Vini, Suiv Mwen 2024
6–12 Me: “Nan Fòs Senyè a.” Mozya 7–10


“6–12 Me: ‘Nan Fòs Senyè a.‘ Mozya 7–10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Fwaye a ak Legliz la: Liv Mòmon 2024 (2024)

“6–12 Me. Mozya 7–10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Fwaye a ak Legliz la: 2024 (2024)

Imaj
Amon k ap anseye Wa Limi

Minerva Teichert (1888-1976), Ammon devan Wa Limi, 1949-1951, penti aluil sou masonite, 35 15/16 x 48 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young, 1969.

6–12 Me: “Nan Fòs Senyè a.”

Mozya 7–10

Pandan pèp Wa Mozya a t ap jwi “yon lapè nètalkole” nan Zarayhemla (Mozya 7:1), panse yo te vire sou yon lòt gwoup Nefit, ki te pati dèzane anvan pou yo t al abite nan peyi Leyi-Nefi a. Dè jenerasyon te pase, epi pèp Mozya a pa t gen okenn nouvèl de yo. Konsa, Mozya te mande Amon pou l te dirije yon gwoup pou al chèche jwenn Nefit yo ki te pati yo. Ekip rechèch la te dekouvri ke, “akoz inikite” (Mozya 7:24), Nefit sa yo te an kaptivite kay Lamanit yo. Men, lè Amon ak frè l yo te rive, toudenkou te gen espwa pou delivrans.

Pafwa nou tankou Nefit kaptif sa yo, n ap soufri akoz peche nou, pandan n ap mande tèt nou si n ap janm ka jwenn lapè ankò. Pafwa, nou tankou Amon, nou santi n pouse pou n lonje lamen bay lòt moun epi nou dekouvri nan apre ke efò nou yo te enspire yo pou yo “leve tèt [yo] e rejwi, epi konfye [yo] nan Bondye” (Mozya 7:19). Kèlkeswa sikonstans nou, nou tout bezwen repanti epi “tounen vin jwenn Senyè a ak tout kè nou, ” avèk lafwa ke “l ap … delivre [nou]” (Mozya 7:33).

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Mozya 7:14–33

Jezikri gen pouvwa pou delivre m.

Rankontre Ammon an te bay wa Limi espwa, epi li te vle pase esperans sa a bay pèp li a. Petèt pawòl li yo ka ba w espwa tou. Pou kontèks, konsidere revize sitiyasyon pèp Limi an nan Mozya 7:20–25. Apresa reflechi sou kesyon sa yo pandan w ap li Mozya 7:14–33:

  • Ki sa Limi te di pou l te fòtifye lafwa pèp li a ak esperans yo nan Kris la?

  • Ki fraz ki ede ou santi w gen espwa? (gade vèsè 19, 33).

  • Ki eksperyans ki te ede w gen konfyans Bondye kapab epi L ap delivre w?

Gade tou: “Sauveur D’ Israel,” Cantiques; no. 6.

Mozya 7:26–27

M te kreye “dapre imaj Bondye.”

Nan Mozya 7:26–27, Limi te eksplike kèk nan verite Abinadi te anseye yo. Ki verite manm klas yo ka idantifye nan vèsè sa yo? Kijan verite sa yo afekte fason nou wè Bondye ak tèt nou?

Gade tou Russell M. Nelson, “Kò ou: Yon kado manyifik pou w Cheri,” Liahona, Out 2019, 50–55.

Mozya 8:13–19

Imaj
senbòl seminè
Senyè a bay pwofèt, vwayan ak revelatè pou benefis limanite.

Lè Limi te tande temwayaj Amon ki te fè konnen Senyè a te prepare yon vwayan an, Limi “te rejwi anpil, epi l te di Bondye mèsi” (Mozya 8:19). Poukisa w panse l te santi l fason sa a? Kisa w aprann konsènan vwayan yo apati pawòl Amon yo nan Mozya 8:13–19?

Èske w soutni manm Premyè Prezidans yo ak Kolèj Douz Apot yo kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè? Kijan yo te “yon gran benefis” pou ou? (Mozya 8:18). Kisa yo anseye ou sou Jezikri?

Kijan, tankou Amon, nou ka pale avèk asirans sou nesesite pou n gen pwofèt, vwayan, ak revelatè? (gade Mozya 8:13–18). Pou egzanp, kisa w ta ka pataje avèk fanmi ou oswa sou medya sosyal sou:

  • Verite ki te retabli nan epòk pa nou an atravè Joseph Smith ak lòt pwofèt Senyè a (tankou nati Bondye, idantite divin nou, oswa nati etènèl fanmi an). Yon revizyon sou “Retablisman Levanjil Jezikri a” oswa “Fanmi an: Yon pwoklamasyon pou mond lan” (Bibliyotèk Levanjil la) ta ka ede w panse a kèk nan verite sa yo.

  • Benediksyon kòmandman oswa òdonans (tankou Pawòl Sajès la, lwa chastete a, oswa sele fanmi yo).

Mwa pase, nou te tande pwofèt, vwayan ak revelatè yo ki te pale nan konferans jeneral. Ki mesaj ki te enspire w? Ki sa w ap fè nan yon fason diferan baze sou sa w te aprann yo? Kisa vwayan Senyè a te di sou “bagay ki gen pou vini yo”? Mozya 8:17).

Gade tou Sijè Levanjil yo, “Pwofèt,” Bibliyotèk Levanjil la.

Mozya 9-10

Mwen ka fè fas ak pwoblèm mwen yo “nan fòs Senyè a.”

Zeniff te admèt ke erè l te fè yo te mete pèp li a nan yon sitiyasyon difisil. Men, nan apre, lè li t al batay kont Lamanit yo, li te ede pèp li a fè fas ak pwoblèm yo avèk lafwa nan Senyè a. Pandan w ap li Mozya 9–10, chèche jwenn kisa pèp Zenif la te fè pou yo te montre lafwa yo. Kijan Bondye te fòtifye yo? Kouman L kanpe bòkote w? Kisa sa vledi pou n avanse “nan fòs Senyè a”? (Mozya 9:17; 10:10–11).

Mozya 10:11–17

Chwa m yo ka enfliyanse dè jenerasyon.

Pandan w ap li Mozya 10:11–17, idantifye kijan aksyon ak atitid jenerasyon Anvan yo te afekte jenerasyon ki te vin apre yo. Kisa sa sijere sou fason chwa ou yo ka afekte lòt moun—pou byen oswa move—enkli moun ki poko fèt?

Itilize leson pratik. Leson objè yo rann aprantisaj la amizan ak memorab. Petèt yon liy domino ta kapab montre kijan chwa moun ka afekte desandan yo (gade Mozya 10:11–17).

Ide pou Anseye Timoun yo

Mozya 7:19

Bondye te ede moun yo nan ekriti yo, e Li ka ede m tou.

  • Lè pèp li a te nan pwoblèm, wa Limi te pataje ekriti yo pou l bati lafwa yo. Poze pitit ou kesyon sou istwa ekriti oswa karaktè ki ede yo gen lafwa. Apresa, ou ta ka li Mozya 7:19 pou yo epi revize istwa yo mansyone nan vèsè sa a (gade “Fèt Pak” la ak “Izrayelit yo nan dezè a” nan Istwa Ansyen Testaman yo, 70–76). Petèt pitit ou yo ta ka renmen jwe wòl sou yo. Kijan Senyè a te ede pèp la nan istwa sa yo? Kijan Li ka ede nou?

  • Pou plis egzanp sou fason Senyè a ede nou, chwazi kèk kouplè nan “Dans le Livre de Mormon” oswa “Le Courage de Néphi” (Chants pour les enfants, 62, 64-65) pou chante avèk pitit ou yo. Ede yo idantifye kijan Senyè a te ede moun nan Liv Mòmon an—ak kijan Li kapab ede nou.

Mozya 8:16–18

Bondye ba nou pwofèt, vwayan, ak revelatè.

  • Yon fason pou anseye sou vwayan se konpare yo ak bagay ki ede nou wè pi byen, tankou linèt, binoculars, oswa yon mikwoskòp. Apresa, pandan w ap li Mozya 8:17 pou pitit ou yo, yo te kapab mete men yo devan je yo tankou y ap chèche binokulars chak fwa yo tande mo “vwayan” an (gade tou nan Moyiz 6:35–36). Pale avèk yo sou bagay Senyè a ede pwofèt yo “wè” ke nou pa kapab wè. Ki sa pwofèt oswa vwayan nou yo, tankou Joseph Smith, te revele nou?

  • Apre ou fin li Mozya 8:16–18 avèk pitit ou yo, ou ta ka ede yo panse a fason pou konplete yon fraz tankou yon vwayan se tankou yon … ki ede nou … Pa egzanp, yon vwayan se tankou yonpano sinyalizasyon ki mennen nou al jwenn Jezi.

  • Ou kapab tou fè anprint pye sou papye epi envite pitit ou yo pou yo desine foto sou yo sou bagay pwofèt, vwayan, ak revelatè yo konseye nou pou nou fè. Mete mak pye yo nan yon chemen alantou sal la, epi kite pitit ou yo mache sou anprent sa yo. Ki jan yon vwayan ka “yon gwo benefis” pou nou? (gade Mozya 8:17–18).

Mozya 9:14–18; 10:10–11

Lè m fèb, Senyè a ka fòtifye m.

  • Lè timoun yo ap travèse pwoblèm, yo pafwa santi yo fèb e enpuisan. Ki jan w ap ede pitit ou konte sou fòs Senyè a? Ou ta ka mande yo kisa nou fè pou nou vin fizikman fò. Kisa sa vle di pou n gen “fòs nan fason lèzòm”? (gade Mozya 10:11). Kisa sa vle di pou n gen “fòs Senyè a”? (gade nan Mozya 9:17–18; 10:10). Kijan nou ka resevwa fòs Senyè a? Pitit ou yo te ka fè yon foto bagay ki ede yo resevwa fòs Senyè a.

Pou plis ide, gade piblikasyon revi Zanmi an pou mwa sa a.

Imaj
Joseph Smith avèk Mowoni

Vizyon Joseph Smith la, tablo Clark Kelley Price