Vini, Suiv Mwen 2024
13–19 Me: “Yon Limyè … Ki P Ap Janm Etenn.” Mozya 11–17


13–19 Me: “Yon Limyè … Ki P Ap Janm Etenn.” Mozya 11–17,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2024)

“13–19 Me. Mozya 11–17,” Vini, Suiv Mwen—Pou lakay ak Legliz: 2024 (2024)

Imaj
Abinadi ap temwaye devan Wa Noye

Abinadi devan Wa Noye, tablo pa Bosley

13–19 Me: “Yon Limyè … Ki P Ap Janm Etenn.”

Mozya 11–17

Gwo dife ka kòmanse apati yon grenn etensèl. Abinadi se te sèl moun ki t ap temwaye kont yon wa puisan ak lakou l. Yo te rejte pifò nan pawòl li yo, epi yo te kondane l pou l mouri. Men, temwayaj li konsènan Jezikri, ki se “limyè … ki p ap janm etenn” nan (Mozya 16:9), te limen yon bagay andedan jèn prèt Alma. Epi etensèl konvèsyon sa a te grandi lantman pandan Alma t ap mennen anpil lòt moun nan repantans ak lafwa nan Jezikri. Flanm ki te touye Abinadi yo te etenn alafen, men dife lafwa pawòl li yo te kreye a tap gen yon enfliyans dirab sou Nefit yo—ak moun ki li pawòl li yo jodi a. Pifò nan nou p ap janm nan pozisyon Abinadi akoz temwayaj nou, men nou tout konn gen moman kote suiv Jezikri se yon tès sou kouraj ak lafwa nou. Petèt etid temwayaj Abinadi a ap chofe flanm temwayaj ak kouraj ki nan kè w la tou.

Gade tou “Abinadi Temwaye konsènan Jezikri” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la.

Ide pou Aprantisaj lakay ou ak nan Legliz la

Imaj
ikon seminè

Mozya 11–1317

M ka kanpe pou Jezikri, menm si m kanpe poukont mwen.

Pandan w ap etidye Mozya 11–13; 17, gade foto Abinadi nan deklarasyon sa a. Kisa ou aprann sou kanpe kòm temwen pou Kris la? An patikilye, ou ta ka konsantre etid ou sou pasaj ak kesyon tankou sa yo:

Kilè w konn gen enpresyon ke w kanpe poukont ou pou defann laverite? Kijan li te ede ou santi li te avèk ou? Pandan w ap medite sa a, ou ta kapab li istwa Elicha ak jèn sèvitè li a la nan 2 Wa 6:14–17. Kisa k enspire w nan istwa sa a?

Ou ka fè rechèch tou nan paj 31–33 nan Pou Fòs Jèn yo: Yon gid pou Fè Chwa pou jwenn ekspresyon ki ba w kouraj pou defann laverite. Oswa ou ta kapab fè menm bagay la tou nan pawòl yon kantik tankou “Fais Ton Devoir” oswa “Mettons de l Ardeur” (Recueil de Cantiques, nimewo 153, 159).

Ki jan w ap aplike sa w te aprann apati de istwa Abinadi a? Videyo “Oze Kanpe Pou Kont Ou” (Bibliyotèk Levanjil la) dekri sitiyasyon kote ou ka kanpe pou defann Kris la ak levanjil Li a. A ki lòt egzanp ou kapab panse?

Gade tou Women 1:16; 2 Timote 1:7–8; “Chapit 8: Apèl la pou Kouraj,” Ansèyman Prezidan Legliz la: Thomas S. Monson (2022), 135–47; Sijè Levanjil, “Lafwa nan Jezikri,” Bibliyotèk Levanjil la.

Anseye pa Lespri “Ansèyman levanjil puisan an se pa sèlman prepare yon leson men se prepare tèt ou espirityèlman [pou] tande epi suiv konsèy Lespri a pandan w ap anseye” (Anseye nan Fason Sovè a, 17).

Mozya 12:19–37

Mwen bezwen dispoze kè m pou m ka konprann pawòl Bondye a.

Prèt wa Noye yo te abitye avèk pawòl Bondye a. Yo te kapab site kèk pasaj ekriti e yo te deklare ke yo te anseye kòmandman yo. Epi ankò, lavi yo sanble li pa t afekte pa levanjil Sovè a. Poukisa li te konsa?

Reflechi sou sa pandan w ap li Alma 12:19–37. Ki sa w panse sa vle di pou w aplike kè w pou w konprann pawòl Bondye a? Ki mo oswa ekspresyon ki enspire w pou w fè kèk chanjman nan fason w abòde aprantisaj levanjil la?

Mozya 13:11–26

Kòmandman Bondye yo ta dwe ekri nan kè mwen.

Medite sou obsèvasyon Abinadi a ke kòmandman yo pa t “ekri nan [kè]” prèt yo (Mozya 13:11). Kisa ekspresyon sa a ta kapab vle di? Pandan w ap li Mozya 13:11–26, konsidere si kòmandman sa yo ekri nan kè ou.

Gade tou nan Jeremi 31:31–34; 2 Korentyen 3:3.

Mozya 14–15

Jezikri te soufri pou mwen.

Nan Mozya 14–15, remake mo ak ekspresyon ki dekri Sovè a ak sa Li te soufri pou ou. Ki vèsè ki ede w apwofondi lanmou w ak gratitid ou pou Li?

Mozya 15: 1–12

Kijan Jezikri fè se Papa a ak Pitit Gason an alalfwa?

Abinadi te anseye ke Dye Lefis—Jezikri—tap vin Redanmtè a (gade nanMozya 15:1 demere nan lachè, vin tounen alafwa lòm ak Bondye (vèsè 2–3 Li te soumèt Tèt konplètman li anba volonte Bondye Papa a (vèsè 5–9). Akoz de sa, Jezikri se alafwa Pitit Gason Bondye a e reprezantasyon terès Bondye Papa a (gade nanJan 14:6–10).

Jezikri se Papa a tou nan sans ke lè nou aksepte redanmsyon L lan, nou vin tounen “semans li” ak “eritye wayòm Bondye a” (Mozya 15:11–12). Sa vle di tou nou vin fèt ankò espirityèlman atravè Limenm (gade nan Mozya 5:7

Poukisa ou santi li enpòtan pou w konnen verite sa yo konsènan Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri? Kijan temwayaj Abinadi a fòtifye lafwa nou nan Yo?

Ide pou ansèyman timoun yo

Mozya 11–1317

M ka kanpe pou defann Jezikri, menm si m kanpe poukont mwen.

  • Nan kèk moman nan lavi nou, nou tout konn rankontre presyon pou nou fè chwa ki ale kont lafwa nou nan Jezikri. Kisa timoun ou yo ka aprann de Abinadi konsènan kanpe kòm temwen Jezikri, menm lè sa pa yon bagay ki popilè? Ilistrasyon nan deklarasyon sa a oswa “Chapit 14: Abinadi ak Wa Noye” (nan Istwa Liv Mòmon an, 38–42) te kapab ede yo vizyalize istwa a nan Mozya 11–13; 17. Mande timoun yo kisa yo renmen nan Abinadi.

  • Timoun ou yo ta gen dwa renmen jwe wòl nan istwa Abinadi a. Apre sa, yo ta kapab fè senaryo lavi reyèl pou yo pratike sa yo ta kapab fè si lòt moun vle yo fè yon move bagay. Oswa yo ta kapab pataje eksperyans lè yo te brav nan suiv Jezikri. Kijan Abinadi te suiv Jezi Kris? (gade nan Mozya 13:2–9; 17:7–10). Poukisa wa Noye pa t fè sa l te konnen ki jis? (gade nan Mozya 17:11–12).

Mozya 12:33–36; 13:11–24

Mwen dwe obeyi Dis Kòmandman yo.

  • Prèt wa Noye yo te konnen kòmandman yo men yo pa t genyen yo “ekri nan kè [yo]” (Mozya 13:11). Ki jan w ap ede pitit ou yo konnen kòmandman yo epi renmen yo? Petèt yo ta kapab ekri kòmandman ki soti nan Mozya 12:33–36 ak 13:11–24 sou moso papye ki gen fòm kè. Pandan y ap fè sa, pale avèk yo sou sa kòmandman sa yo vle di ak fason pou yo suiv yo. Kijan nou ka ekri kòmandman sa yo nan kè nou?

  • Nou ta kapab chante ansanm tou yon kantik sou kòmandman yo, tankou “Pour Trouver la Paix”Recueil de Chants pour les Enfants68-69). Ki benediksyon nou resevwa lè nou respekte kòmandman yo?

Imaj
Yon papa ak pitit gason l ki ap li ekriti yo

Ekriti yo anseye nou kòmandman Bondye yo.

Mozya 14:616:4–9.

Papa nou ki nan Syèl la te voye Jezikri pou dirije m tounen vin jwenn Li.

  • Menm si se yon chapit kout, Mozya 14 gen plizyè mo ak ekspresyon ki dekri JeziKri. Petèt oumenm ak pitit ou yo ka ekri yon lis pandan w ap li chapit la ansanm. Lè sa a, ou ka pale sou fason ou santi ou konsènan Sovè a pandan w ap etidye pawòl ak fraz sa yo.

  • Pou l te anseye konsènan Jezikri, Abinadi te site pwofèt Ezayi, ki te konpare nou avèk brebi pèdi. Envite timoun ou yo pou yo pataje eksperyans kote yo te pèdi yon bagay oswa yomenm yo te pèdi. Kijan yo te santi yo? Kisa yo te fè? Apre sa ou ka li ansanm Mozya 14:6ak 16:4–9 Kijan nou sanble ak brebi ki egare de Bondye? Kijan Jezikri ede nou retounen?

Pou plis ide, gade sijè mwa sa a nan magazin zanmi an.

Imaj
Abinadi ap temwaye devan Wa Noye

Figi l te Briye avèk yon Gran Ekla , tablo Jeremy Winborg