Konferans Jeneral
Ekilibre tankou Jezikri
Konferans jeneral avril 2023


Ekilibre tankou Jezikri

“Epi li te leve, epi l te reprimande van an, epi l di lanmè a, lapè, rete dousman. Epi van an te sispann, e te gen yon gwo kalm” (Mak 4:39).

Dènye fwa mwen te pale nan konferans jeneral, bofis mwen, Ryan, te montre m yon tweet ki te di: “Vrèman? Non moun nan se Bragg”—ki vle di “vante”—“epi li pa pale de imilite? Ala yon gaspiyaj!” Malerezman, desepsyon an ap kontinye.

Imaj
Don Bragg kòm jwè baskètbòl

Papa mèveye m nan sete yon jwè baskètbòl renome pou ekip UCLA a sou direksyon antrenè lejandè ki te rele John Wooden nan. Yo te rete pwòch pandan tout lavi papa m, e detanzantan antrenè a ak Madan Wooden te konn vin lakay nou pou dine. Li te toujou kontan pale avè m sou baskètbòl oswa sou nenpòt lòt bagay ki te enterese m. Yon fwa m te mande l ki konsèy li te genyen pou mwen pandan m t ap antre nan ane lekòl segondè mwen. Fidèl a wòl li kòm enstriktè, li te di, “Papa w di m ke w vin manm nan Legliz Jezikri a, konsa, m konnen ke w gen lafwa nan Senyè a. Avèk lafwa sa a asire w ke w gen ekilib nan tout sitiyasyon. Ou dwe rete yon bon moun nan tanpèt la.”

Atravè ane yo, konvèsasyon sa a te rete nan tèt mwen. Konsèy pou m rete kalm, trankil, ak konsantre nan tout sitiyasyon an, patikilyèman nan moman advèsite ak presyon yo, te toujou nan zòrèy mwen. M te ka wè kijan ekip Antrenè Wooden yo te konn jwe avèk ekilib, ak gwo siksè yo te jwenn ki te fè yo te ranpòte chanpyona nasyonal 10 fwa.

Men, moun pa pale anpil de ekilib sèjousi epi nou menm pratike l mwens nan tan boulvès ak divizyon yo. Yo souvan fè referans a ekilib (sang-froid) nan espò—-yon jwè ki ekilibre toujou kenbe sang-froid li nan yon match ki sere, tandiske yon ekip ka dekontwole poutèt li manke ekilib (sang-froid). Men, bèl kalite sa a ale pi lwen pase espò. Ekilib gen yon pi gwo aplikasyon nan lavi a epi li ka yon benediksyon pou paran yo, pou dirijan, misyonè, enstriktè, elèv, ak tout lòt moun k ap fè fas a tanpèt lavi yo.

Ekilib espirityèl beni pou nou rete kalm e pou nou konsantre sou sa k pi enpòtan yo, sitou lè nou anba presyon. Prezidan Hugh B. Brown te anseye, “Lafwa nan Bondye ak nan triyonf final sa ki byen kontribye a ekilib mantal ak espirityèl devan difikilte.”1

Prezidan Russell M. Nelson se yon bèl egzanp ekilib espirityèl. Yon fwa, pandan mesye ki te rele-Doktè Nelson an lè sa a t ap fè yon operasyon pou te konekte kat venn prensipal, tansyon pasyan an te tonbe toudenkou. Dr. Nelson te evalye sitiyasyon an trankilman epi l te konstate ke youn nan manm nan ekip la te retire yon pens (pince) pa aksidan. Li te ranplase pince la imedyatman, epi Dr. Nelson te rekonfòte manm ekip la, li te di l, “M toujou renmen w,” epi apresa li te ajoute an plezantri, “Kèkfwa m pi renmen w pase kèk lòtfwa!” Li te montre kijan moun ta dwe jere yon ijans— avèk sanfwa, pandan w konsantre sèlman sou sa ki pi enpòtan an—rezoud ijans lan. Prezidan Nelson te di: “Se yon kesyon de disiplin tèt ekstrèm.” Reyaksyon natirèl ou se, ‘Retire m, antrenè! M vle ale lakay mwen.’ Men, natirèlman ou pa kapab. Yon lavi totalman depann sou tout ekip chirijikal la. Konsa, ou dwe rete osi kalm ak rilaks ak efikas ke w kapab.”2

Natirèlman, Sovè a se pi gran egzanp sou ekilib.

Nan Jaden Jetsemane a, nan agoni inimajinab, “pandan L t ap swe tankou gwo gout san,”3 Li te yon egzanp ekilib diven, nan deklarasyon senp, ki montre majeste L la, “Se pa volonte pa m, men se volonte pa w ki pou fèt.”4 Anba gwo presyon pou L akonpli sali pou tout limanite a, Jezi te demontre twa kondisyon enpòtan ki ede nou konprann gran ekilib Li a. Premyèman, li te konn kiyès li te ye epi Li te fidèl a misyon divin Li a. Apre sa, Li te konnen ke te gen yon gran plan bonè. Epi finalman, Li te konnen ke atravè Ekspyasyon enfini L la, tout moun ki mete jouk yo ansanm avèk pa Li fidèlman, nan fè ak kenbe alyans sakre yo resevwa atravè òdonans prètriz yo, y ap sove, jan Elder Dale G. Renlund te byen anseye jodia.

Pou wè kontras diferans ki genyen ant pèdi ak kenbe ekilib la, panse sou sa k te pase lè Kris la ak Apot li yo te kite Jaden Jetsemane a. Lè sòlda ki t ap chèche arete Jezi yo te konfronte l, reyaksyon Pyè sete pèdi ekilib li, li te reyaji avèk vyolans, epi l te koupe zòrèy sèvitè gran prèt la, Malchus. Reyaksyon Jezikri, okontrè, sete kenbe ekilib Li epi Li te pote kalmi nan yon sitiyasyon tansyon, li te geri Malchus.5

Epi pou sila nan pami nou k ap lite pou kenbe ekilib yo e ki petèt vin dekouraje yo, ann konsidere rès istwa Pyè a. Yon ti tan apre ensidan sa a, ak epizòd dechiran kote l te renye asosyasyon l avèk Kris la,6 Pyè te kanpe devan menm chèf relijye sa yo ki te kondane Sovè a, epi avèk gwo sanfwa, pandan yon entèwogasyon entans, li te rann yon temwayaj elokan sou divinite Jezikri.7

Konnen kiyès Ou Ye epi Rete Fidèl a Idantite Divin Ou

Ann konsidere eleman yo nan yon ekilib tankou pa Kris la. Pou kòmanse, konnen kiyès nou ye epi pa trayi idantite divin nou, sa pote kalm. Asirans kretyèn mande pou nou evite konpare tèt nou avèk lòt moun oubyen pretann nou se yon moun ke nou pa ye.8 Joseph Smith te anseye: “Si lèzòm pa konprann karaktè Bondye, yo pa konprann tèt yo.”9 Li tou senpleman pa posib pou nou gen ekilib divin san nou pa konnen ke nou se pitit gason ak pitit fi diven yon Pè Selès ki renmen nou.

Nan diskou l la “Chwa pou Letènite,” a, Prezidan Nelson te anseye verite etènèl sa yo apwopo kimoun nou ye: nou se pitit Bondye, nou se pitit Alyans la, epi nou se disip Kris la. Apre sa, li te pwomèt: “Lè nou anbrase verite sa yo, Papa nou ki nan Syèl la ap ede nou atenn objektif final nou pou nou viv etènèlman nan prezans sen Li a.”10 Nou vrèman se èt espirityèl diven ki ap fè yon eksperyans mòtèl. Konnen kiyès nou ye ak ki vrè idantite divin nou fondamantal nan devlopman ekilib tankou pa Kris la.

Konnen Ke Gen Yon Plan Diven

Apre sa, sonje ke gen yon gran plan ki pote kouraj ak ekilib nan kondisyon difisil. Nefi te kapab ”ale epi fè”11 jan Senyè a te kòmande l san l “pa t konnen davans”12 bagay li te dwe fè yo paske li te konnen li t apral dirije pa Lespri a, nan akonpli plan etènèl yon Pè Selès ki renmen nou. Ekilib vini lè nou wè bagay yo nan yon pèspektif etènèl. Senyè a konseye disip Li yo pou yo “leve je nou”13 epi pou yo ”kite solanèl letènite yo repoze sou lespri nou.”14 Lè n ap gade epòk difisil yo nan kontèks yon plan etènèl, presyon vin tounen yon privilèj pou nou renmen, sèvi, anseye, ak beni. Yon vizyon etènèl bay yon ekilib tankou pa Kris la.

Konnen Pouvya Abilitan Jezikri ak Ekspyasyon L lan

Epi finalman, pouvwa abilitan Kris la, ki te posib atravè sakrifis ekspyatwa L la, ba nou fòs pou nou pèsevere ak rapòte laviktwa. Gras ak Jezikri, nou ka fè alyans avèk Bondye epi Li ka ranfòse nou pou nou kenbe alyans sa a. Nou ka lye avèk Sovè a nan lajwa ak kalm, kèlkeswa sikonstans tanporèl nou.15 Alma chapit 7 anseye byen konsènan pouvwa abilitan Kris la. Anplis de rachte nou anba peche, Sovè a ka fòtifye nou nan feblès, laperèz, ak difikilte nou yo nan lavi sa a.

Pandan n ap konsantre sou Kris la, nou ka apeze krent nou, jan pèp Alma a te fè nan Elam nan.16 Pandan yon lame menasan t ap rasanble, disip fidèl Kris yo te demontre ekilib ak sanfwa. Elder David A. Bednar anseye: “Alma te konseye kwayan yo pou yo te sonje Senyè a ak delivrans ke sèlman Limenm te kapab bay la (gade 2 Nefi 2:8). Epi konesans sa a sou pwoteksyon Sovè a k ap veye sou yo a te pèmèt pèp la bliye pwòp lakrent yo a.”17 Sa se egzanp ekilib.

Gran Nonm lan nan yon Tanpèt

Nowe te anseye nou anpil bagay sou pasyans nan yon tanpèt, men Sovè a sete pi gwo enstriktè sou fason pou nou siviv anba yon tanpèt. Li se gran moun nan yon tanpèt la. Apre yon jounen byen long ap anseye avèk Apot li yo, Sovè a te bezwen yon ti repo epi L te sigjere ke yo te travèse sou bato al lòtbò lanmè Galile a. Alòske Sovè a t ap repoze, yon gwo tanpèt te leve. Pandan van an ak vag yo te menase pou yo te koule bato a, Apot yo te kòmanse pè pou lavi yo. Epi, sonje, plizyè nan Apot sa yo sete pechè pwason ki te trè byen abitye avèk tanpèt sou lanmè sa a! Men, kòm yo te enkyete,18 yo te reveye Senyè a epi yo te mande: “[Senyè], ou pa pè pou nou pa peri? Apre sa, avèk ekilib egzanplè, Sovè a ”te leve, epi l te reprimande van an, epi l te di lanmè a, Ret dousman. Epi van an te sispann, epi te gen … gran kalm.”19

Epi apresa, yon gwo leson sou ekilib pou Apot li yo. Li te mande: “Poukisa nou pè konsa? kijan k fè nou pa gen lafwa?”20 Li t ap raple yo ke li sete Sovè mond lan, epi Papa a te voye L pou L te realize imòtalite ak lavi etènèl pitit Bondye yo. Se sèten, Pitit Gason Bondye a pa t ap peri sou yon bato. Li te bay egzanp ekilib diven paske Li te konnen divinite Li epi L te konn ke te gen yon plan sali ak egzaltasyon ak kòman Ekspyasyon L la ta pral esansyèl pou siksè etènèl plan sa a.

Se atravè Kris la ak Ekspyasyon L lan tout bon bagay vini nan lavi nou. Pandan n ap sonje kiyès nou ye, konesan ke gen yon plan mizèrikòd diven, epi nou pran kouraj nan fòs Senyè a, n ap ka fè tout bagay. N ap jwenn lapè. N ap vin bon fi ak bon gason nan nenpòt tanpèt.

Mwen swete pou nou chèche benediksyon ekilib tankou pa Kris la, non sèlman pou ede nou nan moman difisil yo, men tou, pou nou beni lòt moun epi ede yo atravè tanpèt pa yo nan lavi yo. Nan lavèy Dimanch Ramo sa a, mwen temwaye jwayezman de Jezikri. Li resisite. Mwen temwaye konsènan lapè, kalm, ak ekilib selès ke Limenm sèlman pote nan lavi nou epi m fè sa nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Hugh B. Brown, nan Conference Report, Okt. 1969, 105.

  2. Gade Sheri Dew, Insights from a Prophet’s Life: Russell M. Nelson (2019), 66–67.

  3. Tradiksyon Joseph Smith, Lik 22:44 (nan Lik 22:44, referans b).

  4. Lik 22:42.

  5. Gade Lik 22:50–51; Jan 18:10–11.

  6. Gade Matye 26:34–35, 69–75.

  7. Gade Travay 4:8–10; Neal A. Maxwell, “Kontni avèk bagay ki Dispoze pou Nou Yo,” Ensign, Me 2000, 74; Liahona,: “Lè sa aliyen espirityèlman, yon ekilib ka vini, menm lè nou pa konnen ‘siyifikasyon tout bagay’ [1 Nefi 11:17].”

  8. Gade John R. Wooden, Wooden on Leadership (2005), 50: “Mwen defini ekilib kòm konsekan a tèt nou, nou pa ebranle, ni pasi pala, ni san balans nan kèlkeswa sikonstans ak sityasyon. Sa ka parèt fasil, men, ekilib ka yon kalite ki difisil pou n twouve nan moman difisil. Lidè ki manke ekilib yo panike anba presyon.

    “Ekilib vle di kenbe fèm nan kwayans ou epi aji annakò avèk yo, kèlkeswa jan sityasyon an move oswa bon. Ekilib vle di evite pran pòz oswa pretann, konpare tèt ou avèl lòt moun, ak aji tankou yon moun ou pa ye. Ekilib vle di gen yon kè brav nan tout sikonstans.”

  9. Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 40.

  10. Russell M. Nelson, “Chwa pou Letènite” (devosyon mondyal pou jèn adilt yo, 15 Me, 2022), broadcasts.ChurchofJesusChrist.org

  11. 1 Nefi 3:7.

  12. 1 Nefi 4:6.

  13. Jan 4:35.

  14. Doktrin ak Alyans 43:34; gade tou James E. Faust, “Diyite pou tèt ou,” Ensign, Me 1981, 10: “Diyite pwòp tèt ou amelyore anpil lè w gade anwo pou w chèche sentete. Tankou pyebwa jeyan yo, nou dwe chèche limyè a. Sous limyè ki pi enpòtan nou ka vin konnen se don Sentespri a. Se sous fòs ak lapè enteryè.”

  15. Gade Russell M. Nelson, “Lajwa ak Sivi Espirityèl,” Liahona, Nov. 2016, 82: “Chè frè m ak sè m yo, lajwa nou santi a pa gen anyen pou l wè avèk sikonstans lavi nou men li depann sou kisa nou konsantre lavi nou.”

  16. Gade Mozya 23:27–28.

  17. David A. Bednar, “Se poutèt sa yo mete silans laperèz yo,” Liahona, Me 2015, 46–47.

  18. Gade Jeffrey R. Holland, Jounen Etwal Nou an Leve: Eksplore Nouvo Testaman an avèk Jeffrey R. Holland (2022), 61–62: “Anplis, moun ki te ansanm avèk Li yo te gen eksperyans—onz nan douz orijinal yo te Galileyen (sèlman Jida Iskaryòt te yon Jideen). Epi sis nan onz sa yo se te pechè pwason. Yo t ap viv sou lak sa a. Yo te okipe tèt nan peche pwason sou li. Yo te la depi yo te timoun. Zansèt yo te fè yo pyese filè ak fè reparasyon sou bato a llè yo te jèn anpil. Yo konnen lanmè sa a; yo konnen van yo ak vag yo. Yo se òm ki gen eksperyans—men yo te pè. Epi si yo pè, sa a se yon tanpèt lejitim.”

  19. Gade nan Mark 4:35–39.

  20. Mak 4:40.