Vini, Suiv Mwen 2024
12–18 Fevriye: “Nou te Viv nan Bonè.” 2 Nefi 3–5


12–18 Fevriye: ‘Nou te Viv Bonè.’ 2 Nefi 3–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2024)

“12–18 Fevriye. 2 Nefi 3–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2024)

Imaj
Nefi ak madanm li

12–18 Fevriye: “Nou te Viv nan Bonè.”

2 Nefi 3–5

Lè w ap li 1 Nefi, ou ta kapab gen enpresyon ke Nefi se te pratikman yon jeyan. “Gwo nan wotè” ni fizikman ni espirityèlman (1 Nefi 2:16), li te sanble inebranlab pa eprèv li te rankontre yo. Oswa omwen se sa nou ta kapab panse. Byenke lafwa Nefi a te remakab, pawòl tandrès li yo nan 2 Nefi 4 revele ke menm moun fidèl santi yo “mizerab” pafwa epi yo “anvayi fasilman” pa tantasyon. Nou wè isit la yon moun ki ap eseye, ki vle gen lajwa, men “kè l bougonnen poutèt peche [l] yo.” Nou ka fè yon koneskyon avèk sa epi tou avèk detèminasyon sa a pi bay espwa : “Malgre sa, m konnen nan kiyès mwen mete konfyans mwen” (gade nan 2 Nefi 4:15–19

Pandan Nefi ak pèp li a te aprann viv “nan bonè” (2 Nefi 5:27), yo te aprann tou ke bonè pa vini fasil oubyen san kèk peryòd lapenn. Li vini finalman kòm rezilta konfyans nan Senyè a, “wòch lajistis [nou] an.” (2 Nefi 4:35).

Ide pou Aprantisaj lakay ou ak nan Legliz la

2 Nefi 3:6–24

Imaj
senbòl seminè
Bondye te chwazi Joseph Smith pou l te retabli levanjil la.

Leyi te pataje ak pitit gason l Jozèf yon pwofesi Jozèf peyi Lejip te bay. Pwofesi a te konsène “chwa yon vwayan,” Joseph Smith ki te gen pou fèt nan lefiti. Kisa vèsè 6–24 di ke Joseph Smith tap fè pou l beni pèp Bondye a? Konsidere kijan travay Joseph Smith lan gen “gwo valè” pou ou? Ou ta ka jwenn kèk ide nan bann videyo sou Joseph Smith ki nan koleksyon ”Pwofèt Retablisman an” an nan Bibliyotèk Levanjil la. Reflechi sou kesyon tankou sa yo, epi anvizaje anrejistre repons ou yo:

  • Kisa w konnen sou Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri akozde sa Joseph Smith te anseye yo?

  • Kijdiferans ki genyen nan lavi w w akozde sa Senyè a te retabli pa lantremiz Joseph Smith?

  • Ki jan lavi w tap ye si Retablisman an pa t fèt?

Yon pati enpòtan nan misyon Joseph Smith se te pou l te pibliye Liv Mòmon an. Ki sa ou aprann nan chapit sa a sou rezon ki fè Liv Mòmon an enpòtan? An patikilye, ou ta kapab chèche rezon nan vèsè 7, 11–13, 18–24.

Gade tou nan Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 50:24–38 (nan apendis Bib la); Sijè Levanjil yo, ““”Joseph Smith,” Bibliyotèk Levanjil la; “Au grand prophète,” Cantiques, no. 16.

Imaj
Pwofèt Joseph Smith

Prophet of the Lord (Pwofèt Senyè a), by David Lindsley

2 Nefi 4:15–35

“O Senyè, mwen te mete konfyans mwen nan ou.”

Nefi te di li tap “ekri bagay nan mwen”(vèsè 15 Pandan w ap li sa l te ekri nan 2 Nefi 4:15–35, mande tèt ou: “Kisa ki bagay nanm mwen?” Anvizaje ekri yo, jan Nefi te fè a, epi pataje yo avèk moun ou renmen.

Lè w wè jan Nefi te jwenn rekonfò lè l te santi l akable ak enkyè a, sa ka ede w lè w gen menm santiman yo. Gade nan vèsè 15–35 pou pasaj ki pote rekonfò pou ou. èske w konnen yon lòt moun ki ta ka jwenn rekonfò nan pasaj sa yo?

Gade tou nan Ronald A. Rasband, “Bagay Nanm Mwen yo,” Lyawona, Nov. 2021, 39–41.

2 Nefi 5

Mwen ka jwenn kè kontan nan viv levanjil jezikri a.

Kisa w panse sa vle di pou w gen kè kontan? Nefi te ekri ke pèp li a te viv “nan bonè” (2 Nefi 5:27. Ou ta ka chèche chwa Nefi ak pèp li a ki te ede yo gen kè kontan (gade, pa egzanp, nan 2 Nefi 5:6, 10–17). Ki sa ki ka ede w vin gen kè kontan menm jan avèk pèp Nefi a?

2 Nefi 5:20–21

Ki malediksyon ki te vin tonbe sou Lamanit yo?

Nan epòk Nefi a malediksyon Lamanit yo sè ke yo te “separe de prezans [Senyè a] … akoz inikite yo” (2 Nefi 5:20–21). Sa te vle di Lespri Senyè a te soti nan lavi yo. Lè Lamanit yo te anbrase levanjil Jezikri a nan apre, “malediksyon Bondye a pa t tonbe sou yo ankò” (Alma 23:18).

Liv Mòmon an deklare tou ke yon siy po fonse te vin tonbe sou Lamanit yo apre Nefit yo te separe avèk yo. Moun pa fin konprann nèt nati ak aparans siy sa a. Nan kòmansman, siy lan te distenge Lamanit yo ak Nefit yo. Annapre, lè yo chak Nefit yo tankou Lamanit yo te travèse peryòd mechanste ak jistis, mak la te vin pa apwopriye.

Pwofèt yo afime nan epòk nou an ke siy po fonse a se pa yon siy defavè diven oswa malediksyon diven. Prezidan Russell M. Nelson te deklare: “Mwen asire nou ke eta nou devan Bondye pa detèmine pa koulè po nou. Jwi favè oubyen defavè Bondye depann de devouman w pou Bondye ak kòmandman L yo, sa pa depann sou koulè po w” (“Kite Bondye Dirije,” Lyawona, Nov. 2020, 94).

Jan Nefi te anseye a, Senyè a pa “rejte pèsonn ki vin jwenn li, nwa ak blan, esklav ak lib, gason ak fi; … tout moun se menm pou Bondye” (2 Nefi 26:33).

 Gade tou “Till We All Come in the Unity of the Faith” (video), Medyatèk Levanjil la.

Pou plis ide, gade piblikasyon revi Lyawona mwa sa a ak Pou fòs Jèn yo .

Ide pou ansèye Timoun

2 Nefi 3:6–24

Joseph Smith se te yon pwofèt.

  • Konsidere fason w ka anseye timoun ou yo konsènan gwo travay Bondye te akonpli pa mwayen Joseph Smith. Pou kòmanse, ou ta kapab ede timoun yo chèche mo “vwayan” an nan 2 Nefi 3:6 epi eksplike ke yo rele pwofèt yo vwayan paske Pè Selès la ede yo wè bagay nou pa ka wè. Pataje rezon ki fè w rekonesan poutèt nou gen yon vwayan ki ap dirije Legliz la.

  • Liv Ilistrasyon Levanjil la gen plizyè foto ou ta ka itilize pou anseye sou travay Bondye te fè pa mwayen Joseph Smith (gade foto 89–95). Envite timoun yo pou yo pataje sa yo konnen sou foto yo. Poukisa yo rele Joseph Smith yon ”vwayan chwazi”? Kisa Joseph Smith te fè ki te ”gen gwo valè”? (vèsè 7).

2 Nefi 4:15–355

Mwen renmen “bagay Senyè a yo.”

  • Ki sa ki fè nou kontan? Anvizaje li ansanm vèsè ki soti nan 2 Nefi 4 pou nou chèche konnen kisa Nefi te renmen oswa ki te fè l kontan (gade vèsè 15–16, 20–25, 34–35). Nan Mesaj li a “Bagay Nanm Mwen yo,” Èldè Ronald A. Rasband te pataje sèt “bagay Senyè a” ki presye pou li (Lyawona, Nov. 2021, 39–41). Petèt ou ta ka revize lis li a ansanm epi pale de “bagay Senyè a” ki presye pou ou.

  • 2 Nefi 5 dekri bagay ki te ede Nefit yo viv “nan bonè” (vèsè 27). Ou ka bay kèk mo oswa foto ki reprezante bagay sa yo epi ede timoun ou yo matche ak yo avèk vèsè ki nan chapit 5. Kèk egzanp enkli fanmi (vèsè 6), kòmandman Bondye yo (vèsè 10), ekriti yo (vèsè 12), travay (vèsè 15 ak 17), tanp (vèsè 16), ak apèl Legliz la (vèsè 26). Kijan bagay sa yo pote kè kontan pou nou?

2 Nephi 5:15–16

Tanp lan se kay Senyè a.

  • Pandan w ap li 2 Nefi 5:15–16 pou timoun ou yo, yo te kapab pretann y ap ede Nefi bati yon tanp. Ou kapab montre yo foto divès batiman, enkli yon tanp. Ki diferans ki genyen ant tanp yo e lòt batiman yo? Pataje antre nou rezon ki fè tanp lan enpòtan pou nou (gade tou “Oh, j’aime voir le temple,” Chants pour les enfants), 95).

Nenpòt moman kapab yon moman ansèyman. Pa panse a anseye fanmi kòm yon bagay ou fè yon fwa pa semèn pandan yon leson fòmèl. Reflechi sou li kòm yon bagay ou fè tout tan.

Pou plis ide, gade sijè mwa sa a nan magazin zanmi an.

Imaj
Nefit ki konstwi yon tanp

The Temple of Neph (Tanp Nefi a), pa Michael T. Malm