Vini, Suiv Mwen 2024
5–11 Fevriye: “Lib pou Chwazi Libète ak Lavi Etènèl, atravè Gran Medyatè a” 2 Nefi 1–2


5–11 Fevriye: “Lib pou Chwazi Libète ak Lavi Etènèl, atravè Gran Medyatè a.’ 2 Nefi 1–2,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2024)

5–11 Fevriye. 2 Nefi 1–2,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2024)

Imaj
Adan ak Èv ki ap kite Jaden Edèn an

Adan ak Èv, pa Douglas Fryer

5–11 Fevriye: “Lib pou Chwazi Libète ak Lavi Etènèl, atravè Gran Medyatè a”

2 Nefi 1–2

Si w te konn lavi w ta pral fini, ki mesaj final ou tap vle pataje avèk moun ki pi chè pou ou yo? Lè pwofèt Leyi te santi l te prèske nan fen lavi li, li te rasanble pitit li yo yon dènye fwa. Li te pataje avèk yo sa Pè Selès la te revele l. Li te pataje temwayaj li sou Mesi a. Li te anseye moun ki te chè pou li yo verite levanjil li te remnmen yo. Li te pale de libète, obeyisans, Chit Adan ak Èv la, redanmsyon atravè Jezikri, ak lajwa. Se pa tout pitit li yo ki te chwazi pou yo viv selon sa li te anseye yo—okenn nan nou pa ka fè chwa sa yo pou moun nou renmen yo. Men nou ka anseye ak temwaye konmsènan Redanmtè a, ki rann nou “lib pou chwazi libète ak lavi etènèl” (gade 2 Nefi 2:26–27).

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye ak nan Legliz la

2 Nefi 1:13–29

Mwen ka “reveye! epi leve sòti nan pousyè a.”

Nan 2 Nefi 1:13–29, remake pawòl Leyi te itilize yo pou dekri kondisyon espirityèl Laman ak Lemyèl la. Kisa ki ede w reveye nan yon somèy “espirityèl pwofon”? Kisa ki ede w souke “chenn espirityèl yo” nan lavi w? Reflechi sou temwayaj Leyi a nan vèsè 15 ak envitasyon l lan nan vèsè 23. Ki mesaj Pè Selès la genyen pou nou nan vèsè sa a?

Sèvi avèk eleman vizyèl. Itilizasyon eleman vizyèl ap ede elèv yo konprann verite levanjil la epi sonje yo pi lontan. Pandan w ap prepare w pou anseye apati plan sa a, konsidere ki eleman vizyèl ou ta ka itilize. Pa egzanp, petèt yon chèn an papye ta kapab ede elèv yo konprann pawòl Leyi yo nan 2 Nefi 1:13 oswa 2 Nefi 2:27.

2 Nefi 2

Imaj
senbòl seminè
Gras ak Jezikri, mwen “lib pou m chwazi lavi etènèl.”

Fanmi Leyi te nan yon nouvo peyi, chaje avèk nouvo posiblite.kounyeya. Chwa yo te fè nan nouvo kote sa a tap enpòtan pou siksè yo ak bonè yo. Petèt se poutèt sa Leyi te anseye pitit gason l lan Jakòb konsènan libabit, oswa kapasite pou l fè chwa, nan 2 Nefi 2. Pandan w ap etidye vèsè 11–30, ekri repons posib pou kesyon sa yo:

  • Poukisa libabit enpòtan konsa pou Papa nou ki nan Syèl la, menm si gen kèk moun ki itilize l nan fason ki blesan?

  • Kijan advèsè a eseye febli oswa detwi libabit ou?

  • Kijan Sovè a ede nou “chwazi libète ak lavi etènèl”?” (vèsè 27)?

Men yon lòt fason pou aprann enfòmasyon sou libabit nan 2 Nefi 2: Chèche jwenn bagay ki endispansab pou nou pou nou ka gen libabit epi pou nou rive jwenn potansyèl divin nou an. Pa egzanp:

Kisa ki tap rive libabit nou si youn oubyen plis nan bagay sa yo ta manke?

Chak nan sis seksyon yo nan Pou Fòs Jèn yo :Yon Gid pou Mooum ki ap Fè Chwa gen “Envitasyon” ak “Pwomès Benediksyon.” Gade youn oswa plis nan seksyon sa yo, epi chwazi yon pwomès benediksyon ou espere nan lavi w. Ki envitasyon ou bezwen reponn pou w resevwa benediksyon sa a? Anvizaje pataje avèk yon moun benediksyon ou resevwa lè w suiv envitasyon sa yo.

Gade tou Sijè Levanjil yo, “Libabit ak Responsablite,” Bibliyotèk Levanjil la; “Sachez Que Chacun Peut Choisir,” Chant, nimewo 155.

2 Nefi 2:1–4, 6–25

Bondye kapab fè eprèv mwen yo tounen benediksyon.

Leyi te konnen ke jèn pitit gason l lan Jakòb te soufri “afliksyon” ak “anpil tristès” pandan anfans li (2 Nefi 2:1). Poukisa ou panse temwayaj Leyi a nan 2 Nefi 2:1–3, 6–25 tap gen gwo valè pou Jakòb? Poukisa li valab pou ou? Chèche mo ak ekspres ke ou jwenn espesyalman puisan. Kijan Bondye te konsakre afliksyon w yo pou benefis ou? Gade 2 Nefi 2:2.)

Gade tou Women 8:28; Dale G. Renlund, “Enjistis Revòltan,” Lyawona, Me 2021, 41–45.

2 Nefi 2:15–29

Chit Adan an ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a se pati ki pi enpòtan nan plan Papa nou ki nan syèl la.

Anpil moun kwè ke Chit la te sèlman yon trajedi e ke Ev te fè yon erè pèmanan lè li te chwazi pou lmanje fwi a. Nan 2 Nefi 2:15–28, Leyi anseye lòt verite konsènan Chit la—e konsènan redanmsyon atravè Kris la. Pandan w ap chèche vèsè sa yo, fè yon lis verite konsènan sa ki te pase nan Jaden Edèn nan. Kesyon tankou sa yo ta kapab ede:

  • Poukisa Chit la te nesesè?

  • Ki wòl Jezikri te jwe nan simonte efè Chit la?

  • Kijan konprann Chit la korèkteman ede nou konprann pi byen ke nou bezwen Jezikri?

Gade tou Dallin H. Oaks, “Gran Plan Bonè a,” Ensign, Nov. 1993, 72–75.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan Lyawona ak nan magazin Pou Fòs Jèn yo .

Imaj
Jezikri

Let Not Your Heart Be Troubled (Pa Kite Kè W Twouble), pa Howard Lyon

Ide pou Anseye Timoun

2 Nefi 1:13, 15, 23

Jezikri ede m simonte efè peche yo.

  • Pou ede timoum ou konprann envitasyon Leyi a pou “souke chenn” peche yo, petèt ou ta kapab travay ansanm pou fè yon chèn apati yon moso papye. Sou moso papye yo, timoun ou yo ta kapab ede w ekri kèk bagay Satan tante nou pou nou fè. Apre sa, nou ta ka li ansanm 2 Nefi 1:13, 15, 23 pandan y ap fè mizansèn sou kèk nan ekspresyon ki nan vèsè sa yo—ki enkli souke chèn papye a. Kijan nou ka konpare peche avèk yon chenn? Kijan Jezi ede nou “souke chenn” peche yo?

2 Nefi 1:20

Mwen beni lè m obeyi kòmandman Bondye yo.

  • Èske li tap ede timoun ou yo si w ta konpare kòmandman Bondye yo avèk soulye, chapo, gan oswa lòt bagay ki pwoteje nou? Petèt ou ta kapab kite yo eseye kèk nan yo pandan w ap pale de kijan kòmandman yo pwoteje nou. Apre sa, ou ta kapab li 2 Nefi 1:20, pandan w ap ensiste pou di ke nou “pwospere” (beni oswa pwoteje) lè nou respekte kòmandman yo. Pataje yon eksperyans kote w te beni oswa pwoteje paske w te suiv kòmandman yo.

  • Pou ilistre diferans ant pwospere ak soti nan Bondye (gade 2 Nefi 1:20), ou menm ak timoun ou yo ta kapab gade yon plant ki an sante ak yon fèy oswa yon branch ki te rache soti nan plant lan. Apre sa,timoun ou yo te kapab revize chwa ke Nefi ak frè l yo te fè (gade nan 1 Nefi 2:11–16; 3:5–7; 18:9–11). Ki rezilta temwayaj chwa sa te yo bay? Ki chwa ki ede nou rete konekte avèk Bondye?

2 Nefi 2:11, 16, 27

Bondye te ban m libète pou m chwazi.

  • Pou ede pitit ou yo konprann sa Leyi te anseye konsènan kontrè ak fè chwa, ou ta kapab jwe yon jwèt kote ou di yon mo (tankou limyè) epi timoun ou yo di kontrè li (fè nwa). Ede yo aprann poukisa opoze yo fè pati plan Bondye a pandan w ap li ansanm 2 Nefi 2:11, 16. Apre sa ou ta kapab pataje istwa yon timoun ki te gen tantasyon pou l fè yon move chwa. Timoun ou yo ta kapab pataje sa kontrè move chwa a ye epi fè yon senaryo avèk li.

  • Pou aprann konsènan diferans ant “libète” ak “kaptivite” (2 Nefi 2:27), timoun ou yo ta kapab desinen foto yon bèt nan yon kaj ak yon bèt ki nan anviwònman natirèl li. Ki bèt ki lib? Envite timoun yo lonje dwèt yo sou foto ki kòrèk la lè w li mo “lib” la nan 2 Nefi 2:27. Temwaye ke Jezikri rann nou lib.

  • Chante ansanm yon chan tankou “Bien Choisir” (Cantiques, no. 154). Kisa nou aprann nan chan an konsènan fè chwa?

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan magazin Zanmi an.

Imaj
fanmi Leyi ajenou sou yon plaj

Lehi and His People Arrive in the New World (Leyi ak Pèp Li a rive nan Nouvo Mond lan), pa Clark Kelley Price