2014
Aprann konnen grann mwen
jiyè 2014


Jèn yo

Aprann konnen grann mwen

Otè a ap viv nan Virginie, nan Etazini.

Pou youn nan pwojè Jènfi m yo, mwen te aksepte ede grann mwen chèche zansèt li yo nan vire mikwofim nan sant istwa familyal la nan Mesa, nan Arizona, Etazini. Pandan nou te chita kòtakòt ap chèche fanmi nou, m te kòmanse ap mande tèt mwen: “Èske m reyèlman konn tout bagay sou grann mwen ki chita bò kote m nan?”

Nou te jwenn anpil manm fanmi, nou te prepare enfòmasyon yo, epi nou t ale nan tanp Mesa a nan Arizona pou n te fè batèm ak konfimasyon. Yon ti bout tan apre, grann mwen te ban m yon konpilasyon sou istwa familyal li.

Paske li soufri ak doulè rimatis, li trè difisil pou grann mwen tape. Mwen renmen ede l sou konpitè a. Ansanm, nou ekri istwa lavi li pou benefis espirityèl fanmi nou. Mwen renmen patisipe nan lavi li ak aprann si anpil sou istwa Legliz la pandan m ap kolabore nan pwojè sa yo.