Konferans Jeneral
“Pa Ka Gen Anyen Pi Delisye ak Pi Dous Pase Lajwa Mwen te Genyen an”
Konferans jeneral avril 2023


“Pa Ka Gen Anyen Pi Delisye ak Pi Dous Pase Lajwa Mwen te Genyen an”

Repanti chak jou ak vin jwenn Jezikri se fason pou nou fè eksperyans lajwa—lajwa ki depase imajinasyon nou.

Pandan tout ministè mòtèl Li, Sovè a te montre gwo konpasyon pou tout pitit Bondye yo—espesyalman pou moun ki t ap soufri oubyen ki te chite yo. Lè Farizyen yo te kritike Li paske Li te frekante epi manje avèk pechè yo, Jezi te reponn kote L te anseye twa parabòl nou konnen byen.1 Nan chak parabòl sa yo, Li te mete aksan sou enpòtans pou n chèche moun ki egare yo, ak lajwa nou santi lè yo retounen. Pa egzanp, nan parabòl mouton ki te pèdi a Li te di: “[Gran] jwa pral nan syèl la pou yon pechè ki repanti.”2

Jodi a, mwen ta renmen pale sou relasyon ki genyen ant lajwa ak repantans—espesyalman, lajwa ki vini lè nou repanti ak santiman lajwa nou resevwa lè nou envite lòt moun pou yo vin jwenn Kris la epi aplike sakrifis ekspyatwa L la nan lavi yo.

Nou La Pou Nou Ka Gen Lajwa

Nan ekriti yo, mo lajwa a tipikman vledi plis pase moman kontantman oswa menm santiman bonè. Lajwa nan kontèks sa a se yon atribi diven, ke nou jwenn nan plenitid li lè nou retounen al demere nan prezans Bondye.3 Li pi pwofon, pi edifyan, pi dirab, ak pi chanje-lavi pase nenpòt plezi oswa konfò mond sa a ka ofri.

Nou te kreye pou nou gen lajwa. Se destine ki pwograme pou nou kòm pitit yon Pè Selès ki plen lanmou. Li vle pataje lajwa Li avèk nou. Pwofèt Leyi te anseye ke plan Bondye a pou nou chak se pou nou “ta ka gen lajwa.”4 Paske n ap viv nan yon mond dechi, souvan lajwa dirab oswa lajwa etènèl sanble difisil pou n atenn. Men nan vèsè ki tousuit apre a, Leyi kontinye pou l eksplike ke “Mesi a [te vini pou] … rachte [nou] anba chit la.”5 Redanmsyon, pa ak atravè Sovè a Jezikri, fè lajwa posib.

Mesaj levanjil la se yon mesaj lespwa, yon mesaj “bòn nouvèl gwo lajwa,”6 ak mwayen pou tout moun ka fè eksperyans lapè ak okazyon lajwa nan lavi sa a epi resevwa yon plenitid lajwa nan lavi k ap vini an.7

Lajwa nou pale a se yon kado pou fidèl yo, men li vini ak yon pri. Lajwa pa bon mache ni li pa vini pa aza. Okontrè, li te achte “avèk san presye [Jezi] Kris la.”8 Si nou te vrèman konprann enpòtans vrè lajwa diven, nou pa t ap ezite sakrifye kèlkeswa byen nou posede nan mond lan oswa fè nenpòt chanjman ki nesesè pou nou resevwa li.

Yon wa puisan men enb nan Liv Mòmon an te konprann sa. “Kisa m dwe fè,” li te mande, “pou m ka nedenouvo nan Bondye, pou m derasinen lespri mechan sa a nan lestomak mwen, pou m resevwa Lespri li, pou m kapab ranpli ak lajwa … ? Epi li te di: M ap bay tout sa m genyen; wi m ap kite wayòm mwen an pou m kapab gen lajwa sa a.”8

Kòm repons a kesyon wa a, misyonè Aawon te di: “Si w vle bagay sa a, … si w vle bese devan Bondye … [epi] repanti pou tout peche ou yo.”10 Repantans se chemen pou lajwa,11 paske se chemen ki mennen nan Sovè a, Jezikri.12

Lajwa Vini atravè Repantans Sensè

Pou kèk moun, panse k repantans kòm chemen pou lajwa a ta ka sanble kontradiktwa. Repantans, pafwa, ka penib ak difisil. Li mande pou admèt ke kèk nan panse ak aksyon nou yo—menm kèk nan kwayans nou—pa t kòrèk. Repantans mande chanjman, ki, pafwa, ka enkonfòtab tou. Men lajwa ak konfò se pa menm bagay. Peche—enkli peche konplezans—limite lajwa nou.

Jan salmis la te deklare, “Kriye ka dire pou yon nuit, men lajwa vini nan maten.”13 Lè nou repanti pou peche nou yo, nou dwe fokis sou gwo lajwa ki vin apre a. Lannuit yo ka sanble long, men maten an ap vini, epi, o, ala yon lajwa delisye ak resplandisan nou santi lè Ekspyasyon Sovè a libere nou anba peche ak soufrans.

Pa Ka Gen Anyen ki Delisye ak Pi Dous Pase sa

Konsidere eksperyans Alma a nan Liv Mòmon an. Li te “kòde anba touman etènèl,” epi nanm li te “dechire” akoz peche l yo. Men, yon fwa li te tounen vin jwenn Sovè a pou mizèrikòd, li “pa t kapab sonje soufrans [li] yo ankò.”14

“Epi o, gade yon lajwa,” li te deklare: “epi gade yon limyè mèveye mwen te jwenn; wi, … pa ka gen anyen pi dous pase lajwa m te genyen an.”15

Se kalite lajwa sa a ki disponib pou moun ki vin jwenn Jezikri atravè repantans yo.16 Jan Prezidan Russell M. Nelson te anseye:

“Repantans ouvri aksè a pouvwa Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a. …

“Lè nou chwazi pou nou repanti, nou chwazi pou nou chanje! Nou pèmèt Sovè a transfòme nou vin yon pi bon vèsyon tèt nou. Nou chwazi pou nou grandi spirityèlman e resevwa lajwa—lajwa redanmsyon nan Li a. Lè nou chwazi pou nou repanti, nou chwazi pou nou vin plis tankou Jezikri!”17

Repantans pote lajwa paske li prepare kè nou pou nou resevwa enfliyans Sentespri a. Pou nou ranpli avèk Sentespri a vledi nou ranpli avèk lajwa. Epi pou nou ranpli avèk lajwa vledi nou ranpli avèk Sentespri a.18 Lajwa nou ogmante pandan n ap travay chak jou pou pote Lespri a nan lavi nou. Jan pwofèt Mòmon te anseye a: “Men, yo te jene e yo te priye souvan, epi yo te vin gen plis fòs nan imilite yo e yo te vin pi fèm nan lafwa [yo] [nan] Kris la jistan nanm yo te ranpli ak lajwa ak konsolasyon.”19 Senyè a pwomèt tout moun ki travay pou suiv Li, “M ap ba ou … Lespri mwen, ki pral eklere lespri nou, ki pral ranpli nanm nou avèk lajwa.”20

Lajwa nan Ede Lòt moun Repanti

Apre nou fin santi lajwa ki soti nan repantans sensè a, nou tou natirèlman vle pataje lajwa sa a avèk lòt moun. Epi, lè nou fè sa, lajwa nou miltipliye. Se egzakteman sa k te pase Alma.

Li te di “Se laglwa pa m,” “petèt, m kapab sèvi kòm zouti nan men Bondye pou m mennen kèk nanm nan repantans; se lajwa pa m.

“Epi gade, lè m wè anpil nan frè m yo ki repanti toutbon, epi ki vin jwenn Senyè a, Bondye yo a, lè sa a, nanm mwen ranpli ak lajwa; lè sa a, m sonje kisa Senyè a te fè pou mwen, … wi, lè sa a mwen sonje bra mizèrikòd li lonje [ban] mwen.”21

Ede lòt moun repanti se yon ekspresyon natirèl rekonesans nou anvè Sovè a; epi se yon sous gwo lajwa. Senyè a pwomèt:

“Epi si ou travay pou ou … mennen, epi ou sèlman mennen yon sèl nanm ban mwen, ala lajwa ou ap anpil avèk li nan wayom Papa m nan!

“Epi kounyeya, si lajwa w ap anpil avèk yon sèl nanm ou pote ban mwen nan wayòm Papa m nan, ala lajwa w ap anpil si ou ta mennen plis nanm ban mwen!”22

Epi ala Gran Lajwa Li pral Ye pou Nanm Ki Repanti a

Mwen twouve li itil pou m eseye imajine lajwa Sovè a dwe santi chak fwa nou resevwa benediksyon sakrifis ekspyatwa L la nan lavi nou.23 Jan Prezidan Nelson te site l,24 Apot Pòl nan lèt li pou Ebre yo te pataje bon konprann sa a: ”Ann voye jete tout … peche ki fasil pou vlope nou, … gade nan Jezi otè a ak konsomatè lafwa nou; moun ki pou l te pote lajwa sa pou mwen te andire kwa a … epi ki chita sou bò dwat twòn Bondye a.”25 Nou pale souvan sou doulè ak soufrans Jetsemane ak Kalvayè, men raman nou pale de gwo lajwa Sovè a dwe te antisipe l Li te ofri lavi Li pou nou. Klèman, doulè Li ak soufrans Li yo sete pou nou, pou nou te kapab fè eksperyans lajwa pou retounen avèk Li nan prezans Bondye.

Apre l te fin anseye moun yo nan Amerik lontan an, Sovè a te eksprime gwo lanmou Li pou yo lè L te di:

“Kounyeya, gade, m gen anpil lajwa, m menm ranpli, poutèt ou … ; wi, e menm Papa a rejwi, ak tout zanj sen sen yo. …

“… E m gen [yon] lajwa konplè poutèt [ou].”26

Vin jwenn Kris la epi Resevwa Lajwa Li

Frè m ak sè m yo, m ap konkli kote m ap pataje temwayaj pèsonèl mwen, ke m konsidere kòm yon kado sakre. Mwen temwaye ke Jezikri se Sovè ak Redanmtè mond lan. Mwen konnen Li renmen nou chak. Objektif prensipal Li, “travay Li ak laglwa [Li],”27 se pou ede nou resevwa yon plenitid lajwa nan Li. Mwen se yon temwen pèsonèl ke repanti chak jou ak vin jwenn Jezikri se yon fason pou nou fè eksperyans lajwa—lajwa ki depase imajinasyon nou.28 Se poutèt sa nou isit la sou tè a. Se poutèt sa Bondye te prepare gran plan bonè L la pou nou. Jezikri vrèman se “chemen an, verite a, ak lavi a”29 ak sèl “nonanba syèl la ki ka pèmèt lèzòm sove nan wayòm Bondye a.”30 Mwen temwaye konsa nan non Jezikri, amèn.