Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 121


Seksyon 121

Priyè ak pwofesi Joseph Smith, Pwofèt la te ekri nan yon kourye pou Legliz la pandan l te prizonye nan prizon Liberty a, Missouri, nan dat 20 Mas 1839 la. Pwofèt la ak plizyè konpayon te nan prizon pandan plizyè mwa. Petisyon yo ak demann yo te rive kote ofisye egzekitif yo epi jidisyè yo pa t rive soulaje prizonye yo.

1–6, Pwofèt la plede avèk Senyè a poutèt soufrans Sen yo; 7–10, Senyè a ba l lapè; 11–17, Tout moun ki bay manti nan rele transgresyon kont pèp Senyè a ap modi; 18–25, Yo p ap gen dwa nan prètriz la epi y ap dane; 26–32, Moun ki reziste avèk vanyans yo resevwa pwomès relasyon gloriye; 33–40, Poukisa gen anpil moun ki aple epi se sèlman kèk ki chwazi; 41–46, Prètriz la dwe sèlman sèvi nan lajistis.

1 O Bondye, ki kote ou ye? kote paviyon ki kouvri kote w kache a?

2 Pou konbyen tan men ou ap poze, ak je ou, wi je pi ou a, pou ou gade pandan ou nan syèl etènèl la, mechanste y ap fè pèp ou a ak sèvitè ou yo, epi pou zòrèy ou penetre avèk kriye yo?

3 Wi, Senyè a, konbyen tan y ap soufri move opresyon ilegal sa yo, anvan pou kè ou vin sansib pou yo, epi pou zantray ou sansib avèk konpasyon pou yo?

4 O Senyè Bondye Toupisan, kreyatè syèl la, tè a, ak lanmè a, ak tout bagay ki ladan yo, ou menm ki kontwole epi ki soumèt dyab la, ak dominasyon fènwa malfezan Cheòl—lonje men ou; fikse je ou; louvri paviyon w nan, pa kite kote w kache a kouvri ankò; panche zòrèy ou; fè kè ou sansib, epi se pou zantray ou sansib avèk konpasyon pou nou.

5 Se pou kòlè ou limen kont ènmi nou yo; epi nan kòlè kè ou, vanje moun ki te fè nou mal yo avèk epe ou.

6 Sonje sen ou yo k ap soufri yo, O Bondye nou an; epi sèvitè ou yo pral rejwi nan non ou pou tout tan.

7 Pitit gason m nan, lapè nan nanm ou; advèsite ou ak afliksyon ou yo pral sèlman pou yon ti moman;

8 Epi apre sa, si ou te sipote byen, Bondye ap leve ou anlè; w ap triyonfe sou tout ènmi ou yo.

9 Zanmi ou yo kanpe bò kote ou, epi yo pral louwe ou ankò avèk bon kè epi avèk men amikal.

10 Ou poko tankou Jòb; zanmi ou yo pa leve kont ou, ni tou yo pa akize ou pou transgresyon, menm jan yo te fè Jòb la.

11 Epi moun ki akize ou yo, ki di ou te fè transgresyon yo, esperans yo pral vòltije, epi espwa yo pral fonn tankou lawouze ki fonn devan reyon solèy k ap leve.

12 Epi tou Bondye te lonje men li epi l te sele pou l chanje tan yo ak sezon yo, epi pou l vegle panse yo, pou yo pa kapab konprann travay mèveye li yo; pou l kapab teste yo tou epi pou l pran yo nan pwòp fent yo;

13 Epi tou poutèt kè yo kòwonpi, epi bagay yo vle rale sou lòt moun, ak bagay yo renmen fè lòt moun soufri, ap tonbe sou yo ak tout fòs;

14 Pou yo kapab dezoryante tou epi pou esperans yo kaba;

15 Epi Bondye di, anpil ane p ap pase, yo menm ak desandan yo pral bale soti anba syèl la, pou okenn ladan yo pa rete bò miray la.

16 Senyè a di, Tout moun ki leve talon yo kont wen mwen yo ap modi, epi ki rele pou fè konnen yo te fè peche devan mwen, lè okontrè yo te fè sa ki bon devan je mwen, ak bagay m te kòmande yo.

17 Men, moun ki rele transgresyon yo fè sa paske yo se sèvitè peche, epi yo se pitit dezobeyisans pou tèt pa yo.

18 Epi moun ki fè fo temwayaj kont sèvitè m yo, pou kapab mennen yo nan esklavaj ak lamò—

19 Malè yo; poutèt yo ofanse timoun piti m yo m ap sevre yo nan òdonans kay mwen an.

20 Panye yo p ap ranpli, kay yo ak grenye yo ap peri, epi menm moun ki te konn flate yo pral meprize yo.

21 Yo p ap gen dwa nan prètriz la, ni pitit pitit yo apre yo depi nan yon jenerasyon jouk nan yon lòt jenerasyon.

22 Sa t ap pi bon pou yo si yo te mare yon pwa lou nan kou yo, epi yo nwaye nan pwofondè lanmè.

23 Senyè tout Lame yo di, malè pou tout moun ki pèsekite pèp mwen an, ki chase, ki touye, epi ki temwaye kont yo; yon jenerasyon sèpan p ap chape anba kondanasyon lanfè.

24 Gade, je mwen epi m konnen tout zèv yo, epi m gen an rezèv yon jijman ki rapid nan sezon an pou yo tout;

25 Paske gen yon tan ki fikse pou chak moun, daprè zèv li.

26 Bondye pral ba nou konesans pa mwayen Lespri Sen li a, wi pa lantremiz don inesplikab Sentespri a, ki pa t janm revele depi mond lan te egziste jouk kounyeya;

27 Don zansèt nou yo t ap rete tann avèk anpil enpasyans ki dwe revele nan dènye tan yo, don zanj yo te montre nan panse yo a, ki te rezève pou laglwa toutantye yo a;

28 Yon tan ki pral rive lè okenn bagay p ap kache, menm si gen yon Bondye oubyen anpil bondye yo pral fè konnen yo.

29 Tout twòn ak dominasyon yo, otorite ak pouvwa yo, pral revele epi yo pral tabli sou tout moun ki te pèsevere avèk vanyans pou levanjil Jezikri a.

30 Epi tou, si gen limit ki tabli pou syèl yo ak lanmè yo, oubyen pou tè sèch yo, oubyen pou solèy la, oubyen lalin nan, oubyen zetwal yo—

31 Tout lè revolisyon yo, tout jou ki te tabli pou yo, mwa, ak ane yo, epi tout jou nan epòk yo, mwa, epi ane yo, ak tout laglwa yo, lalwa yo, ak lè ki te tabli yo, pral revele nan epòk dispansasyon toutantye tan yo—

32 Daprè sa ki te òdone nan mitan Konsèy Bondye Etènèl tout lòt bondye yo anvan mond sa a te egziste, ki ta dwe rezève pou finisman ak lafen an, lè chak moun pral antre nan prezans etènèl li a ak nan repo imòtèl li a.

33 Konbyen tan dlo k ap desann yo kapab rete sal? Ki pouvwa ki kapab kontwole syèl yo? menm jan an tou lòm ta kapab lonje ponyèt fèb li pou rete rivyè Missouri a nan wout ki te dekrete pou li a, oubyen pou fè kouran an vire monte, menm jan an tou pou anpeche Toupisan an vide konesans desann soti nan syèl la sou tèt Sen dènye jou yo.

34 Gade, gen anpil moun ki aple, men, se kèk ki chwazi. Epi poukisa yo pa chwazi?

35 Paske kè yo tèlman chita sou bagay ki nan mond sa a, epi yo espere onè nan men lèzòm, yo pa aprann sèl leson sa a—

36 Ki di, dwa prètriz yo makònen seresere avèk pouvwa syèl la, epi pouvwa syèl la pa kapab kontwole ni manipile san se pa avèk prensip lajistis.

37 Yo kapab konfere sou nou, se vre; men, lè nou deside pou nou kouvri peche nou yo, oubyen pou nou pran plezi nan lògèy nou yo, oubyen anbisyon vanite nou yo, oubyen pou nou egzèse kontwòl oubyen dominasyon oubyen presyon sou nanm pitit lèzòm, nan nenpòt degre enjistis, gade, syèl la wete tèt li; Lespri Senyè a atriste; epi lè Bondye wete l, Amèn pou prètriz la oubyen otorite nonm sa a.

38 Gade, li avèti, yo kite l pou kont li, pou l lite avèk malen an, pou l pèsekite Sen yo, epi pou l goumen avèk Bondye.

39 Nou te aprann, pa mwayen eksperyans ki tris, se nan nati ak dispozisyon prèske tout moun, depi yo gen yon ti otorite, jan yo sipoze a, yo kòmanse egzèse dominasyon enjis imedyatman.

40 Se poutèt sa, gen anpil moun ki aple, men, se sèlman kèk moun ki chwazi.

41 Okenn pouvwa oubyen enfliyans pa kapab oubyen pa ta dwe egzèse pa mwayen prètriz la eksepte pou pesyade, avèk pasyans, avèk jantiyès, dousman, epi avèk amou enfayib;

42 Avèk jantiyès, ak konesans ki pi, ki grandi nanm moun anpil san ipokrizi, epi san riz

43 Pou korije moun kèk fwa dirèkteman, lè Sentespri a anime yo; epi apre sa pou yo montre yon pi gwo lanmou pou moun ou te korije a, pou l pa konsidere ou kòm yon ènmi;

44 Pou l kapab konnen fidelite ou pi fò pase kòd lanmò.

45 Se pou zantray ou tou chaje avèk charite pou tout moun, ak pou frè ki gen lafwa, epi se pou vèti gani panse ou san rete; apre sa konfyans w ap grandi anpil nan prezans Bondye; epi doktrin prètriz la ap koule nan nanm ou tankou lawouze ki soti nan syèl la.

46 Sentespri a ap konpayon ou tout tan, pwoteksyon ou san chanje, pwoteksyon lajistis ou ak verite ou; epi dominasyon ou ap yon dominasyon etènèl, epi san presyon l ap koule vin jwenn ou pou toujou ajamè.