tandans moun k ap enfliyanse rezo sosyal yo oswa moun ki pasyone pou TikTok yo. Presèp lèzòm raman aliyen avèk verite divin nan.

Legliz la se yon lye rasanbleman pou moun ki enpafè ki renmen Bondye epi ki dispoze pou yo suiv Senyè a, Jezikri. Dispozisyon sa a anrasine nan reyalite ke Jezi se Kris la, Pitit Gason Bondye vivan an. Nou kapab konnen verite diven sa a sèlman atravè pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, dispozisyon nou an dirèkteman pwopòsyonèl a kantite tan nou angaje pou nou pase nan lye sakre kote enfliyans Sentespri a prezan yo.

Li ta pi bon pou nou ta pase plis tan nan konvèsasyon siyifikatif ap diskite de preyokipasyon nou avèk Papa nou ki nan Syèl la ki renmen nou epi mwens tan ap chèche opinyon lòt vwa. Nou ka toujou chwazi pou nou ranplase nouvèl n ap koute chak jou yo pa pawòl Kris la nan ekriti sent yo ak pawòl pwofetik pwofèt vivan yo.

Enpòtans nou mete nan respekte jou Saba a, peye yon dim onèt, gen yon rekòmandasyon tanp ki valid, ale nan tanp, ak respekte alyans sakre tanp yo, yo tout se endikatè puisan ki montre dispozisyon nou ak prèv angajman nou. Èske nou dispoze pou nou fè plis pase yon efò sipèfisyèl pou fòtifye lafwa nou nan Kris la?

Pè Selès la renmen nou yon fason ki pafè, men lanmou sa a mache avèk gwo atant. Li atann pou nou volontèman plase Sovè a nan sant lavi nou. Sovè a se egzanp pafè sou dispozisyon pou nou soumèt nou a Papa a nan tout bagay. Li se “chemen an, verite a, ak lavi a.”3 Li volontèman ekspye pou peche nou. Li volontèman rann fado nou yo pi lejè, kalme laperèz nou yo, ba nou fòs, epi pote lapè ak konpreyansyon nan kè nou nan moman detrès ak chagren.

Poutan lafwa nan Jezikri se yon chwa. “Si [nou] sèlman vle kwè”4 nan pawòl Li yo, n ap jwenn yon pwen depa pou kòmanse oswa rekòmanse vwayaj lafwa nou an azewo. Si nou plante pawòl Li yo nan kè nou tankou yon semans epi nou nouri l avèk anpil swen, l ap fè rasin, epi lafwa nou ap transfòme an asirans epi li ap tounen yon prensip aksyon ak pouvwa. Liv Mòmon an se pi gwo resous nou pou kiltive lafwa nou. Dispozisyon nou se katalizè lafwa a.

Selon konsepsyon diven, mòtalite a pa fasil epi pafwa li kapab vin akablan. Sepandan, [nou] la, pou [nou] ka gen lajwa”!5 Lè nou konsantre sou Sovè a avèk alyans sakre nou yo, sa pote lajwa etènèl! Bi mòtalite a se pou pwouve dispozisyon nou. “Gwo tach lavi a [ak pri yon lavi disip], se aprann konnen volonte Senyè a epi apresa fè volonte Li.”6 Yon vrè lavi disip mennen nan yon plenitid lajwa. Èske nou dispoze pou nou peye pri yon lavi disip?

Chemen alyans lan se pa sèlman yon lis pou nou tcheke; se yon pwosesis devlopman espirityèl ak angajman pwofon nan Jezikri. Objektif santral chak kòmandman, chak prensip, chak alyans ak chak òdonans se pou bati lafwa ak konfyans nan Kris la. Se poutèt sa, detèminasyon nou pou nou santre lavi nou sou Kris la dwe konsistan—pa sou kondisyon, ni depann de sikonstans yo, ni sipèfisyèl. Nou pa kapab pèmèt tèt nou pran jou vakans oswa tan lib pèsonèl nan dispozisyon nou pou nou “kanpe kòm temwen Bondye tout tan, nan tout bagay, e tout kote”7 a. Yon lavi disip se pa yon bagay ki bon mache, paske konpayi konstan Sentespri a pa gen pri.

Se sèten ke Senyè a t ap panse a epòk nou an lè L t ap anseye parabòl dis vyèj yo. Apwopo senk ki te gen bon konprann yo Li te di ke yo “te pran Sentespri a pou gid yo, epi yo pa t twonpe yo,”8 pandan ke lanp ensanse yo “te etenn” paske yo pa t gen ase luil.9 Petèt pawòl Nefi yo kapab pi byen dekri manm Legliz sa yo ki te fidèl yon fwa nan Legliz la: “Epi gen lòt moun li pral fè lapè, pou l andòmi yo nan sekirite chanèl, e yo pral di: Tout bagay byen nan Siyon.”10

Sekirite chanèl se chèche bagay mond lan epi mete konfyans nou nan yo olye de Kris la—otremandi, se gade atravè yon linèt pwofàn olye de yon linèt spirityèl. Sentespri a ba nou kapasite pou nou wè “bagay yo jan yo ye vrèman, ak … ak jan yo pral ye.”11 Se sèlman “pa pouvwa Sentespri a [nou kapab] konnen verite sou tout bagay12 epi nou p ap twonpe. Nou plase Kris la nan sant lavi nou epi nou pran angajman pou nou obeyi kòmandman L yo, pa paske nou avèg men paske nou kapab wè.13

E apwopo vyèj ensanse yo? Poukisa yo pa t dispoze pou yo te pote yon veso ki te gen luil espirityèl? Èske yo te senpleman pwokrastine? Èske yo te, petèt, twò vag paske se pa t yon bon moman oswa sa te sanble l pa t nesesè? Kèlkeswa rezon an, yo te twonpe yo sou wòl vital Kris la. Sa se mansonj fondamantal Satan itilize pou twonpe nou depi nan kòmansman an, epi se rezon ki te lakoz lanp temwayaj yo te vin manke luil espirityèl la. Parabòl sa a se yon metafò pou epòk nou an. Anpil moun kite Sovè a ak alyans yo lontan anvan yo kite Legliz Li a.

N ap viv nan yon tan nou pa t janm te konn wè anvan, ki te predi depi lontan pa ansyen pwofèt yo, yon epòk kote Satan ap fè raj “nan kè pitit lèzòm, e li pral pwovoke yo nan kòlè kont bagay ki bon.”14 Anpil nan jèn nou yo, ak twòp moun pami nou, ap viv nan yon mond vityèl anliy ki anvayi pa divètisman ak mesaj ki kont idantite divin nou ak kwayans nou nan Kris la.

Enfliyans espirityèl ki pi puisan nan lavi yon timoun se egzanp paran ak granparan ki dwat, ki renmen youn lòt epi ki fidèlman kenbe alyans sakre yo fè yo. Paran yo dwe entansyonèlman anseye timoun yo lafwa nan Senyè a, Jezikri, pou ke yo menm tou yo “kapab konnen nan ki sous pou yo chèche padon pou peche yo.”15 Lè nou respekte alyans yo nan yon fason ki vag epi ki pa regilye, sa kapab lakoz yon deklen spirityèl. Domaj espirityèl yo souvan pi grav sou pitit ak pitit pitit nou yo. Paran ak granparan yo, èske nou toujou dispoze?

Prezidan Russell M. Nelson te avèti nou ke: “Nan jou k ap vini yo, li p ap posib pou nou siviv spirityèlman san gid, san direksyon, rekonfò, ak enfliyans konstan Sentespri a.”16 Se yon avètisman ki klè epi enkonstab kote li ap mande pou nou alimante lanp nou epi ogmante rezèv luil espirityèl nou. Èske nou toujou dispoze pou nou suiv pwofèt vivan an? Ki nivo luil spirityèl ki nan lanp nou an ye? Ki chanjman nan lavi pèsonèl nou ki ap pèmèt nou gen enfliyans Sentespri a pi konstan?

Jodiya, menmjan ak nan tan Jezi a, ap gen moun ki ap pito kase tèt tounen, paske yo pa dispoze pou yo aksepte pri lavi disip la. Alòske kritik sevè ki plen rayiman ap ogmante pi plis kont Legliz Sovè a ak moun ki ap suiv Li yo, n ap bezwen yon pi gwo dispozisyon nan lavi disip nou pou redrese ak fòtifye kolòn vètebral espirityèl nou epi pa koute yo.17

Si fondasyon espirityèl nou bati solidman sou Jezikri, nou p ap tonbe, epi nou pa bezwen pè.

“Gade, Senyè a vle yon kè ak yon panse ki gen bon volonte; epi moun ki gen bon volonte epi ki obeyisan pral manje bon bagay ki nan tè Siyon an nan dènye jou sa yo.”18

Ke nou kapab toujou dispoze. Nan non sakre Senyè a, Jezikri, Amèn.