2018
Kenbe kontak avèk li tout tan, tout kote, nan tout kalite fason
January 2018


Prensip vizit nan fwaye, Janvye 2018

Kenbe kontak avèk li tout tan, tout kote, nan tout kalite fason

Vizit nan fwaye konsène asistans. Jezi te asiste moun tout tan ak tout kote. Nou ka fè menmjan tou.

“Asiste” se rann sèvis, pran swen, oubyen bay èd ki ka kontribye nan konfò ak bonè yon lòt moun. Bi vizit nan fwaye se pou dekouvri fason pou nou asiste moun n ap vizite yo. Jezikri te asiste tout moun—tout tan ak nan tout kote. Li te bay 5.000 moun manje, li te rekonfòte Mat ak Mari nan lanmò frè yo a, epi li te anseye fi bò pi a levanjil la. Li te fè sa akoz lanmou sensè li.

Si n suiv egzanp li, noumenm, enstriktris nan fwaye, ka vin konnen ak renmen chak sè n ap vizite, pandan n ap sonje ke lanmou se fondasyon tout sa nou fè. Lè nou priye pou n jwenn enspirasyon pou n ka konn kijan pou n sèvi li ak ede l fòtifye lafwa li, “nou pa p ka anpeche zanj yo vin asosye avèk [nou].”1

Soti nan jou yo te òganize Sosyete Sekou a an 1842, rive jodia, ministè fi yo beni anpil lavi. Pa egzanp, Joan Johnson, yon vèv 82 zan, ak konpay vizit nan fwaye li vizite vwazin yo a ki gen 89 an e ki gen maladi nemoni. Yo te reyalize ke vwazin nan pa t bezwen yo yon fwa pa mwa sèlman, konsa, yo te kòmanse vizite li chak semèn, an pèsòn oswa nan telefòn.

Pou kèk lòt enstriktris nan fwaye, voye yon tèks oswa yon imel pou bay ankourajman gen dwa se pi bon bagay pou fè pou yon sè mwa sa a. Fè koneksyon pèsonèl epi koute avèk yon atitid lanmou se esans vizit nan fwaye. Teknoloji modèn nan ak vizit an pèsòn ki te toujou egziste a ap ede nou fè sa tout tan, tout kote, nan tout kalite fason.2 Sa se ministre jan Jezi te fè a.

Nòt

  1. Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 454.

  2. Gade Manyèl 2: Administrasyon Legliz la (2010), 9.5.1.