2017
Objektif Sosyete Sekou
janvye 2017


Mesaj vizit nan fwaye, Janvye 2017

Objektif Sosyete Sekou

Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi chèche enspirasyon pou ou ka konnen kisa pou ou pataje.

Lafwa, Fanmi, Sekou

Objektif Sosyete Sekou se pou “prepare medàm yo pou benediksyon lavi etènèl,” se sa Linda K. Burton, Prezidan Jeneral Sosyete Sekou a te di.1 Se atravè lafwa, fanmi, ak sekou nou angaje nou nan “pati vital travay la.”2

Sosyete Sekou “se yon travay tanporèl ak espirityèl,” se sa Carole M. Stephens, Premyè Konseyè nan Prezidans Jeneral Sosyete Sekou a te di. “Se sa medam yo te fè nan epòk Sovè a, epi se sa n ap kontinye fè.”3

Lè nou gade fanm Samaritèn nan bò pi a, ki te kite bokit dlo l la, epi li te kouri al di lòt moun yo Jezi se yon pwofèt la (gade nan Jan 4:6–42), oubyen Phebe, ki te sèvi lòt moun avèk jwa pandan tout lavi li (gade nan Women 16:1–2), nou kapab wè egzanp fi yo nan epòk Sovè a ki te jwe yon wòl aktif nan vin jwenn Kris la. Se Li menm ki ouvri chemen nou pou lavi etènèl la (gade nan Jan 3:16).

Lè nou gade sè nou yo ki te pyonye nan vil Nauvoo, Illinois yo, ki te rasanble lakay Sarah Kimball an 1842, pou yo te fòme pwòp òganizasyon pa yo a, nou wè plan Bondye pou L mennen Sosyete Sekou vin egziste epi mache kòtakòt avèk Prètriz la. Apre Eliza R. Snow te ekri yon konstitisyon, Pwofèt Joseph Smith te revize li. Li te reyalize ke Legliz la pa t konplètman òganize jiskaske yo te òganize fi yo. Li te di Senyè a te aksepte ofrann yo a, men, te gen yon bagay ki pi bon toujou. Li te di: “M pral òganize fi yo anba prètriz la selon modèl Prètriz la,”4

“Sosyete Sekou sepa t jis yon lòt gwoup fi ki t ap eseye fè bon bagay nan mond lan. Sa te diferan. Sete yon ‘pi bon bagay’ paske li te òganize sou otorite prètriz. Òganizasyon li sete yon etap nesesè nan dewoulman travay Bondye a sou tè a.”5

Ekriti adisyonèl ak enfòmasyon

Doktrin ak Alyans 25:2–3, 10; 88:73; reliefsociety.lds.org

Nòt

  1. Linda K. Burton, nan Sarah Jane Weaver, “Relief Society Celebrates Birthday and More March 17,” Church News, Mas. 13, 2015, news.lds.org.

  2. Linda K. Burton, in Weaver, “Relief Society Celebrates Birthday.”

  3. Carole M. Stephens, nan Weaver, “Relief Society Celebrates Birthday.”

  4. Joseph Fielding Smith, nan Filles dans mon royaume: L’histoire et l’oeuvre de la Société de Secours (2011), null12.

  5. Filles dans mon royaume, 16.

Konsidere bagay sa a

Kouman Sosyete Sekou ede fi yo akonpli wòl diven Papa nou ki nan syèl la genyen pou yo a epi mennen yo nan lavi etènèl?