Èd pou Etid
Zanj yo


Zanj yo

Gen de kalite espès nan syèl la ki rele zanj: sa yo ki se lespri ak sa yo ki gen yon kò chè ak zo. Zanj ki se lespri yo poko gen yon kò chè ak zo, oubyen, yo se lespri ki te deja gen yon kò mòtèl epi y ap rete tann rezirèksyon. Zanj ki gen yon kò chè ak zo yo te deja resisite oubyen yo te chanje.

Gen anpil referans nan ekriti yo konsènan travay zanj. Kèk fwa zanj pale ak yon vwa loray pandan y ap delivre mesaj Bondye yo, (Mozya 27:11–16). Moun mòtèl ki jis yo kapab pote non zanj tou (TJS, Jen. 19:15 [Apendis]). Kèk zanj sèvi nan alantou twòn Bondye a nan syèl la (Alma 36:22).

Ekriti yo pale tou konsènan zanj dyab yo. Sa yo se lespri ki te suiv lisifè yo epi yo te voye yo soti nan prezans Bondye nan lavi premòtèl la epi yo te tonbe sou tè a (Apok. 12:1–9; 2 Ne. 9:9, 16; D&A 29:36–37).