2014
Pwomès pou fè kè yo vire a
jiyè 2014


Mesaj Premye Prezidans lan, Jiyè 2014

Pwomès pou fè kè yo vire a

Imaj
Prezidan Henry B. Eyring

Manman m, Mildred Bennion Eyring, te grandi nan kominote agrikòl Granger la, nan Uta, nan Etazini. Youn nan frè l yo, Roy, te suiv biznis elve mouton fanmi an. Pandan l te jèn, li te konn pase plizyè semèn lwen lakay li. Avèk letan, li te vin mwens enterese nan Legliz la. Finalman li te demenaje ale Idaho, nan Etazini, li te marye, epi l te gen twa pitit. Li te mouri nan laj 34 tran pandan ke madanm ni te gen 28 tan epi timoun yo te piti.

Malgre fanmi Roy t ap viv Idaho epi manman m te demenaje al viv yon distans 4.025 kilomèt nan New Jersey, nan Etazini, li te toujou ekri yo lèt lanmou ak ankourajman. Avèk afeksyon, fanmi tonton m nan te rele manman m “Tant Mid.”

Anpil ane te pase, epi yon jou m te resevwa yon apèl telefòn nan men youn nan kouzen m yo. Li te di m madanm Roy te mouri. Kouzen m nan te di: “Tant Mid t ap vle pou w konn sa.” Tant Mid te mouri depi lontan, men fanmi an te toujou santi amou li e yo te vle fè m konnen.

Sa te frape m pou m te wè kijan manman m te ranpli yon wòl nan fanmi li tankou wòl pwofèt Nefit yo te ranpli nan fanmi yo a kote yo te rete pwòch fanmi yo yo te vle mennen nan levanjil Jezikri a. Nefi te ekri yon resi li te espere k t ap enfliyanse pitit frè l yo pou fè yo retounen nan lafwa papa yo, Leyi: Pitit gason Mozya yo te montre menm lanmou sa a lè yo t ap preche desandan Leyi yo levanjil la.

Senyè a prepare mwayen pou ke nan fanmi nou nou santi lanmou ki ka kontinye pou tout tan. Jèn yo nan Legliz la jodia ap santi kè yo vire sou fanmi yo. Y ap chèche non manm fanmi yo ki pa t gen opòtinite pou yo te resevwa òdonans sali yo nan lavi sa a. Yo pote non sa yo nan tanp. Lè yo antre nan dlo batèm nan, yo gen opòtinite pou yo santi amou Senyè a ak amou manm fanmi sa yo y ap fè òdonans pa pwokirasyon pou yo a.

Mwen ankò sonje lanmou ki te nan vwa kouzen m nan ki te rele m nan e ki te di: “Manman nou mouri wi, e Tant Mid t ap renmen pou w konnen sa.”

Sa nan pami nou yo ki fè òdonans pou manm fanmi yo ap lonje lamen nan lanmou, jan pitit gason Mozya yo ak pwofèt Nefi te fè a. Menmjan avèk yo, n ap santi lajwa pou moun sa yo ki aksepte ofrann nou an. Nou ka atann pou n santi menm gwo satisfaksyon Amon an, ki te apwopo travay misyonè li pami manm fanmi elwaye l yo:

“Se poutèt sa, an nou rejwi wi, n ap rejwi nan Senyè al wi, n ap rejwi paske nou ranpli ak lajwa; wi, n ap louwe Bondye pou tout tan. Gade, kiyès ki kapab louwe non Senyè a twòp? Wi, kiyès ki kapab pale twòp sou gwo pouvwa li a, ak mizèrikòd li, ak andirans li pou byen lèzòm? Gade, m ap di nou, m pa kapab di ti kal nan sa m santi” (Alma 26:16).

Mwen rann temwayaj ke santiman lanmou nou genyen pou manm fanmi nou yo—kèlkeswa kote yo ye—se yon akonplisman pwomès ki di Eli te vini an. Li te vini. Kè pitit yo vire sou papa yo, epi kè papa yo vire sou pitit yo (gade Malachi 4:5–6; Joseph Smith—Istwa 1:38–39). Lè nou santi pouse pou nou chèche non zansèt nou yo epi pote non sa yo nan tanp lan, se eksperyans akonplisman pwofesi sa a n ap fè.

Se yon benediksyon pou n viv nan epòk sa a kote pwomès pou vire kè yo a ap akonpli a. Mildred Bennion Eyring te santi pouse sa a nan kè li. Li te renmen fanmi frè l la, epi li te lonje lamen ba yo. Yo te santi kè yo vire avèk amou sou Tant Mid paske yo te konnen li te renmen yo.

Ansèyman nan mesaj sa a

Ou gen dwa vle li pwofesi sou espri Eli a avèk moun w ap vizite yo (gade Malachi 4:5–6; Joseph Smith—Istwa 1:38–39). Diskite sou fason pou yo vin angaje nan istwa familyal, ansanm avèk zouti tankou endeksing, foto, ak blòg. Si moun w ap vizite yo pa abitye avèk bagay sa yo FamilySearch.org, panse pou w pran yon ti tan pou montre yo.