Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 107


Seksyon 107

Revelasyon sou prètriz la, Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Kirtland, Ohio, nan zòn Avril 1835. Malgre seksyon sa a te ekri an 1835, rejis istorik yo afime ke pifò nan vèsè 60 rive nan 100 yo enkòpore yon revelasyon Joseph Smith te resevwa 11 Novanm 1831. Seksyon sa a te asosye avèk òganizasyon Kolèj Douz Apot yo an Fevriye ak Mas 1835. Pwofèt la te siman delivre l nan prezans moun ki t ap prepare pou yo pati nan 3 Mas 1835 yo, pou premye misyon kolèj yo a.

1–6, Gen de prètriz: Mèlkisedèk la ak Aawon an; 7–12, Moun ki gen Prètriz Mèlkisedèk yo gen pouvwa pou yo ofisye nan tout ofis ki nan Legliz la; 13–17, Episkopa a prezide sou Prètriz Aawon an, ki administre nan òdonans preliminè yo; 18–20, Prètriz Mèlkisedèk la gen kle tout benediksyon espirityèl yo; Prètriz Aawon an gen kle administrasyon zanj yo; 21–38, Premye Prezidans la, Douz yo, ak Swasanndis yo se kowòm k ap prezide yo, ki dwe pran desizyon nan inite ak lajistis; 39–52, Lòd patriyakal la tabli depi nan Adan jouk nan Noye; 53–57, Ansyen Sen yo te rasanble nan Adan-ondi-Aman, epi Senyè a te parèt devan yo; 58–67, Douz yo dwe mete ofisye yo ki nan Legliz la nan lòd; 68–76, Evèk yo sèvi kòm jij regilye nan Izrayèl; 77–84, Premye Prezidans la ak Douz yo se pi gran tribinal nan Legliz la; 85–100, Prezidan prètriz yo gouvène pwòp kowòm pa yo.

1 Gen de prètriz nan legliz la, ki rele Mèlkisedèk ak Aawon, ki gen Prètriz Levitik la tou.

2 Poukisa premye a rele Prètriz Mèlkisedèk se paske Mèlkisedèk te tèlman yon gran prèt ekstraòdinè.

3 Anvan epòk li a li te rele Prètriz Sen an, daprè lòd Pitit Gason Bondye a.

4 Men, pa respè oubyen reverans pou non Èt Siprèm nan, pou evite repetisyon non li twò souvan, yo, legliz la ki nan ansyen tan an, te rele prètriz sa a daprè non Mèlkisedèk, oubyen Prètriz Mèlkisedèk la.

5 Tout lòt otorite oubyen ofis ki nan legliz la se yon branch nan prètriz sa a.

6 Men, gen de divizyon oubyen gran tèt—youn se Prètriz Mèlkisedèk la, epi lòt la se Aawon an oubyen Prètriz Levitik la.

7 Ofis yon ansyen vini sou prètriz Mèlkisedèk la.

8 Prètriz Mèlkisedèk la kenbe dwa prezidans la ak pouvwa epi ak otorite sou tout ofis ki nan legliz la depi tout tan nan mond lan, pou administre nan zafè espirityèl.

9 Prezidans Gran Prètriz la, daprè lòd Mèlkisedèk, gen dwa pou l ofisye nan tout ofis ki nan legliz la.

10 Gran prèt daprè lòd Prètriz Mèlkisedèk gen dwa pou yo ofisye pou kont yo, sou direksyon prezidans la, pou yo administre bagay espirityèl, epi nan ofis ansyen, prèt (daprè lòd Levitik), enstriktè, dyak, ak manm.

11 Yon ansyen gen dwa ofisye nan plas li lè gran prèt la pa prezan.

12 Gran prèt la ak ansyen an dwe administre nan bagay espirityèl, ki an akò avèk alyans ak kòmandman legliz la; epi yo gen dwa pou yo ofisye nan tout ofis sa yo ki nan legliz la lè pa gen okenn pi gran otorite prezan.

13 Dezyèm prètriz la rele Prètriz Aawon, paske li te konfere sou Aawon ak desandan li yo, nan tout jenerasyon yo.

14 Poukisa li rele pi piti prètriz la se paske se yon branch nan pi gran an, oubyen Prètriz Mèlkisedèk la, epi li gen pouvwa pou administre nan òdonans tanporèl yo.

15 Episkopa a se prezidans prètriz sa a, epi li kenbe kle ak otorite prètriz sa a.

16 Pèsonn pa gen dwa legal nan ofis sa a, pou kenbe kle prètriz sa a, eksepte si li se yon desandan literal Aawon.

17 Men, kòm yon gran prèt nan Prètriz Mèlkisedèk la, li gen otorite pou ofisye nan tout ofis ki pi piti yo, li kapab ofisye nan ofis evèk la lè yo pa kapab jwenn okenn desandan dirèk Aawon, depi li aple, epi yo mete li apa, epi yo òdone li nan pouvwa sa a anba men Prezidans Prètriz Mèlkisedèk la.

18 Pouvwa ak otorite pi gran an, oubyen Prètriz Mèlkisedèk la, se pou l kenbe kle tout benediksyon espirityèl ki nan legliz la—

19 Pou l gen privilèj pou resevwa mistè wayòm syèl la, pou gen syèl la ouvè devan yo, pou kominike avèk asanble jeneral legliz Premyene a, epi pou jwi kominikasyon ak prezans Bondye ki Papa a ak Jezi ki se medyatè nouvo alyans la.

20 Pouvwa ak otorite pi piti a, oubyen Prètriz Aawon an, se pou l kenbe kle ministè zanj yo, epi pou administre nan òdonans tanporèl yo, lèt levanjil la nan fòm li, batèm repantans pou padon peche, ki an akò avèk alyans ak kòmandman yo.

21 Akoz nesesite, gen prezidan oubyen ofisye prezidan k ap grandi oubyen ki chwazi pami moun ki òdone nan diferan ofis ki nan de prètriz sa yo.

22 Nan Prètriz Mèlkisedèk la, genyen twa Prezidan Gran Prèt, ke yo chwazi epi yo òdone nan ofis sa a, epi konfyans, ak lafwa, ak priyè legliz la soutni yo pou yo fòme kowòm Prezidans Legliz la.

23 Douz konseye k ap vwayaje yo aple kòm Douz Apot, oubyen temwen espesyal non Kris la nan tout mond lan—konsa yo diferan avèk lòt ofisye ki nan legliz la nan dewva apèl yo.

24 Epi yo fòme yon kowòm ki egal nan otorite ak pouvwa avèk twa prezidan nou te mansyone anvan yo.

25 Swasanndis yo aple pou preche levanjil la tou, epi pou yo temwen espesyal pou janti yo nan tout mond lan—konsa yo diferan avèk lòt ofisye ki nan legliz la nan devwa apèl yo.

26 Epi yo fòme yon kowòm ki egal nan otorite avèk Douz temwen espesyal oubyen Apot nou te fèk site yo.

27 Epi chak desizyon nenpòt nan kowòm sa yo pran, dwe fèt avèk vwa jeneral kowòm sa a; ki vle di chak manm nan chak kowòm dwe dakò avèk desizyon kowòm yo, pou yo kapab pran desizyon pa yo nan menm pouvwa oubyen validite youn avèk lòt—

28 Yon majorite kapab fòme yon kowòm lè sikonstans rann li enposib pou sa fèt lòt jan—

29 Si se pa konsa, desizyon yo p ap resevwa menm benediksyon avèk desizyon yon kowòm ki gen twa prezidan nan ansyen tan, ki te òdone daprè lòd Mèlkisedèk, epi ki te moun jis ak sen.

30 Desizyon kolèj sa yo, oubyen nenpòt ladan yo, dwe fèt nan tout jistis, nan sentete, ak imilite nan kè, jantiman epi avèk akò, ak lafwa, ak vèti, ak konesans, tanperans, pasyans, jantiyès fratènèl ak charite;

31 Paske pwomès la di, si bagay sa yo fè abondans nan yo, yo p ap manke fwi nan konesans Senyè a.

32 Epi nan ka nenpòt nan desizyon kowòm sa yo fèt nan enjistis, sa kapab prezante devan yon asanble jeneral plizyè kowòm, ki fòme otorite espirityèl legliz la; san sa, pèsonn pa kapab kontrekare desizyon yo a.

33 Douz yo se Prezidan Gran Konsèy k ap vwayaje, kòm ofisye nan non Senyè a, sou direksyon Prezidans Legliz la, anakò avèk enstitisyon syèl la; pou bati legliz la, epi pou regilarize tout zafè legliz la nan tout nasyon, premyèman pou Janti yo epi dezyèmman pou Juif yo.

34 Swasanndis yo dwe aji nan non Senyè a, sou direksyon Douz yo oubyen gran konsèy k ap vwayaje yo, pou bati legliz la epi pou regilarize tout zafè legliz la nan tout nasyon, premyèman pou Janti yo epi apre sa pou Juif yo.

35 Nou voye Douz yo, ki gen kle yo, pou louvri pòt la pa mwayen pwoklamasyon levanjil Jezikri a, premyèman pou Janti yo epi apre sa pou Juif yo.

36 Gran konsèy ki kanpe nan pye Siyon yo fòme yon kowòm ki egal nan otorite nan zafè legliz la, nan tout desizyon yo, avèk kowòm prezidans la, oubyen avèk gran konsèy k ap vwayaje yo.

37 Gran konsèy ki nan Siyon yo fòme yon kowòm ki egal nan otorite nan zafè legliz yo, nan tout desizyon yo, avèk konsèy douz ki nan pye Siyon yo.

38 Se devwa gran konsèy k ap vwayaje yo pou rele Swasanndis yo, lè yo bezwen asistans, pou ranpli diferan apèl pou preche epi pou administre levanjil la, nan plas nenpòt lòt.

39 Se devwa Douz yo, nan tout gwo branch nan legliz la, pou yo òdone minis nan levanjil la, jan revelasyon deziye yo ba yo—

40 Lòd prètriz sa a te konfime pou yo pase l desann soti nan papa ale nan pitit gason, epi li se dwa desandan literal ki te chwazi yo, ki te resevwa pwomès la.

41 Lòd sa a te tabli nan epòk Adan an, epi l te desann nan liyaj desandans nan fason sa a:

42 Depi nan Adan jouk nan Sèt, Sèt Adan te òdone nan laj swasantnevan a, epi Adan te beni l twazan anvan Adan te mouri a, epi papa l te ba l pwomès Bondye a, pou Senyè a chwazi posterite li a, pou yo prezève jouk nan finisman tè a;

43 Paske Sèt te yon nonm pafè, epi resanblans li te tèlman resanblans ekzat papa l, li sanble l te tankou papa l nan tout bagay, epi se sèlman laj li ki te kapab distenge l avèk papa l.

44 Enòs te òdone nan laj santrannkatran kat mwa anba men papa l, Adan.

45 Bondye te rele Kenan nan dezè a nan karantyèm ane laj li; epi li te rankontre Adan pandan l t ap vwayaje nan kote ki rele Chedolamak la. Li te gen laj katrevensèt ane lè l te resevwa òdinasyon l.

46 Maaleyèl te gen laj kat san katreven sèz ane sèt jou lè l te òdone anba men papa l, Adan ki te beni l tou.

47 Jarèd te gen laj desan ane lè l te òdone anba men Adan, ki te beni l tou.

48 Enòk te gen laj vent senk ane lè l te òdone anba men Adan; epi li te gen swasant senk ane lè Adan te beni l.

49 Epi l te wè Senyè a, epi l te mache avèk li, epi l te devan fas li tout tan; epi l te mache avèk Bondye pandan twasan swasannsenkan, ki te fè l katsantrant ane laj lè l te transpòte.

50 Metichèla te gen laj santan lè l te òdone anba men Adan.

51 Lamèk te gen laj trannde ane lè l te òdone anba men Sèt.

52 Noye te gen laj dizan lè l te òdone anba men Metichèla.

53 Twazan anvan lanmò Adan, li te rele Sèt, Enòs, Kenan, Maaleyèl, Jarèd, Enòk, ak Metichèla, yo tout te gran prèt, avèk rès posterite li a ki te jis, nan vale Adan-ondi-Aman an, epi se la li te devèse sou yo dènye benediksyon li a.

54 Epi Senyè a te parèt devan yo, epi yo te leve epi yo te beni Adan, epi yo te rele l Michèl, prens la, akanj la.

55 Epi Senyè a te administre rekonfò sou Adan, epi l te di l: m tabli ou pou ou alatèt; yon gran kantite nasyon pral soti nan ou, epi ou se yon prens sou tèt yo pou tout tan.

56 Epi Adan te kanpe nan mitan asanble a; epi malgre l te koube anba laj, paske l te ranpli avèk Sentespri a, li te predi tout bagay ki ta pral rive posterite li a nan dènye jenerasyon an.

57 Tout bagay sa yo te ekri nan liv Enòk la, epi moun dwe temwaye sou yo lè tan an rive.

58 Se devwa Douz yo tou, pou yo òdone epi pou yo mete tout lòt ofisye yo ki nan legliz la nan lòd, anakò avèk revelasyon ki di:

59 Pou legliz Kris la ki nan peyi Siyon an, adisyone avèk lalwa legliz la ki gen rapò avèk zafè legliz la—

60 Senyè tout Lame yo di, an verite, m di nou, dwe gen prezidan ansyen pou prezide sou moun ki nan ofis ansyen yo;

61 Ak prèt pou prezide sou moun ki nan ofis prèt yo;

62 Ak enstriktè pou prezide sou moun ki nan ofis enstriktè yo, menm jan avèk sou dyak yo—

63 Se sa ki fè, depi nan dyak jouk nan enstriktè, epi depi nan enstriktè jouk nan prèt, epi depi nan prèt jouk nan ansyen, tout kantite yo lonmen, daprè alyans ak kòmandman legliz la.

64 Apre sa se Gran Prètriz la, ki pi gran pase tout lòt.

65 Se sa ki fè, se nesesè pou yo lonmen youn nan Gran Prètriz la pou prezide sou prètriz la, epi yo dwe rele l Prezidan Gran Prètriz Legliz la;

66 Oubyen, ki vle di, Gran Prèt k ap Prezide sou Gran Prètriz Legliz la.

67 Se nan menm l administrasyon òdinans yo ak benediksyon sou legliz la vini tou, anba enpozisyon men.

68 Se sa ki fè, ofis evèk la pa egal avèk li; paske ofis evèk la se administrasyon tout bagay tanporèl;

69 Sepandan se nan Gran Prètriz la yo dwe chwazi yon evèk, eksepte si li se yon desandan literal Aawon;

70 Paske si li pa yon desandan literal Aawon, li pa kapab gen kle prètriz sa a.

71 Sepandan, yo kapab mete yon gran prèt ki daprè lòd Mèlkisedèk apa pou administrasyon zafè tanporèl, paske Lespri verite a ba li yon konesans konsènan bagay sa yo;

72 Epi tou pou l kapab yon jij an Izrayèl, pou fè travay legliz la, pou chita nan jijman kont transgresè yo daprè temwayaj jan l prezante devan l daprè lalwa yo, pa mwayen asistans konseye li te chwazi yo oubyen li pral chwazi pami ansyen yo ki nan legliz la.

73 Se devwa yon evèk ki pa desandan literal Aawon, men, ki òdone nan Gran Prètriz la daprè lòd Mèlkisedèk.

74 Konsa, l ap yon jij, sa vle di yon jij òdinè pami abitan Siyon yo, oubyen nan yon pye Siyon, oubyen nan nenpòt branch ki nan legliz la kote yo mete l apa pou ministè sa a, jistan fwontyè Siyon yo laji epi sa vin nesesè pou gen lòt evèk yo oubyen lòt jij yo nan Siyon oubyen lòt kote yo.

75 Epi toutotan gen lòt evèk yo ki lonmen, yo dwe aji nan menm ofis la.

76 Men, yon desandan literal Aawon gen dwa legal nan prezidans prètriz la, nan kle ministè sa a, pou aji nan ofis evèk avèk endepandans, san konseye, eksepte nan ka kote yon Prezidan Gran Prètriz daprè lòd Mèlkisedèk la anba jijman, pou l chita kòm yon jij an Izrayèl.

77 Epi desizyon nenpòt nan konsèy sa yo, an akò avèk kòmandman ki di:

78 Ankò, an verite, m di nou, zafè ki pi enpòtan nan legliz la, epi ka ki pi difisil yo nan legliz la, toutotan pa gen satisfaksyon nan desizyon evèk la oubyen jij yo, yo dwe remèt sa nan men konsèy legliz la, devan Prezidans Gran Prètriz la.

79 Epi Prezidans konsèy Gran Prètriz la ap gen pouvwa pou l aple yon lòt gran prèt, menm douz, pou asiste kòm konseye; epi konsa Prezidans Gran Prètriz la ak konseye l yo ap gen pouvwa pou deside sou temwayaj daprè lalwa legliz la.

80 Epi apre desizyon sa a, sa p ap janm parèt ankò devan Senyè a; paske se pi gran konsèy nan legliz Bondye a, epi se yon desizyon final sou deba nan zafè espirityèl.

81 Pa gen okenn moun ki manm legliz la ki egzante devan konsèy sa a ki nan legliz la.

82 Epi toutotan yon Prezidan Gran Prètriz la transgrese, li dwe parèt devan konsèy òdinè legliz la, ki pral gen asistans douz konseye nan Gran Prètriz la;

83 Epi desizyon yo sou tèt l ap mete fen nan deba konsènan li a.

84 Konsa, pèsonn p ap egzante anba lajistis ak lalwa Bondye, pou tout bagay kapab fèt nan lòd epi solanèlman devan li, daprè verite ak lajistis.

85 Epi ankò, an verite m di nou, devwa yon prezidan nan tèt yon ofis dyak se pou l prezide sou tèt douz dyak, pou l chita nan konsèy avèk yo, epi pou l anseye yo devwa yo, pou edifye youn lòt, jan yo resevwa daprè alyans yo.

86 Epi devwa yon prezidan nan tèt yon ofis enstriktè se pou l prezide sou tèt vennkat enstriktè, epi pou l chita nan konsèy avèk yo, pou l ansenye yo devwa ofis yo, jan yo resevwa nan alyans yo.

87 Epi tou devwa yon prezidan nan tèt Prètriz Aawon an se pou l prezide sou tèt kanrantuit prèt, pou l chita nan konsèy avèk yo, pou l ansenye yo devwa ofis yo, jan yo resevwa nan alyans yo—

88 Prezidan sa a dwe yon evèk; paske se youn nan ofis prètriz sa a.

89 Ankò, devwa yon prezidan nan tèt yon ofis ansyen se pou l prezide sou tèt katrevensèz ansyen, pou l chita nan konsèy avèk yo, epi pou l ansenye yo daprè alyans yo.

90 Prezidans sa a se youn ki separe nèt avèk yon prezidans swasanndis, epi li fèt pou moun ki p ap vwayaje nan tout mond lan.

91 Epi ankò devwa Prezidan ofis Gran Prèt la se pou l prezide alatèt tout legliz la, epi pou l tankou Moyiz

92 Gade, men lasajès; wi, pou l yon vwayan, yon revelatè, epi yon pwofèt, paske li gen tout don Bondye yo, Bondye devèse sou tèt legliz la.

93 Epi se daprè vizyon ki montre lòd Swasanndis yo, pou yo gen sèt prezidan pou prezide sou tèt yo, ki chwazi nan mitan swasanndis yo;

94 Epi setyèm prezidan ki sou tèt prezidan sa yo dwe prezide sou tèt sis yo;

95 Epi sèt prezidan sa yo dwe chwazi lòt swasanndis apa premye swasanndis gwoup pa yo a, epi yo dwe prezide sou tèt yo;

96 Epi tou lòt swasanndis, jouk nan sèt fwa swasanndis, si travay nan jaden an rekòmande sa kòm nesesite.

97 Epi swasanndis sa yo dwe minis k ap vwayaje, pou Janti yo premyèman epi pou Juif yo.

98 Kote lòt ofisye yo ki nan legliz la, ki pa fè pati Douz yo, ni Swasanndis yo pa gen responsablite pou yo vwayaje pami tout nasyon yo, men, yo dwe vwayaje daprè jan sikonstans yo pèmèt yo, menm si yo genyen yon ofis ki wo anpil epi anpil responsablite nan legliz la.

99 Se sa ki fè, kounyeya se pou tout moun aprann devwa yo, epi pou yo aji nan ofis yo lonmen yo a avèk tout dilijans.

100 Yon moun ki parese, yo p ap konsidere l kòm diy pou l rete, epi yon moun ki pa aprann devwa l epi ki pa montre li kalifye yo p ap konsidere l kòm diy pou l rete. Se konsa sa ye. Amèn.