Konferans Jeneral
Venk Mond lan epi Jwenn Repo
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Venk Mond lan epi Jwenn Repo

Jwenn repo anba entansite, ensètitid, ak angwas mond sa a nan venk mond lan atravè alyans nou avèk Bondye.

Chè frè m ak sè m yo, mwen rekonesan pou m akeyi nou nan maten Saba gloriye sa a. Nou konstaman nan panse m. Mwen emèveye pou fason nou pase alaksyon kèlkeswa lè nou wè lòt moun nan bezwen. Mwen pa gen mo devan lafwa ak temwayaj nou demontre san rete. Mwen kriye devan chagren, desepsyon ak enkyetid nou yo. Mwen renmen nou. Mwen asire nou ke Pè Selès nou an ak Pitit gason Byenneme L la, Jezikri, renmen nou. Yo pwofondeman konsyan de sitiyasyon nou, bonte nou, bezwen nou ak priyè pou èd nou yo. San rete, mwen priye pou nou ka santi lanmou Yo pou nou.

Li vital pou nou santi lanmou Yo, paske sanble chak jou nou konfwonte anba yon matrakaj nouvèl trajik. Nou petèt konn gen jou kote nou ta swete nou ta ka mete pijama nou, woule an boul, epi mande yon moun pou reveye nou lè tout latwoublay sa a fini.

Men, chè frè m ak sè m yo, gen anpil bagay mèveye k ap vini. Nan jou k ap vini yo, nou pral wè pi gran manifestasyon pouvwa Sovè a ke mond lan pa t janm wè. Ant kounyea ak lè Li retounen “avèk pouvwa ak anpil laglwa”1 a, Li pral vide anpil privilèj, benediksyon, ak mirak sou moun ki fidèl yo.

Toutfwa, prezantman n ap viv nan sa ki asireman se epòk ki pi konplike nan istwa mond lan. Konpleksite yo ak difikilte yo lakòz anpil moun santi yo depase epi epuize. Sepandan, ann refechi sou yon eksperyans resan ki gendwa fè limyè sou fason noumenm avèk mwen nou ka jwenn repo.

Pandan yon pòt ouvèt resaman pou Tanp Washington D.C. a, yon manm nan komite pòt ouvèt la te temwen yon echanj puisan lè l te akonpaye plizyè jounalis enpòtan pou vizite tanp lan. Nan yon fason enprevi, yon jèn fanmi te vin fè pati gwoup vizit medya sa a. Yon jounalis pa t sispann poze kesyon sou “pakou” yon moun ki vin nan tanp lan soti nan yon pwen rive nan yon lòt. Li te vle konnen si pakou andedan tanp lan se yon senbòl sou difikilte ki nan vwayaj yon moun nan lavi a.

Yon jèn tigason nan fanmi an te remake konvèsasyon an. Lè gwoup vizitè a te antre nan sal dotasyon an, tigason an te lonje dwèt sou lotèl la, kote moun ajenou pou fè alyans avèk Bondye yo, epi l te di, “Oh, sa bèl. Sa se yon andwa pou moun pran repo pandan pakou yo nan tanp lan.”

Mwen doute ke tigason an te konnen kijan obsèvasyon l la te vrèman pwofon. Li pwobableman pa t gen okenn ide apwopo koneksyon dirèk ant fè yon alyans avèk Bondye nan tanp lan ak bèl pwomès Sovè a.

“Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, ma ba ou repo.

“Pran jouk mwen an sou ou, epi aprann de mwen; … epi ou pral jwenn repo pou nanm ou.

“Paske, jouk m ap ban nou an fasil pou pote, chay m ap ban nou an pa lou.”2

Chè frè m ak sè m yo, mwen tris pou moun sa yo ki kite Legliz la paske yo santi ke gen twòp obligasyon sou do yon manm yo. Yo poko dekouvri ke fè ak kenbe alyans yo an reyalite rann lavi a pi fasil! Chak moun ki fè alyans nan fon batismo yo ak nan tanp yo—epi ki kenbe yo—ogmante aksè yo nan pouvwa Jezikri. Tanpri medite sou verite ekstraòdinè sa a!

Rekonpans ki genyen nan kenbe alyans nou fè avèk Bondye yo se pouvwa selès—pouvwa ki fòtifye nou pou n pi byen reziste devan eprèv yo, tantasyon yo, ak chagren yo. Pouvwa sa a fasilite wout nou. Moun k ap viv lwa siperyè Jezikri yo gen aksè nan pouvwa siperyè Li. Konsa, moun ki kenbe alyans yo gen dwa a yon kalite repo espesyal ke yo resevwa atravè relasyon alyans yo avèk Bondye.

Avan Sovè a te soumèt Tèt li anba agoni Jetsemani ak Kalvè a, Li te deklare bay Apot Li yo, “Nan mond lan nou pral gen tribilasyon: men fè kè nou kontan; mwen te venk mond lan.”3 Apresa, Li te sipliye nou chak pou nou fè menm bagay la lè Li te di, “Mwen vle pou nou ta venk mond lan.”4

Chè frè m ak sè m yo, mesaj mwen pou nou jodia sèke paske Jezikri te venk mond dechi sa a epi paske Li te ekspye pou nou chak, noumenm tou nou ka venk mond sa a ki satire anba peche, egoyis, e ki souvan epuizan an.

Paske Sovè a, atravè Ekspyasyon enfini L la, te rachte nou chak anba feblès, erè, ak peche, epi paske Li te fè eksperyans tout doulè, enkyetid, ak fado nou te janm genyen,5 konsa, lè nou repanti vrèman epi nou chèche èd Li, nou ka elve nou pi wo de mond frajil sa a kote n ap viv la.

Nou ka venk fleyo espirityèlman ak emosyonèlman epuizan mond lan, enkli awogans, lògèy, kòlè, imoralite, lahèn, avaris, jalouzi, ak laperèz. Malgre distraksyon ak defòmasyon laverite k ap fè raj otou de nou an, nou ka jwenn vrè repo—ki vledi sekou ak lapè—menm nan mitan pwoblèm ki pi difisil nou yo.

Verite enpòtan sa a soulve twa kesyon fondamantal:

Premyèman, kisa sa vledi pou nou venk mond lan?

Dezyèman, kijan pou nou fè sa?

Epi twazyèman, kijan venk mond lan beni lavi nou?

Kisa sa vledi pou venk mond lan? Sa vledi simonte tantasyon pou nou sousye plis de bagay mond lan pase bagay Bondye yo. Sa vledi fè doktrin Kris la plis konfyans pase filozofi lèzòm. Sa vledi rejwi nan laverite, denonse twonpri, epi vin “disip enb Kris la.”6 Sa vledi chwazi pou ekate nou de tout bagay ki ka repouse Lespri a. Sa vledi gen dezi pou nou “abandone” menm peche favori nou yo.7

Kounyea, venk mond lan sètènman pa vledi vin pafè nan vi sa a, ni l pa vledi ke pwoblèm nou yo pral evapore majikman—paske sa pa p rive. Epi sa pa vledi ke nou pa p kontinye fè erè. Men venk mond lan vledi ke rezistans nou devan peche ap ogmante. Kè nou ap ramoli pandan lafwa nou nan Jezikri ap ogmante.8 Venk mond lan vledi grandi pou renmen Bondye ak Pitit gason Byenneme L la plis pase nou renmen nenpòt moun oswa lòt bagay.

Konsa, donk, kijan nou venk mond lan? Wa Benjamen te di nou kijan. Li te anseye ke “lòm natirèl la se enmi Bondye” epi l ap toujou sa pou tout tan “sof si li soumèt li anba enfliyans Sentespri a, e retire moun natirèl la nan kò l, pou l vin tounen yon sen, pa mwayen ekspyasyon Kris, Senyè a.”9 Chak fwa nou chèche jwenn epi suiv enspirasyon Lespri a, chak fwa nou fè nenpòt bon bagay—bagay ke “lòm natirèl la” pa t ap fè—nou ap venk mond lan.

Venk mond lan se pa yon evenman ki rive nan yon jou oswa de. Li rive atravè tout yon lavi pandan n ap anbrase doktrin Kris la san rete. Nou kiltive lafwa nan Jezikri lè nou repanti chak jou epi nou kenbe alyans yo ki dote nou avèk pouvwa. Nou rete sou chemen alyans lan epi nou beni avèk fòs espirityèl, revelasyon pèsonèl, lafwa k ap grandi, ak ministè zanj yo. Viv doktrin Kris la ka pwodui anviwònman vètye ki pi puisan, epi li kreye momenntòm espirityèl nan lavi nou.10

Pandan n ap fè efò pou nou viv lwa siperyè Jezikri yo, kè nou ak nati entrensèk nou kòmanse chanje. Sovè a leve nou anwo nivo atraksyon mond dechi sa a nan beni nou avèk pi plis charite, imilite, jenewozite, jantiyès, oto-disiplin, lapè, ak repo.

Kounyea, nou gendwa ap panse ke sa plis sanble avèk yon travay espirityèl difisil pase yon repo. Men, men gran verite a: pandan ke mond lan ensiste ke pouvwa, byen yo posede, popilarite, ak plezi lachè yo pote lajwa a, yo pa pote l! Yo pa kapab!. Sa yo pwodui yo se tou senpleman yon fo ranplasman pou “eta beni ak kè kontan” moun ki “kenbe kòmandman Bondye yo.”11

Verite a sèke sa bokou pi epuizan pou nou chèche bonè kote nou papa janm ka jwenn li! Sepandan, lè nou jouke tèt nou ak Jezikri epi nou fè travay espirityèl ki nesesè pou venk mond lan, se Li, e Limenm sèlman, ki vrèman gen pouvwa pou leve nou anlè atraksyon mond sa a.

Konsa, kijan venk mond lan beni lavi nou? Repons lan klè: antre nan yon relasyon alyans avèk Bondye mare nou avèk Li nan yon fason ki rann tout bagay konsènan lavi a pi fasil. Tanpri pa malkonprann mwen: Mwen pa t di ke fè alyans yo rann lavi a fasil. Anfèt, atann nou a opozisyon, paske advèsè a pa vle nou dekouvri pouvwa Jezikri. Men jouke tèt nou avèk Sovè a vledi ke nou gen aksè nan fòs ak pouvwa redanmtè Li.

Imaj
Prezidan Ezra Taft Benson

Mwen reyafime yon ansèyman pwofon Prezidan Ezra Taft Benson te anseye: “Gason ak fi ki konsakre lavi yo bay Bondye yo ap dekouvri ke Li ka fè plis bagay avèk lavi yo pase yo kapab. L ap apwofondi lajwa yo, elaji vizyon yo, egize panse yo, … remonte lespri yo, miltipliye benediksyon yo, ogmante opòtinite yo, konsole nanm yo, pote zanmi pou yo, epi devèse lapè.”12

Privilèj enkonparab sa yo vini pou moun ki chèche sipò selès pou ede yo venk mond lan. Pou rezon sa a, mwen bay manm yo nan tout Legliz la menm responsablite m te bay jèn adilt yo nan mwa Me ki sot pase a. Mwen te egzòte yo lèsa a—epi mwen sipliye nou kounyea—pou nou pran pwòp temwayaj nou sou Jezikri ak levanjil Li a anchaj. Travay sou li. Nouri li pou l ka grandi. Nouri l ak verite. Pa kontamine l ak fo filozofi gason ak fi ki pa vle kwè yo. Lè nou fè ranfòsman kontinyèl temwayaj nou konsènan Jezikri a vin pi gwo priyorite nou, nou mèt rete tann pou mirak rive nan lavi nou.13

Priyè m pou nou maten sa a se pou nou jwenn repo anba entansite, ensètitid, ak angwas mond sa nan venk mond lan atravè alyans nou fè avèk Bondye yo. Fè Li konnen atravè priyè nou ak aksyon nou ke nou serye konsènan venk mond lan. Mande Li pou L klere lespri nou epi voye èd nou bezwen an. Chak jou, ekri panse ki vini nan tèt nou lè n ap priye, apresa aplike yo ak dilijans. Pase plis tan nan tanp epi chèche konprann kijan tanp lan anseye nou pou nou elve nou pi wo pase mond dechi sa a.14

Jan m te deklare l avan, rasanbleman Izrayèl la se travay ki pi enpòtan k ap fèt sou latè jodia. Yon eleman vital nan rasanbleman sa a se prepare yon pèp ki kapab, ki pare, epi ki diy pou resevwa Senyè a lè Li vini ankò; yon pèp ki te deja chwazi Jezikri nan plas mond dechi sa a; yon pèp ki rejwi nan libabit li pou pou viv lwa siperyè ak pi sakre Jezikri yo.

Mwen fè apèl a nou, chè frè m ak sè m yo, pou nou vin tounen pèp jis sa a. Cheri e onore alyans nou yo plis pase tout lòt angajman. Pandan n ap kite Bondye domine nan lavi nou an, mwen pwomèt nou pi gran lapè, konfyans, lajwa, epi wi, repo.

Pa pouvwa apostola sen ki envesti nan mwen an, mwen beni nou nan demach nou pou nou venk mond lan. Mwen beni nou pou nou ogmante lafwa nou nan Jezikri epi aprann pi byen kijan pou nou itilize pouvwa Li. Mwen beni nou pou nou kapab disène laverite de erè. Mwen beni nou pou nou sousye nou plis de bagay Bondye yo pase bagay mond lan. Mwen beni nou pou nou wè bezwen moun ki antoure nou yo epi fòtifye moun nou renmen yo. Paske Jezikri te venk mond lan, nou kapab tou. Mwen temwaye konsa nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Joseph Smith—Matye 1:36: “Apresa siy Pitit Gason Lòm nan pral parèt, epi tout tribi yo ki sou tè a pral lamante; epi yo pral wè Pitit Gason Lòm nan vini nan nyaj syèl la, avèk pouvwa epi avèk gwo laglwa.”

  2. Matye:11:28 -30; italik ajoute.

  3. Jan 16:33; italik ajoute.

  4. Doktrin ak Alyans 64:2; italik ajoute.

  5. Gade Alma 7:11–13.

  6. 2 Nefi 28:14.

  7. Gade resi sou papa Wa Lamoni an nan Alma 22, espesyalman Alma 22:18.

  8. Gade Mozya 5:7.

  9. Mozya 3:19; italik ajoute.

  10. Gade 2 Nefi 31; 3 Nefi 27:16–20.

  11. Mozya 2:41.

  12. Enseignements des présidents de l église: Ezra Taft Benson (2014), 42–43.

  13. Gade Russell M. Nelson, “Chwa pou Letènite” (devosyon mondyal pou jèn adilt yo, 15 Me 2022), broadcasts.churchofJesusChrist.org.

  14. Prezidan David O. McKay te di ke nan tanp lan nou pran asansyon etap-pa-etap ppou antre nan Prezans Etènèl la“ (nan Truman G. Madsen, The Temple: Where Heaven Meets Earth [2008], 11).