Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 112


Seksyon 112

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, pou Thomas B. Marsh, nan Kirtland, Ohio, 23 Jiyè 1837, konsènan Douz Apot Anyo yo. Revelasyon sa a te resevwa nan epòk Èldè Heber C. Kimball ak Orson Hyde te preche levanjil la pou lapremyè fwa ann Angletè. Thomas B. Marsh te Prezidan Kolèj Douz Apot yo nan lè sa a.

1–10, Douz yo dwe pote levanjil la epi leve vwa avètisman an bay tout nasyon ak tout pèp; 11–15, Yo dwe pran kwa yo, suiv Jezi, epi nouri brebi L yo; 16–20, Moun ki resevwa Premye Prezidans lan yo resevwa Senyè a; 21–29, Tenèb kouvri tè a, epi se sèlman moun ki kwè epi ki batize k ap sove; 30–34, Premye Prezidans lan ak Douz yo gen kle dispansasyon plenitid tan yo.

1 An verite men sa Senyè a di ou menm sèvitè m nan Thomas: M te tande priyè ou yo; epi lacharite ou fè yo te monte kòm yon souvni devan mwen, pou fè m sonje frè ou yo m te chwazi pou rann temwayaj konsènan non mwen epi pou voye l toupatou pami tout nasyon, fanmi, lang, ak pèp epi m te òdone yo pa mwayen sèvitè m yo kòm zouti.

2 An verite m di ou konsa, gen kèk bagay nan kè ou epi avèk ou ki pa fè mwen menm Senyè a plezi.

3 Sepandan, toutotan ou bese tèt ou, w ap egzalte; se poutèt sa, tout peche ou yo padone.

4 Fè kè w kontan devan fas mwen; epi w ap rann temwayaj konsènan non mwen, non sèlman devan Janti yo, men, devan Juif yo tou; epi ou dwe voye pawòl mwen yo nan tout kwen tè a.

5 Konsa, lite, jou apre jou; epi jou apre jou kite voye vwa avètisman ou ale; epi lè aswè rive pa kite abitan yo ki sou tè a dòmi, akoz predikasyon ou.

6 Se pou moun konnen kote ou rete nan Siyon, epi pa deplase kay ou; paske mwen menm Senyè a m gen yon gwo travay pou ou fè, nan pibliye non mwen pami pitit lèzòm.

7 Se poutèt sa, mare senti ou pou travay la. Se pou pye ou solid tou, paske ou te chwazi, epi santye ou lonje pami mòn yo, ak pami anpil nasyon yo.

8 Epi avèk pawòl ou anpil moun ki anlè pral desann, epi avèk pawòl ou anpil moun ki ba pral egzalte.

9 Vwa ou pral yon reprimand pou transgresè a; epi anba reprimand ou se pou lang medizan an sispann pèvèsite li a.

10 Rete enb; epi Senyè Bondye w la ap pran men ou pou dirije ou, epi l ap ba ou repons pou priyè ou yo.

11 M konnen kè ou, epi m tande priyè ou yo konsènan frè ou yo. Pa pran pati pou yo nan renmen yo pase anpil lòt moun, men, renmen yo tankou tèt pa ou; epi bay amou ou an abondans pou tout moun, epi pou tout moun ki renmen non mwen.

12 Epi priye pou frè ou yo ki douz yo. Avèti yo seryezman akoz non mwen, epi se pou yo avèti pou tout peche yo, epi rete fidèl devan mwen pou non mwen.

13 Epi apre tantasyon yo ak anpil tribilasyon, gade, mwen menm Senyè a, m ap gen pitye pou yo, epi si yo pa fè kè yo di, epi yo pa fè kou yo rèd kont mwen, y ap konvèti epi m ap geri yo.

14 Kounyeya, m di ou konsa, epi sa m di ou, m di Douz yo tou: Leve epi mare senti nou, pran kwa nou epi suiv mwen epi nouri brebi mwen yo.

15 Pa egzalte tèt nou; pa fè rebèl kont Joseph, sèvitè m nan, paske an verite m di nou konsa, m avèk li, epi m ap poze men m sou li epi kle yo m te ba li yo, ak nou menm tou, pèsonn p ap pran yo nan men l jistan m vini.

16 An verite m di ou konsa, sèvitè m nan Thomas, ou se moun m chwazi pou kenbe kle wayòm mwen an, konsènan Douz yo, toupatou pami tout nasyon—

17 Pou ou kapab sèvitè mwen pou ou deklete pòt wayòm nan ki nan tout plas kote sèvitè m nan Joseph, ak sèvitè m nan Sidney, ak sèvitè m nan Hyrum pa kapab ale;

18 Paske m lage chay tout legliz yo sou yo pou yon ti tan.

19 Se sa ki fè, nenpòt kote yo voye w, ale, epi m ap avèk ou; epi nan nenpòt kote w pwoklame non mwen, yon pòt toutbon ap louvri pou ou, pou yo kapab resevwa pawòl mwen yo.

20 Nenpòt moun ki resevwa pawòl mwen yo resevwa m, epi nenpòt moun ki resevwa m, yo resevwa moun, sa a yo Premye Prezidans la, m te voye a, moun sa yo m tabli kòm konseye pou non mwen devan ou.

21 Epi ankò, m di ou konsa, nenpòt moun ou voye nan non mwen, pa lantremiz vwa frè w yo, Douz yo, si w legalman rekòmande yo epi w otorize yo, y ap gen pouvwa pou yo louvri pòt wayòm mwen an pou nenpòt nasyon ou voye yo—

22 Toutotan yo imilye devan mwen, epi yo rete nan pawòl mwen, epi yo koute vwa Lespri m.

23 An verite, an verite, m di ou konsa, tenèb kouvri tè a, epi gwo tenèb kouvri panse pèp la, epi tout kò fizik kòwonpi devan fas mwen.

24 Gade, Senyè a di, gade, vanjans ap vini rapid rapid sou abitan yo ki sou tè a, yon jou kòlè, yon jou dife, yon jou dezolasyon, yon jou kriye, yon jou rele, epi yon jou lamantasyon; epi tankou yon toubiyon li pral vini sou tout fas tè a.

25 Senyè a di, epi sa pral kòmanse sou kay mwen an, epi sa pral gaye apati kay mwen an;

26 Senyè a di, premyèman pami moun ki pami nou yo ki deklare yo konnen non mwen epi ki pa konnen mwen, epi ki blasfème kont mwen nan mitan kay mwen an.

27 Senyè a di, se poutèt sa, fè yon jan pou ou pa toumante tèt ou konsènan zafè legliz mwen an nan plas sa a.

28 Men, pirifye kè ou devan mwen; epi apre sa ale nan tout mond lan, epi preche levanjil mwen an bay chak kreyati ki pa ko resevwa l;

29 Epi yon moun ki kwè epi ki batize ap sove, epi yon moun ki pa kwè epi ki pa batize ap dane.

30 Paske pou nou menm, Douz yo, ak moun sa yo, Premye Prezidans lan ki gen apèl avèk nou kòm konseye nou ak dirijan nou yo, gen pouvwa prètriz sa a pou dènye jou yo epi pou dènye fwa sa a, ki se dispansasyon plenitid tan yo,

31 Pouvwa sa a nou genyen l, an koneksyon avèk tout moun ki te resevwa yon dispansasyon nan nenpòt epòk depi nan kòmansman kreyasyon an;

32 Paske an verite m di nou, kle dispansasyon sa nou te resevwa yo, yo te soti nan men zansèt yo, epi an konklizyon yo te soti nan syèl la vin jwenn nou.

33 An verite m di nou konsa, gade jan apèl nou an gran, netwaye kè nou ak rad nou yo, pou san jenerasyon sa a pa koule sou men nou.

34 Rete fidèl jistan m vini, paske m ap vini rapid rapid; epi rekonpans mwen avèk mwen pou m rekonpanse chak moun daprè sa travay li ye. M se Alfa ak Omega. Amèn.