2017
Yon souri ka fè yon diferans
janvye 2017


Jèn yo

Yon souri ka fè yon diferans

Prezidan Uchtdorf idantifye de objektif nou ta kapab genyen pou aksyon nou yo: renmen Bondye ak renmen pwochen nou. Men, kèkfwa li senpleman pa fasil pou renmen lòt moun. Atravè tout lavi ou, ka gen moman kote ou twouve l difisil pou asosye w avèk lòt moun---petèt yon moun te fè ou mal oubyen ou te gen difikilte pou kominike oubyen pou annakò avèk yon moun. Nan moman sa yo, eseye sonje amou ou te santi nan men zanmi, fanmi, Papa nou ki nan syèl la, ak Jezikri. Sonje lajwa ou te santi nan sitiyasyon sa yo epi eseye imajine si chak moun ta gen opòtinite pou yo ta santi yon amou konsa. Sonje ke tout moun se yon pitit fi oubyen pitit gason Bondye epi yo merite amou Li ak amou pa ou.

Panse sou kèk moun espesifik nan lavi w ou gen difikilte pou w antann ou avèk yo. Mete yo nan lapriyè ou epi mande Papa nou ki nan Syèl la pou L ouvri kè w pou yo. Byen vit w ap vin kòmanse wè yo jan Li wè yo a: kòm youn nan pitit Li yo ki merite amou.

Apre ou fin priye, fè yon bagay janti pou yo! Petèt envite yo al nan yon aktivite Legliz la oubyen yon sòti avèk zanmi. Ofri pou w ede yo fè yon devwa lekòl. Ou gen dwa menm di “alo” epi souri ba yo. Ti bagay yo ka fè yon gwo diferans … nan lavi pa ou ak pa yo!