2014
Misyon divin Jezikri: Avoka
jiyè 2014


Mesaj vizit nan fwaye, Jiyè 2014

Misyon divin Jezikri: Avoka

Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi chèche konn kisa pou nou pataje.Nan ki fason konprann lavi ak misyon Sovè a ogmante lafwa nou nan li epi beni moun n ap veye sou yo atravè vizit nan fwaye a?Pou plis enfòmasyon, ale nan reliefsociety.lds.org

Lafwa, Fanmi, Sekou

Jezikri se Avoka nou devan Papa a. Mo avoka a gen rasin Laten ki vle di “yon moun k ap plede pou yon lòt.”1 Sovè a ap plede pou nou, l ap itilize konpreyansyon, jistis, ak mizèrikòd. Lè nou konnen sa, sa ka ranpli nou avèk amou ak gratitid pou Ekspyasyon an.

“Koute moun ki se avoka devan Papa a, k ap plede kòz nou devan li a—

“Ki di: Papa, gade soufrans ak lanmò moun ki pa t fè peche a, moun ki te fè ou plezi a; gade san Pitit Gason ou nan ki te koule a, san moun ou te bay pou ou menm ou te kapab glorifye a;

“Se poutèt sa, Papa, epanye frè m sa yo ki kwè nan non mwen yo, pou yo kapab vin jwenn mwen epi pou yo gen lavi etènèl” (D&A 45:3–5).

Konsènan Kris la kòm Avoka nou, Èldè D. Todd Christofferson nan Kolèj Douz Apot yo te di: “Sa gen gwo siyifikasyon pou mwen, dèske nenpòt kilè e nan nenpòt sikonstans m ka apwoche twòn lagras la pa mwayen lapriyè, dèske Papa m ki nan Syèl la ap tande priyè mwen, dèske Avoka m nan, li menm ki pa t peche a, li menm yo te vèse san l lan, ap plede kòz mwen.”2

Nan ekriti yo

Mozya 15:8–9; Mowoni 7:28; Doktrin ak Alyans 29:5; 110:4

Nan Istwa Nou

Atravè tout istwa Legliz Senyè a, fi ki te disip Jezikri yo te suiv egzanp li. Estè sete yon avoka fidèl ak plen kouraj. Kouzen li, Madoche te voye yon kopi lòd wa a te bay pou yo te detwi tout Juif yo, epi li te mande l pou l te “al bò kot [wa a] pou mande l gras pou pèp li a.” Li te ajoute: “Ou pa janm konnen si se pa pou move pa sa a ou te vin rèn jounen jodia?” (Estè 4:8, 14.)

Malgre danje ki te genyen nan al plede kòz pèp li a, Estè te dakò: “M aval kote wa a, atout lwa a defann sa. Si se pou m mouri, ma mouri” (Estè 4:16).

Apresa Estè te pale enbleman avèk wa a epi “li te lage kò l nan pye l ap kriye, epi li te mande l … pou l revoke lòd… pou te detwi Juif yo.” Li te ajoute: “Mwen pa ka rete konsa pou m wè destriksyon pèp mwen an.” (gade Estè 8:3, 5–6). Kè wa a te adousi, epi li te aksepte sa l te mande a.3

Nòt

  1. Gade Russell M. Nelson, “Jesus Christ—Our Master and More” (Kwendfe nan Inivèsite Brigham Young, 2 Fev 1992), 4; speeches.byu.edu.

  2. D. Todd Christofferson, “I Know in Whom I Have Trusted,” Ensign, Me 1993, 83

  3. Gade tou Filles dans mon royaume: L’histoire et l’oeuvre de la Société de Secours (2011), 180.

Konsidere bagay sa a

Kijan lefèt ke Jezikri se avoka nou an kapab enspire nou pou n bay lòt moun mizèrikòd ak padon?