2017
Vize nan sant la
janvye 2017


Mesaj Premye Prezidans lan, Janvye 2017

Vize sou Pwen Santral la

Resamman, m t ap gade yon gwoup moun ki t ap pratike amizman tire flèch. Jis nan gade a sèlman, m te reyalize ke si nou vrèman vle metrize tire flèch, sa mande tan ak pratik.

M pa panse nou ka devlope repitasyon yon moun ki maton nan tire flèch si n ap sèlman pratike sou yon miray vid epi apresa nou trase wonn alantou flèch yo. Nou dwe aprann teknik pou jwenn sib la epi vize dirèkteman sou li.

Pentire sib yo

Vize anvan epi desine sib la nan apre ka parèt yon ti jan etranj, men pafwa, se egzakteman menm konpòtman sa a nou demontre nan lòt sikonstans nan lavi a.

Antanke manm legliz la, nou gen tandans pou nou atache tèt nou avèk pwogram, piblikasyon, ak menm doktrin nan levanjil la ki parèt enteresan, enpòtan oswa atiran pou nou. Nou gen tantasyon pou desine sib tout alantou yo, sa ki fè nou panse ke n ap vize nan sant levanjil la.

Sa fasil pou nou fè.

Atravè tout epòk yo, nou resevwa konsèy ak enspirasyon ekselan nan men pwofèt Bondye yo. Nou resevwa direksyon ak klarifikasyon nan anpil piblikasyon, liv ak manyèl Legliz la tou. Nou ta ka fasilman seleksyone sijè levanjil nou pi renmen an, trase yon wonn alantou li, epi deklare ke nou idantyifye sant prensipal levanjil la.

Sovè a klarifye pou nou

Sa se pa pwoblèm epòk pa nou an sèlman. Nan tan lontan, dirijan relijye yo te konn pase anpil tan ap kataloge, klase, epi fè deba pou konnen kiyès nan tout santèn kòmandman yo ki te pi enpòtan.

Yon jou, yon gwoup savan relijye te eseye antre Sovè a nan konfli a. Yo te mande L pou L te bay opinyon L sou yon sijè kote sèlman kèk ladan yo te annakò.

Yo te mande Li, “Mèt, ki kòmandman ki pi konsekan nan lalwa a?”

“Jezi te reponn li, Se pou ou renmen Senyè a, Bondye ou, avèk tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tou lide ou.

“Sa se premye ak pi gran kòmandman an.

“Men dezyèm nan ki gen menm enpòtans avèk li, Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.

“De kòmandman sa yo se fondasyon tout sa ki nan lalwa a ak sa pwofèt yo di.”(1).

Silvouplè, note dènye fraz la “De kòmandman sa yo se fondasyon tout sa ki nan lalwa a ak sa pwofèt yo di.”

Non sèlman Sovè a te montre nou pwen santral la, men Li te idantifye sib la pou nou tou.

Vize sib la

Antanke manm Legliz la, nou fè alyans pou nou pran non Jezikri sou tèt nou. Yon pati nan alyans sa a se konpreyansyon ke nou pral fè efò pou nou aprann konsènan Bondye, pou nou renmen Li, ogmante lafwa nou nan Li, onore L, mache sou chemen Li, epi kanpe tennfas kòm temwen Li.

Plis nou aprann konsènan Bondye e plis nou santi amou Li pou nou, se plis n ap reyalize ke sakrifis enfini Jezikri a se yon don diven Bondye. Epi amou Bondye ap enspire nou pou nou itilize chemen vrè repantans lan, ki ap mennen nan mirak padon an. Pwosesis sa a fè nou vin gen pi gran amou ak konpasyon pou moun bòkote nou. N ap aprann gade odela etikèt yo. N ap reziste anba tantasyon pou nou akize oubyen jije lòt moun akòz peche yo, erè yo, enpèfeksyon, panchan politik, konviksyon relijye , nasyonalite, oubyen koulè po yo.

N ap vin wè chak moun nou rankontre kòm yon pitit Papa nou ki nan Syèl la—frè oswa sè nou.

N ap lonje lamen bay lòt moun avèk konpreyansyon ak amou—menm moun ki gen dwa pa patikilyèman fasil pou nou renmen yo. N ap kriye avèk moun k ap kriye epi konsole moun ki bezwen konsolasyon .2

Epi n ap vin reyalize ke pa gen nesesite pou nou agonize nou osijè sib levanjil kòrèk la.

De gran kòmandman yo se sib la. De kòmandman sa yo se fondasyon tout sa ki nan lalwa a ak tout sa pwofèt yo di.3 Lè nou aksepte bagay sa a, tout lòt bon bagay yo ap tonbe nan plas yo.

Si objektif prensipal nou, panse nou, ak efò nou santre sou ogmante amou nou pou Bondye Toupuisan an ak panche kè nou pou ede lòt moun, nou ka konnen ke nou jwenn vrè sib la epi n ap vize l dirèkteman—n ap vin tounen vrè disip Jezikri.

Ansèyman nan mesaj sa a

Anvan ou pataje mesaj sa a, ou gen dwa chante “Divin amour” (Cantiques no. 59). Apre sa, konsidere pou w ankouraje moun w ap vizite yo pou yo reflechi sou “sib” nan lavi pa yo. Ou gen dwa diskite sou fason yo ka asire yo ke de gran kòmandman yo—“renmen Senyè Bondye w la” ak “renmen pwochen w tankou tèt pa w” la (gade nan Matye 22:37, 39)—toujou gide aksyon yo. Epitou, ou gen dwa pataje kèk fason espesifik kote w te santre pwòp lavi pa w sou Kris la, epi pataje temwayaj ou konsènan fason sa te beni ou.