Konferans Jeneral
Ozana pou Bondye ki Pi Wo a
Konferans jeneral avril 2023


Ozana pou Bondye ki Pi Wo a

Antre triyonfal Jezikri nan Jerizalèm nan avèk evenman ki te pase nan semèn ki te suiv la ba nou egzanp doktrin nou ka aplike nan lavi nou jodi a.

Jodi a, jan sa te deja di, nou rejwenn Kretyen yo atravè mond lan pou nou onore Jezikri nan Dimanch Ramo sa a. Sa gen prèske de mil ane, Dimanch Ramo sete kòmansman dènye semèn ministè Jezikri nan mòtalite a. Sete semèn ki te pi enpòtan nan istwa lèzòm.

Sa ki te kòmanse avèk anons Jezi kòm Mesi yo te pwomèt la nan antre triyonfal Li nan Jerizalèm nan te fèmen avèk Krisifiksyon ak Rezirèksyon L la.1 Pa dekrè diven, sakrifis ekspyatwa L la te konkli ministè mòtèl Li, sa ki rann posib pou nou viv avèk Papa nou ki nan Syèl la pou letènite.

Ekriti yo di nou ke semèn nan te kòmanse avèk foul moun ki te kanpe nan pòt vil la pou yo te ka wè “Jezi pwofèt Nazarèt nan Galile a.”2 Yo te “pran branch pye palmis, epi yo te ale rankontre l, epi kriye: Ozana: Benediksyon pou Wa Izrayèl la ki vini nan non Senyè a.”3

Istwa biblik tan lontan sa a raple m lè m t al ranpli yon tach pou Legliz la nan Takoradi, Gana. Sa ki remakab, mwen te la nan Dimanch Ramo a.

Imaj
Yon kongregasyon nan Takarodi, Gana

Mwen te gen pou m te divize Pieu Takoradi Ghana a pou kreye Pieu Mpintsin Ghana a. Jodi a, gen plis pase san mil manm Legliz la nan Gana.4 (Nou swete byenveni a sa majeste, Ga Mantse, Wa Nii Tackie Teiko Tsuru II a ki soti Akra, Gana, ki avèk nou jodia.) Pandan m te reyini avèk Sen sa yo, mwen te santi lanmou pwofon yo ak atachman yo pou Senyè a. Mwen te eksprime gwo lanmou m pou yo, epi m te di yo ke Prezidan Legliz la renmen yo. Mwen te pale de pawòl Sovè a ke Jan te ekri yo: “Se pou nou youn renmen lòt, jan m renmen nou an.”5 Yo te rele konferans sa a “Konferans mwen renmen w lan.”6

Imaj
Èldè Rasband k ap bay lamen nan Takoradi, Gana

Pandan m t ap gade ranje chè frè ak sè sa yo ak fanmi yo nan chapèl la, mwen te kapab wè nan figi yo reflè temwayaj yo ak lafwa yo nan Jezikri. Mwen te santi dezi yo pou yo te konte kòm yon pati nan gwo Legliz Li a. Epi, lè koral la te chante, yo te chante tankou zanj.

Imaj
Koral nan Takoradi, Gana
Imaj
Èldè Rasband avèk manm nan Gana yo

Tankou Dimanch Ramo otrefwa a, moun sa yo sete disip Jezikri ki te rasanble pou rann ni omaj, menmjan avèk moun ki te nan pòt Jerizalèm yo ki, avèk fèy palmis nan men yo, te di a: “Ozana …: Benediksyon pou limenm ki vini nan non Senyè a.”7

Imaj
Foul k ap ajite fèy palmis nan Gana

Te gen menm pawasyen ki te nan yon lòt legliz toupre a ki t ap onore Dimanch Ramo a tou. Pandan m t ap pale sou chè a, mwen te remake atravè fenèt la ke yo t ap mache ak kè kontan desann lari a pandan yo t ap ajite fèy palmis nan men yo, prèske tankou moun yo nan foto sa a. Se te yon espektak mwen p ap janm bliye, nou tout jou sa a t ap adore Wa tout wa yo.

Prezidan Russell M. Nelson te egzòte nou pou nou fè Dimanch Ramo a “vrèman sen nan sonje, pa sèlman fèy palmis yo ke moun yo te ajite pou onore antre Jezi nan Jerizalèm nan, men tou, nan sonje pla men Li.”” Apresa Prezidan Nelson te pale de Ezayi, ki te pale de pwomès Sovè a sa a: ”Mwen pap janm bliye nou,’ avèk pawòl sa yo: “Gade, mwen grave ou nan pla men m.”8

Senyè a konnen pèsonèlman ke mòtalite a difisil. Blesi L yo raple nou ke li te “desann pi ba pase… yo tout”9 pou L te ka pote nou sekou lè n ap soufri epi pou L se egzanp nou nan “rete sou wout nou,”10 wout pa L la, ke “Bondye ap avèk [nou] pou tout tan.”11

Dimanch Ramo a se p at sèlman yon evenman, yon lòt paj nan listwa avèk yon dat, yon tan, ak yon kote. Antre triyonfal Jezikri nan Jerizalèm nan avèk evenman ki te pase nan semèn ki te suiv la ba nou egzanp doktrin nou ka aplike nan lavi nou jodi a.

An nou egzamine kèk nan doktrin etènèl ki te akonpli atravè konklizyon ministè L la nan Jerizalèm nan.

Premyèman, pwofesi. Pa egzanp, Zakari pwofèt Ansyen Testaman an te pwofetize konsènan antre triyonfal Jezikri nan Jerizalèm nan, li te menm dekri ke Li t ap sou yon bourik.12 Jezi te predi Rezirèksyon L lan pandan L t ap prepare pou L antre nan vil la, li te di:

“Gade, n ap monte nan Jerizalèm; kote yo pral lage Pitit lòm nan nan men chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo, epi yo pral kondane l amò,

“Epi yo pral lage Li bay Janti yo pou yo pase l nan rizib, pou yo bat li ak kout fwèt, apresa pou yo kloure L sou yon kwa. Men sou twa jou L ap leve soti vivan nan lanmò.”13

Dezyèmman, konpayi Sentespri a. Joseph Smith te anseye: “Pèsonn pa ka konnen ke Jezi se Senyè a, men pa Sentespri a.”14 Sovè a te pwomèt disip Li yo15 nan Dènye Soupe a16 nan chanmòt anwo a,17 “Mwen pa p kite nou òfelen.”18 Yo pa t ap poukont yo pou yo te fè verite levanjil yo avanse men yo t ap gen don siprèm Sentespri a pou gide yo. “M ap ba nou kè poze, m ap fè kè nou poze nan jan pa mwen,” Li te pwomèt yo, “Mwen p ap fè li pou nou dapre lemonn.”19 Avèk don Sentespri a nou gen menm asirans sa a; ke nou kapab toujou gen Lespri li avèk [nou]”20 epi “pa pouvwa Sentespri a [nou] kapab konnen verite tout bagay.”21

Twazyèmman, disip. Pou yon moun se vrè disip, sa mande yon angajman san fay, obeyisans pou lwa etènèl yo, ak lanmou pou Bondye, premyeman e avantou. San doute. Foul moun ki te rann omaj avèk fèy palmis yo te salye Li kòm Mesi a. Se te egzakteman sa L te ye. Yo te atire sou Li, sou mirak Li yo, ak ansèyman L yo. Men, pou anpil moun, adorasyon sa a pa t dire. Kèk nan moun ki avansa te rele, “Ozana”22 yo te vire byen vit epi yo te rele, “Krisifye Li. ”23

Katriyèmman, Ekspyasyon Jezikri a.24 Nan dènye jou L yo, apre Dimanch Ramo a, Li te akonpli Ekspyasyon remakab Li a, soti nan agoni Jetsemane a rive nan mokri pwosè L la, tòti L sou kwa a, ak antere Li nan yon tonm yo te prete. Men sa pa t rete la. Avèk majeste apèl Li kòm Redanmtè tout pitit Papa l yo, twa jou apre, Li te leve soti nan tonm sa a, resisite,25 jan Li te pwofetize a.

Èske nou toujou rekonesan pou Ekspyasyon enkonparab Jezikri a? Èske nou santi pouvwa pirifikatè Li, kounyea? Se poutèt sa Jezikri, Otè a ak Finisè sali nou an, te ale Jerizalèm, pou L te sove nou tout. Èske pawòl Alma sa yo touche nou: “Epi, gade kounyeya m ap di nou, frè m yo, si nou te santi yon chanjman nan kè nou, e si nou te anvi chante chan lanmou redanmtè a, m vle mande, èske nou kapab santi sa kounyeya?”26 Mwen ka vrèman di, koral la nan Takoradi a jou Dimanch Ramo sa a te chante “kantik amou redanmè a.”

Nan dènye semèn fatidik ministè Li nan mòtalite a, Jezikri te bay parabòl dis vyèj yo.27 Li t ap anseye sou retou Li vin jwenn moun ki te prepare pou resevwa Li, non pa avèk fèy palmis nan men yo men avèk limyè levanjil la andedan yo. Li te itilize imaj lanp limen k ap brile, ak luil siplemantè pou alimante flanm nan, kòm yon deskripsyon sou volonte nou pou nou viv selon fason Li, selon verite Li, ak pataje limyè Li.

Nou konn istwa a. Dis vyèj yo reprezante manm Legliz yo, epi lemarye a reprezante Jezikri.

Dis vyèj yo te pran lanp yo epi yo “te ale rankontre lemarye a.”28 Senk te gen sajès, yo te prepare avèk luil nan lanp yo ak luil an rezèv, epi senk ki te fòl yo, lanp yo te etenn san yo pa t gen luil an rezèv. Lè apèl la te vini, “Gade, lemarye a vini; ale pou rankontre l”29 la, senk ki te “saj epi ki [te] resevwa laverite, epi ki [te] pran Sentespri a pou gid yo”30 a, yo te pare pou “wa yo a ak lejislatè yo a”31 ke “laglwa li [ta] dwe sou yo.”32 Lòt senk yo t ap eseye jwenn luil tout kote. Men li te twò ta. Pwosesyon an te ale san yo. Lè yo te frape epi yo te sipliye pou yo antre, Senyè a te reponn: “Mwen pa konnen nou.”33

Kijan nou t ap santi nou si li te di nou, “Mwen pa konnen nou!”

Noumenm, tankou dis vyèj yo, gen lanp; men èske nou gen luil? Mwen pè ke gen kèk moun k ap fonksyone jis avèk yon ti kras luil, paske yo twò okipe pa presyon mond lan pou yo prepare yo konvenableman. Luil soti nan kwè ak aji selon pwofesi ak pawòl pwofèt vivan yo, Prezidan Nelson an patikilye, Konseye l yo, ak Douz Apot yo. Luil ranpli nanm nou lè nou tande ak santi Sentespri a epi nou aji sou gidans divin sa a. Luil vide nan kè nou lè chwa nou montre ke nou renmen Senyè a epi nou renmen sa Li renmen. Luil soti nan repanti ak chèche gerizon Ekspyasyon Jezikri a.

Si gen kèk nan nou k ap chèche ranpli sa kèk moun rele “yon lis bagay pou nou fè,” men konsèy mwen ba nou: Ranpli bokit nou avèk luil sou fòm dlo lavi Jezikri a,34 ki se yon reprezantasyon lavi L ak ansèyman L yo. An kontras, derape apati yon pozisyon byen lwen oswa yon evenman espektakilè pa p janm kite nanm ou santi l ranpli ni satisfè; viv doktrin Jezikri te anseye a ap fè sa. Mwen te mansyone kèk egzanp talè a: anbrase pwofesi ak ansèyman pwofèt yo, aji selon enspirasyon Sentespri a, vin yon vrè disip, epi chèche pouvwa gerizon Ekspyasyon Senyè nou an. Lis bagay pou w fè sa a ap mennen w nan yon kote w vle ale a—retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la.

Dimanch Ramo sa a nan Takoradi a sete yon eksperyans trè espesyal pou mwen paske m te pataje l avèk yon kongregasyon frè ak sè fidèl. Se konsa sa te ye sou kontinan ak zile yo toupatou nan mond lan. Kè mwen ak nanm mwen, tankou pa nou, anvi rele, “Ozana pou Bondye ki Pi Wo a.”35

Menm si nou pa kanpe nan pòt Jerizalèm yo jodia avèk fèy palmis nan men nou, lè a ap vini kote, jan yo pwofetize nan Revelasyon an, “yon gwo foul moun pèsonn pa t kapab konte, soti nan tout nasyon, tout kalite ras, pèp tout peyi ak tout lang, [pral kanpe] devan twòn nan, ak devan ti Mouton an, abiye ak rad blan, ak fèy palmis nan men yo.36

M ap kite avèk nou benediksyon mwen kòm yon Apot Jezikri, pou nou ka fè efò avèk dilijans pou n viv yon lavi jis epi pou nou pami moun ki, avèk fèy palmis nan men yo, pral anonse Pitit Gason Bondye a, Gran Redanmtè nou tout la. Nan non Jezikri, Amèn.

Nòt

  1. Toulè kat levanjil yo—Matye 21–28; Mak 11–16; Lik 19–24; ak Jan 12–21—dekri dènye jou ministè Jezikri a nan mòtalite a, ki te fèt divinman pou fè benediksyon sali ak egzaltasyon yo disponib pou tout pitit Bondye yo. Pafwa otè yo gen diferans nan sa yo eksplike yo men pa nan ansèyman ak aksyon Sovè a.

  2. Gade Matye 21: 10–11.

  3. Jan 12:13.

  4. Selon Rejis Manm ak Statistik yo, gen 102.592 manm nan Gana.

  5. Jan 15:12.

  6. Chak fwa m te pale avèk manm yo, yo te konn di m: “Èldè Rasband, chè Apot nou an, mwen renmen ou.” Moun sa yo sitèlman ranpli ak Lespri a ak lanmou Bondye ke yo pataje lanmou sa a fasil.

  7. Matye 21:9.

  8. Russell M. Nelson, “Lapè ak Lesperans Pak la” (video), Avr. 2021, ChurchofJesusChrist.org/media; Ezayi 49:16.

  9. Doktrin ak Alyans 122:8. Nan mwa Oktòb 1838 la, Pwofèt Joseph ak yon ti ponyen lòt dirijan Legliz la te nan prizon nan Libète. Kondisyon yo te terib. Apre kèk mwa nan sikonstans mizerab, li te ekri manm yo nan mwa Mas 1839, ki gen ladan priyè kote li te priye Senyè a pou gen konpasyon pou sitiyasyon li ak “soufrans Sen yo.” Li te pataje repons Senyè a pou priyè sa yo tou, jan sa ekri nan Doktrin ak Alyans 121–23.

  10. Doktrin ak Alyans122:9. Ankourajman Senyè a te bay Joseph Smith nan Prizon Libète a te pote ba li rekonfò ak konpreyansyon espirityèl ke advèsite ak eprèv ka fòtifye nou, anseye nou pasyans ak metriz tèt nou. Senyè a te mande l pou l te “rete sou wout ou,” ki sete chemen Senyè a, pou l te andire tretman enjis la tankou “Pitit Gason [Bondye a, ki] te desann pi ba pase tout bagay. Èske ou pi gran pase l?” (Doktrin ak Alyans 121:8).

  11. Doktrin ak Alyans122:9. Pwomès ke Bondye “ap avèk ou” a se yon pwomès asire pou moun ki kenbe lafwa yo fèm epi ki mete konfyans yo nan Senyè a.

  12. Gade Zakari 9:9.

  13. Matye 20:18–19. James E. Talmage ekri nan Jésus le Christ: “Se yon … reyalite etonan ke Douz yo pa t rive konprann siyifikasyon Li. … Pou yo te gen yon diskòdans terib, yon enkonsistans terib oswa kontradiksyon ineksplikab nan pawòl Mèt byeneme yo a. Yo te konnen ke Li se Kris la, Pitit Bondye vivan an; e kijan yo te kapab fè yon Moun konsa soumèt anba yo pou yo te touye l” 1916], 502–3).

  14. Joseph Smith te fè deklarasyon sa a nan Sosyete Sekou Fi a nan Nauvoo, le 28 avril 1842, jan sa te site nan “Istwa Joseph Smith,” Deseret News, 5 Septanm 1855, 218. Anpalan de douzyèm chapit 1 Korentyen an, li te klarifye twazyèm vèsè a, “Pèsonn pa ka di ke Jezi se Senyè a, si se pa atravè Sentespri a,” kote l te revize li pou l te di, “Pèsonn pa ka konnen ke Jezi se Senyè a si se pa atravè Sentespri a.” Gade The First Fifty Years of Relief Society: Key Documents in Latter-day Saint Women’s History [2016], 2.2, churchhistorianspress.org.)

  15. Jezi te pataje Dènye Soupe a ak disip Li yo (gade Mak 14:12–18). Douz yo sete Pyè, Andre, Jak, Jan, Matye, Filip, Toma, Barthélemy, ak (pitit gason Alphée), Jida Iskaryòt, Jid (frè Jak), ak Simon (gade Lik 6:13–16).

  16. Jezi te enstitiye sentèn nan avèk disip Li yo nan Dènye Soupe a (gade Matye 26:26–29; Mak 14:22–25; Lik 22:19–20).

  17. Jou/lannuit espesifik kote Jezi te etabli Dènye Soupe a nan “chanm anwo” a aktyèlman konteste akoz dezakò aparan ant Matye, Mak, ak Lik ak Jan. Matye, Mak, ak Lik sijere ke Dènye Soupe a te pran plas nan “premye jou fèt pen san ledven an,” oswa manje fèt Pak la (gade Matye 26:17; Mak 14:12; Lik 22:1, 7). Sepandan, Jan sigjere ke yo te arete Jezi anvan repa fèt Pak la (gade Jan 18:28), ki vledi ke Dènye Soupe a te fèt yon jou pi bonè pase repa fèt Pak la. Materyèl kourikoulòm Legliz la ak moun ekspè Sen Dènye Jou yo sanble yo dakò ke Jezi te fè Dènye Soupe a avèk disip Li yo nan Chanmòt la nan aswè anvan yo te kloure L sou kwa a. Kretyen ki selebre Semèn Sent yo rekonèt Jedi kòm jou Dènye Soupe a, Vandredi kòm jou Krisifiksyon an, ak Dimanch kòm jou Rezirèksyon an—daprè kalandriye Gregoryen an.

  18. Jan 14:18.

  19. Jan 14:27.

  20. Doktrin ak Alyans 20:77.

  21. Mowoni 10:5.

  22. Diksyonè Bib la eksplike, ozana vledi “sove kounye a.” Yo pran mo a nan Sòm 118:25. “Pawòl yo nan sòm sa a te konekte avèk Fèt Tabènak la avèk vag branch palmis yo t ap ajite yo; se sa ki mennen itilizasyon mo a pa foul moun yo nan antre triyonfal Senyè nou an nan lavil Jerizalèm nan” (Diksyonè Bib la, “Ozana”). Gade Matye 21:9, 15; Mak 11:9–10; Jan 12:13.

  23. Mak 15:14; Lik 23:21.

  24. Pwen santral nan plan Sali Papa nou ki nan Syèl la sete yon Ekspyasyon enfini ki t ap asire imòtalite pou tout pitit Li yo ak egzaltasyon pou moun ki diy pou resevwa benediksyon sa a. Lè Senyè a te di: “Kiyès m ap voye?” Jezikri te avanse, Li te di, “Men mwen; voye m” (Abraram 3:27). Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Misyon [Jezikri] a sete Ekspyasyon an. Misyon sa a sete inikman pa Li. Paske Li te fèt soti nan yon manman mòtèl ak yon Papa imòtèl, Li sete sèl moun ki te kapab bay lavi Li volontèman epi pran l ankò (gade Jan 10:14–18). Konsekans gloriye Ekspyasyon L lan te enfini ak etènèl. Li te pran pikan lanmò a epi Li te fè chagren tonbo a vin tanporè (gade 1 Korentyen 15:54–55). Responsablite Li pou Ekspyasyon an te koni menm anvan Kreyasyon an ak Chit la. Non sèlman Li te bay rezirèksyon ak imòtalite pou tout limanite, men tou, Li te pèmèt nou jwenn padon pou peche nou—sou kondisyon etabli pa Limenm. Konsa, Ekspyasyon L lan te louvri chemen ki ap pèmèt nou ini avèk Li ansanm ak fanmi nou etènèlman” (“Misyon ak Ministè Jezikri a,” Liahona, Avr. 2013, 20).

  25. Rezirèksyon se reyini kò a ak lespri a nan yon eta imòtèl, kò a ak lespri a vin enseparab epi yo pa tonbe nan maladi mòtalite oswa lanmò ankò (gade Alma 11:45; 40:23).

  26. Alma 5:26; gade tou Alma 5:14.

  27. Nou jwenn parabòl dis vyèj yo nan Matye 25:1–12; Doktrin ak Alyans 45:56–59. Chapit ki antoure Matye 25 la sijere ke Jezi te anseye parabòl sa a pandan dènye semèn Li an, apre Li te fin antre Jerizalèm nan Matye 21 e jis anvan Dènye Soupe a ak arestasyon Li nan Matye 26. Anplis parabòl dis vyèj yo L te bay nan dènye semèn sa a, Jezi te bay parabòl pye figye a (gade Matye 21:17–21; 24:32–33), parabòl de pitit gason yo (gade Matye 21:28–32), parabòl mari mechan an (gade Matye 21:33–46).

  28. Matye 25:1.

  29. Matye 25:6.

  30. Doktrin ak Alyans 45:57.

  31. Doktrin ak Alyans 45:59.

  32. Doktrin ak Alyans 45:59.

  33. Matye 25:12. Nan Diskou sou Mòn nan, Senyè a fè referans a moun ki pretann ke yo fè “anpil zèv mèveye”, kote L di, jan yo sigjere nan istwa dis vyèj yo, “Mwen pa konnen ou” (gade Matye 7:22–23).

  34. Menmjan dlo vital nan lavi mòtèl la,se konsa tou Jezikri ak ansèyman L yo (dlo vivan an) vital pou lavi etènèl (gade Gid Ekriti yo, “Dlo Vivan,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org; gade tou Ezayi 12:3; Jeremi 2:13; Jan 4:6–15; 7:37; 1 Nefi 11:25; Doktrin ak Alyans 10:66; 63:23).

  35. 3 Nefi 4:32.

  36. Revelasyon 7:9.