Vini, Suiv Mwen 2024
29 Avril–5 Me: “Yon Chanjman Puisan.” Mozya 4–6


“29 Avril–5 Me: ‘Yon Chanjman Puisan.’ Mozya 4–6: ‘Yon Chanjman Puisan,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2024)

“29 Avril–5 Me. Mozya 4–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2024)

Imaj
Wa Benjamen ap anseye pèp li a

In the Service of Your God (Nan Sèvis Bondye W la), pa Walter Rane

29 Avril–5 Me: “Yon chanjman Puisan”

Mozya 4–6

Èske w janm tande yon moun pale ak santi l enspire pou chanje lavi w? Petèt akozde sa w te tande, ou te deside pou w viv yon fason yon ti jan diferan—oubyen menm yon fason diferan anpil. Prèch Wa Benjamen an se te tip prèch sa a, e verite li te anseye yo te gen menm tip efè sa a sou moun ki te tande yo. Wa Benjamen te pataje avèk pèp li a sa yon zanj te anseye li—ke benediksyon mèveye yo te posib gras a “san ekspyatwa Kris la” (Mozya 4:2). Akozde mesaj Li a, yo te chanje fason yo te wè tèt yo (gade nan Mozya 4:2), Lespri a te chanje dezi yo (gade nan Mozya 5:2), epi yo te fè alyans avèk Bondye ke yo tap toujou fè volonte L (gade nan Mozya 5:5). Se konsa pawòl Wa Benjamen yo te afekte pèp li a. Kijan y ap afekte w?

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye ak nan Legliz la

Mozya 4

Gras ak Jezikri, mwen ka resevwa ak konsève padon peche mwen yo.

Pafwa, menm lè w santi w jwenn padon pou peche w yo, ou ta gen dwa ap lite pou w mentni santiman sa a epi rete sou chemen lajistis. Wa Benjamen te anseye pèp li a kijan pou yo te resevwa ak konsève padon pou peche yo. Pandan w ap etidye chapit 4 nan Mozya, anvizajee egzamine kesyon tankou sa yo:

Vèsè 1–8.Ki kondisyon Bondye bay yon remisyon peche ou yo? Kisa ou aprann konsènan Li nan vèsè sa yo ki enspire w pou w repanti? Kijan ou ka konnen ou te repanti?

Vèsè 11–16Selon vèsè sa yo, kisa k ap pase nan lavi nou si nou fè sa yo dekri nan vèsè 11lan? Kijan oumenm, oswa yon moun ou renmen, te fè eksperyans chanjman sa yo? Konpare chanjman sa yo avèk chanjman yo ki dekri nan Mozya 3:19yo?

Vèsè 16–30Kijan pataje sa w genyen avèk lòt moun ka ede w konsève yon padon pou peche w yo? Kijan w ka aplike vèsè 27 la nan efò w ap fè pou w vin tankou Kris?

Nan ki sans nou tout se mandyan? Selon vèsè sa yo, kijan nou dwe trete tout pitit Bondye yo? (gade nan Mozya 4:26). Kiyès ki bezwen èd ou?

Gade tou Becky Craven, “Kenbe Chanjman yo,” Lyawona, Nov. 2020, 58–60)

Mozya 4:5–10

Imaj
senbòl seminè
Mwen kwè e mwen mete konfyans mwen nan Bondye.

Envitasyon wa Benjamen te fè pou moun kwè ak mete konfyans nan Bondye a enpòtan jodi a menm jan l te enpòtan nan tan lontan. Pandan w ap li Mozya 4:5–10, chèche jwenn verite konsènan Bondye ki ou rezon pou fè Li konfyans. Remake envitasyon wa Benjamen bay nan vèsè 10 la. Poukisa konfyans nan Bondye ap fè l pi fasil pou fè sa wa Benjamen envite nou fè yo?

Anvizaje chèche kèk nan lòt ekriti sa yo pou fè yon lis atribi Bondye yo: Jeremi 32:17; 1 Jan 4:8; 2 Nefi 9:17; Alma 32:22; Mòmon 9:9; Etè 3:12; Doktrin ak Alyans 19:1–3; 88:41 (gade tou videyo a “Atribi Kretyen yo,” Bibliyotèk Levanjil la). Ou ta kapab sèvi avèk lis ou a pou w vini avèk divès fason pou w konplete yon fraz tankou sa a: “Paske m konnen Bondye se , mwen ka fè L konfyans .”

Konfyans nou nan Bondye ogmante lè nou fè eksperyans avèk Li. Nan Mozya 4:1–3, kisa ki te ede pèp Wa Benjamen an “vin gen konesans sou bonte Bondye”? (vèsè 6). Reflechi sou eksperyans ou fè avèk Bondyea. Kisa mirak sa yo te anseye w konsènan Li? Ki demach w ap fè (oswa ou ta kapab fè) pou apwofondi kwayans ou oswa konfyans ou nan Bondye?

Gade tou Jeffrey R. Holland, “La Grandeur de Dieu,” Liahona, Nov. 2003, 70–73; Sijè Levanjil yo “Bondye Papa a,” Bibliyotèk Levanjil la; “Je sais que mon Dieu Vit,” Cantiques, no. 302.

Pataje eksperyans sakre. Kèk eksperyans twò sakre oswa pèsonèl pou pataje. Lè w ap envite lòt moun pou yo pataje eksperyans yo, pa fè presyon sou yo pou yo pataje si yo pa vle.

Mozya 4:29–30

Mwen dwe siveye panse m yo, pawòl mwen yo, ak aksyon m yo.

Bondye pa ban nou yon lis tout peche posib. Selon Mozya 4:29–30, kisa Li fè olye de sa? Medite sou fason panse w, pawòl ou ak aksyon w yo afekte oumenm ak lòt moun. Ki efè yo genyen sou relasyon w avèk Bondye? Kijan w “siveye [tèt ou]”?

Mozya 5:1–5

Lespri Senyè a ka lakoz yon chanjman puisan nan kè m.

Souvan gen moun ki di: “Mwen pa ka chanje. Se konsa m ye.” Men, eksperyans pèp Wa Benjamen an montre nou kijan Lespri Senyè a ka vrèman chanje kè nou. Pandan w ap li Mozya 5:1–5, reflechi sou kijan “chanjman puisan” ki mennen nan vrè konvèsyon an te fèt—oubyen ka fèt—nan lavi ou. Reflechi sou chanjman sibtil, chanjman gradyèl ansanm avèk eksperyans “puisan” yo. Kijan eksperyans sa yo ede w lè w ap fè fas a tantasyon?

Gade tou Ezekyèl 36:26–27; Alma 5:14; “Yon Chanjman Kè,” “The People of King Benjamin Make a Covenant” (videos), Medyatèk Levanjil la.

Imaj
Kris ka p geri yon fi ki malad

Healing Hands (Men Gerison), pa Adam Abram

Mozya 5: 5–15

M pran non Kris la sou tèt mwen lè m fè alyans avèk Li.

Kisa w aprann nan Mozya 5:7–9 konsènan sa pran non Kris la sou tèt nou vle di? Kisa priyè sentsèn yo (gade Mowoni 4–5) anseye konsènan sa? Kijan nou ka montre ke nou “fè pati” moun Sovè a?

Gade tou D. Todd Christofferson, “Poukisa Chemen Alyans lan,” Lyawona, Me 2021, 116–19.

Ide pou Anseye Timoun

Mozya 4:1–3, 10

Repantans pote lajwa.

  • Pou w anseye sou jwa repantans, petèt ou kapab kite timoun ou fè men yo gonmen oswa sal epi remake kijan yo santi yo apre yo fin lave men yo. Apre sa ou ta kapab konpare sa avèk fason pèp ki nan Mozya 4:1–3 a te santi yo anvan ak apre peche yo te fin jwenn padon. Pataje temwayaj ou konsènan pouvwa Sovè a pou L netwaye nou espirityèlman.

  • Èske pitit ou yo konnen kijan pou yo repanti totalman e sensèman? Ede yo jwenn sa pèp Wa Benjamen an te fè nan Mozya 4:1–3, 10. Yo ta kapab egzamine tou “Repanti, Repantans” nan Gid pou Ekriti yo. Kijan Jezikri te rann repatans posib?

Mozya 4:12–26

Levanjil la enspire m pou m trete lòt moun avèk lanmou ak jantiyès.

  • Sèvi lòt moun fè nou santi nou byen. Envite timoun yo pou yo pataje yon moman lè yo te renmen oswa sèvi yon moun ak kijan eksperyans sa a te fè yo santi yo. Ki rezon ki ta kapab fè kèk moun pa vle sèvi lòt? Kisa nou ta kapab di yon moun pou envite l ede moun ki nan bezwen? Chèche ide nan Mozya 4:16–26.

  • Wa Bejamen te anseye ke lè nou vin jwenn Kris la epi nou resevwa padon pou peche nou yo, nou “ranpli avèk lanmou Bondye” (Mozya 4:12). Sa mennen nou vin eman ak janti anvè lòt moun. Oumenm ak pitit ou yo te kapab chèche nan Mozya 4:13–16, 26 (oswa nan yon chan tankou “Je viens vers toi,” Chants pour les Enfants, 78) epi jwenn ekspresyon ki dekri kijan nou ka sèvi lòt moun. Apre sa yo ta kapab monte sèn sou bagay sa yo oswa desine foto yo epi devine ekspresyon youn ak lòt. Kijan nou ka montre lanmou ak jantiyès lakay nou, nan lekòl nou, oubyen nan legliz la?

Imaj
yon jènfi ki ap jwe avèk yon tibebe

Jezikri te anseye nou pou nou janti avèk lòt moun.

Mozya 5: 5–15

Lè m fè alyans avèk Bondye, m pran non Kris la sou tèt mwen.

  • Timoun ou yo ta kapab kontan kreye badj ki montre non “Jezikri” epi mete yo sou kè yo (gade paj aktivite semèn sa a). Pandan y ap fè sa, ou ta kapab li pou yo Mozya 5:12 epi pale de jan fè alyans, oswa pwomès avèk Bondye se tankou gen non Kris la “toujou ekri nan kè [nou].”

Pou plis ide, gade nimewo mwa sa a nan magazini Zanmi an.

Imaj
Kris la bay zwazo manje

In His Constant Care (Li ap Pran Swen nou Tout Tan), pa Greg K. Olsen