Vini, Suiv Mwen 2024
19–25 Fevriye: “O, Ala Plan Bondye Nou an Gran!” 2 Nefi 6–10


“19–25 Fevriye: ‘O, Ala Plan Bondye Nou an Gran!‘ 2 Nefi 6–10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2024)

“19–25 Fevriye. 2 Nefi 6–10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2024)

Imaj
Jezi ki ap priye nan Jetsemane

Se Pa Volonte Pa M, men Se Volonte Pa W Ki pou Fèt, tablo Harry Anderson

19–25 Fevriye: “O, Ala Plan Bondye Nou an Gran!”

2 Nefi 6–10

Sa te fè omwen 40 an depi fanmi Leyi te kite Jerizalèm. Yo te nan yon nouvo peyi etranje, mwatye yon mond lwen Jerizalèm. Leyi te mouri, epi posterite l te deja kòmanse sa ki t ap vin tounen yon chirepit ki te dire plizyè syèk ant Nefit yo—“ki te kwè nan avètisman ak revelasyon Bondye yo”— e Lamanit yo, ki pa t kwè nan yo (2 Nefi 5:6). Nan sikonstans sa yo, Jakòb, ki sete ti frè Nefi epi ki te òdone kòm enstriktè pou Nefit yo kounyeya, te vle pou pèp alyans lan te konnen ke Bondye pa t ap janm bliye yo, konsa yo pa dwe janm bliye Li. Se yon mesaj nou asireman bezwen jodi a (gade Doktrin ak Alyans 1:15–16). “An nou sonje li … paske Bondye pa chase nou. … Pwomès Senyè a fè nou yo gran anpil” Jakòb te deklare (2 Nefi 10:20–21). Pami pwomès sa yo, okenn pa pi gran pase pwomès yon “ekspyasyon enfini” pou simonte lanmò ak lanfè a (2 Nefi 9:7). Jakòb te konkli: “Se poutèt sa, fè kè nou kontan”! (2 Nefi 10:23).

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

2 Nefi 6–8

Senyè a gen mizèrikòd pou pèp Li a epi L ap respekte alyans Li yo.

Pou l te ede pèp li a konprann ke yo te fè pati kay Izrayèl la epi yo te ka mete konfyans yo nan Bondye ak nan pwomès Li yo, Jakòb te site pwofesi Ezayi yo, ki nan 2 Nefi 6–8la. Mesaj sa a se pou nou tou, paske Sen Dènye Jou yo fè pati pèp alyans Bondye a tou. Pandan w ap li chapit sa yo, reflechi sou kesyon tankou sa yo:

  • Kisa m aprann sou lanmou redanmtè Sovè a genyen pou mwen? Ki mo oswa fraz ki montre lanmou sa a byen?

  • Kisa Sovè a ofri moun k ap chèche L yo?

  • Kisa m ka fè pou m ka “tann” Sovè a ak benediksyon Li pwomèt yo pi fidèlman?

2 Nefi 9:1–26

Imaj
senbòl seminè
Jezikri sove m anba peche ak lanmò.

Yon fason pou nou apwofondi apresyasyon nou pou Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a se panse a sa k t ap rive nou san Limenm. Pandan w ap li 2 Nefi 9:1–26, anvizaje pou w fè lis oubyen make, nan yon sèl koulè, sa ki t ap rive nou san Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a. Epi, nan yon lòt koulè, ou ta kapab souliyen sa nou ka resevwa gras ak Sakrifis Ekspyatwa Sovè a. Dapre sa w li a, ki jan w t ap esplike poukisa nou bezwen Ekspyasyon JeziKri a? Kisa ou te jwenn ke enspire ou pou w fè lwanj pou “sajès Bondye, mizèrikòd li ak gras Li”? (2 Nefi 9:8).

Anplis anseye anba kisa Jezikri te sove nou, Jakòb te bay endikasyon sou fason L te fè sa tou. Konsidere pou w note sa w jwenn nan 2 Nefi 9:11–15, 20–24yo.

Jakòb te tèlman enpresyone pa plan Redanmsyon Bondye a ke li te di, “O ala plan Bondye nou an gran.” Chèche tout sa l te eksklame yo nan 2 Nefi 9 (w ap jwenn pifò nan yo nan vèsè 8–20). Kisa w aprann nan vèsè sa yo konsènan plan Bondye a? Ki eksperyans ki te ede w santi kèk nan sa Jakòb te santi yo? Kòm yon pati nan adorasyon ou ak etid ou, konsidere pou w chèche yon kantik ki ta ka eksprime ki jan w santi w osijè Li, tankou “Seigneur, mon Dieu” (Cantiques, no. 86).

Gade tou “Kote Jistis, Lanmou, ak Mizèrikòd Rankontre, “Jakòb Anseye sou Rezirèksyon an” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la; Sijè Levanjil yo, “Ekspyasyon Jezikri,” Bibliyotèk Levanjil la.

2 Nefi 9:7

Ekspyasyon Sovè a enfini.

Kisa ou ta ka fè pou w pi byen konprann “ekspyasyon enfini Jezikri a”? (2 Nefi 9:7). Petèt ou ta kapab gade oubyen reflechi sou kèk bagay ki sanble yo enfini nan kantite—tankou ti moso zèb nan yon jaden, grenn sab sou yon plaj, oubyen zetwal nan syèl la. Nan kisa Sakrifis Ekspyatwa Sovè a te enfini? Nan kisa li pèsonèl tou. Ki fraz nan 2 Nefi 9 ki ede w santi rekonesans pou sa Sovè a te fè pou ou?

2 Nefi 9:27–54

Mwen ka vin jwenn Kris la epi suiv plan Bondye a.

Nan 2 Nefi 9, Jakòb itilize de fraz puisan e opoze: “plan mezèrikòd gran Kreyatè a” ak “plan mètdam malen an” (2 Nefi 9:6,28). Petèt ou ta ka trase yon chemen epi mete yon etikèt sou li ki rele plan Papa nou ki nan Syèl la. Apresa ch↕che nan 2 Nefi 9:27–52. Chèche avètisman ak envitasyon Jakòb te bay pou ede nou suiv plan sa a. Ekri sa w jwenn yo bò kot chemen an. Ki jan Satan eseye mennen nou lwen plan Bondye a? Kisa w santi Lespri a pouse w fè pou w ka koute avètisman ak envitasyon Jakòb yo?

2 Nefi 10:20, 23–25

Sakrifis Jezi a kapab pote lajwa pou mwen.

Mesaj Jakòb la se te yon mesaj lajwa. Li te di: “M pale nou pawòl sa yo pou nou kapab rejwi, e pou nou leve tèt nou pou tout tan” (2 Nefi 9:3). Pandan w ap li 2 Nefi 10:20, 23–25la, kisa w jwenn ki fè kè w kontan? Kisa w pral fè pou w sonje bagay sa yo lè w santi w dekouraje?

Gade tou nan Jan 16:33; D. Todd Christofferson, “Lajwa Sen yo,” Lyawona, 15–18 Nov. 2019; “Jakòb Ankouraje Nefit yo pou yo Rekonsilye yo avèk Bondye” video), Bibliyotèk Legliz la.

Pou plis ide, gade piblikasyon revi Liahona pou mwa sa a ak Pou Fòs Jèn yo .

Ide pou Anseye Timoun

2 Nefi 9:6–10, 19–24

Jezikri se Sovè mwen.

  • Kijan w ap ede pitit ou yo konprann ak santi ke yo bezwen Sovè a, Jezikri? Paj aktivite semèn sa a ka ede tou. Li itilize yon analoji senp osijè yon twou ak yon nechèl. Konsidere itilize 2 Nefi 9:21–22 pou w pale pitit ou yo de rezon ki fè nou rekonesan anvè Jezikri.

  • Yon fason pou ede pitit ou yo konprann poukisa nou bezwen Sovè a se anseye yo sou Chit la. Ou ta ka montre yon foto Adan ak Èv, tankou Kite Jaden Edenn nan (Bibliyotèk Levanjil la), ak yon foto Jezikri sou kwa a. Envite timoun yo dekri sa k ap pase nan chak foto. Ki jan nou se tankou Adan ak Èv? Petèt 2 Nefi 9:6–10 ka ede yo wè kisa Jezikri fè pou nou. Envite timoun yo pou yo pataje sa yo santi konsènan Jezikri. Yon kantik tankou: “Je ressens son amour” (Chants pour les enfants, no. 42) ta ka ede.

Anseye verite a avèk istwa ak egzanp. Asire w ke istwa ak egzanp ou itilize yo anseye laverite. Pa egzanp, lè w ap itilize paj aktivite semèn sa a, anseye ke Jezikri te desann nan “twou” a pou ede nou nan chak etap ki sou wout la pandan n ap monte li.

2 Nefi 9:20, 28–29, 42–43, 49

“Kè m rejwi nan lajistis“

  • Pou ankouraje pitit ou yo pou yo “[pran plezi] nan lajistis” oubyen pou yo jwayezman obeyi Senyè a (2 Nefi 9:49), petèt ou ta ka pataje egzanp kote yon timoun fè yon bon chwa oswa yon move chwa. Envite timoun yo pou yo kanpe lè chwa a pote bonè ak chita lè chwa a pote tristès. Kilè nou te santi nou kontan poutèt nou fè yon chwa pou nou suiv Jezikri?

  • Pitit ou yo gen anpil chans pou yo kominike avèk moun (si se pa deja) ki panse ke kòmandman Senyè a bay yo ensanse oubyen yo pa alamòd. Petèt oumenm ak pitit ou yo te kapab pale sou fason pou nou eksplike poukisa nou kontan respekte kòmandman yo. Poukisa li enpòtan pou nou fè konsèy Bondye yo konfyans menm si nou pa konprann yo nèt? Ankouraje timoun yo pou yo gade nan 2 Nefi 9:20, 28–29, ak 42–43 pou yo ka jwenn èd pou yo medite ak diskite sou kesyon sa yo.

Pou plis ide, gade nan piblikasyon revi Zanmi mwa sa a.

Imaj
Jezi k ap geri moun

Li te Geri Anpil Kalite Maladi, tablo J.Kirk Richards