Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 35


Seksyon 35

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la ak Sidney Rigdon te resevwa, nan oubyen pre Fayette, New York, 7 Desanm 1830. Lè sa a, Pwofèt la te angaje prèske chak jou pou l fè yon tradiksyon Bib la. Tradiksyon an te kòmanse depi nan kòmansman Jen 1830, epi Oliver Cowdery ak John Whitmer te sèvi kòm grefye. Paske yo te resevwa apèl nan lòt devwa kounyeya, Sidney Rigdon te resevwa apèl sou direksyon diven pou l sèvi kòm grefye Pwofèt la nan travay sa a (gade nan vèsè 20). Kòm prefas nan rejis revelasyon sa a, yo deklare nan istwa Joseph Smith: “An Desanm, Sidney Rigdon te vin soti [nan Ohio] pou l mande Senyè a, epi Edward Partridge te vini avèk li. … Yon ti tan apre de ansyen sa a yo te rive, men sa Senyè a te di.”

1–2, Kòman lèzòm kapab devni pitit Bondye; 3–7, Sidney Rigdon resevwa apèl pou l batize moun epi pou l konfere Sentespri a; 8–12, Siy ak mirak akonpli avèk lafwa; 13–16, Sèvitè Senyè a yo pral mache sou nasyon yo avèk pouvwa Lespri a; 17–19, Joseph Smith gen kle mistè yo; 20–21, Moun chwazi yo pral reziste nan jou aparisyon Senyè a; 22–27, Izrayèl pral sove.

1 Koute vwa Senyè Bondye w la, Alfa a ak Omega a, kòmansman an ak finisman an, wout li a se yon sèl wonn etènèl, menm bagay jodi a, tankou yè, epi pou toutan.

2 M se Jezikri, Pitit Gason Bondye a, ki te krisifye pou peche mond lan, pou tout moun ki kwè nan non mwen, yo kapab devni pitit Bondye, vin fè yon sèl nan mwen menm jan m se yon sèl nan Papa a, jan Papa a se yon sèl nan mwen an, pou nou kapab fè yon sèl.

3 Gade, an verite, an verite, m di sèvitè m nan, Sidney, m te gade ou menm ak travay ou yo. M te tande priyè ou yo, epi m te prepare ou pou yon pi gwo travay.

4 Ou beni, paske ou pral fè gwo bagay. Gade, m te voye ou, menm tankou Jan, pou ou prepare chemen an devan m, epi devan Eli sila ki te dwe vini an, epi ou pa t konn sa.

5 Ou te batize moun nan dlo pou repantans, men moun sa a yo pat resevwa Sentespri a;

6 Men kounyeya, m ap ba ou yon kòmandman, pou ou batize moun nan dlo, epi y ap resevwa Sentespri a pa enpozisyon men, menm jan avèk apot nan tan lontan yo.

7 Epi se pral konsa pral gen yon gwo travay nan peyi a, menm pami Janti yo, paske m ap fè foli yo ak abominasyon yo manifeste devan je tout moun.

8 Paske m se Bondye, epi ponyèt mwen pa vin twò kout; epi m pral montre mirak, siy, ak mèvèy pou tout moun ki kwè nan non mwen.

9 Epi nenpòt moun ki mande sa nan non mwen, avèk lafwa, yo pral chase demon; yo pral geri malad yo, pral fè avèg yo wè ankò, epi fè moun soud yo tande, epi fè bèbè yo pale, epi fè moun ki paralize yo mache.

10 Epi lè a ap vini rapid rapid pou m kapab montre pitit lèzòm yo gwo bagay;

11 Men san lafwa, m p ap montre yo okenn bagay eksepte dezolasyon sou Babilòn, menm Babilòn sa a ki te fè tout nasyon yo bwè diven kòlè fònikasyon li a.

12 Epi pa gen okenn moun k ap fè byen eksepte moun ki pare pou yo resevwa plenitid levanjil mwen an, m te voye pou jenerasyon sa a.

13 Se poutèt sa, m rele bagay ki fèb nan mond lan, moun ki pa enstwi yo, epi moun yo meprize yo, pou bat mond lan avèk pouvwa Lespri m;

14 Epi ponyèt yo pral ponyèt pa m, m pral pwoteksyon yo ak boukliye yo; epi m pral mare senti yo, epi yo pral goumen tankou gason pou mwen; epi ènmi yo pral anba pye yo; epi m pral kite epe a tonbe anfavè yo, epi m pral prezève yo avèk dife endiyasyon mwen.

15 Epi pòv yo ak moun ki dou yo pral resevwa predikasyon levanjil la, epi yo pral ret tann lè aparisyon m nan, paske li prèske rive—

16 Epi yo pral aprann parabòl pye figye a, paske kounyeya menm lete a deja pre.

17 Epi m te voye plenitid levanjil mwen an nan men sèvitè m nan, Joseph Smith; epi m te beni l nan feblès;

18 Epi m te ba li kle mistè bagay ki te sele yo, menm bagay ki te la depi nan fondasyon mond lan, ak bagay ki pral rive depi kounyeya jouk nan lè aparisyon m nan, si l rete nan mwen, epi si l pa rete nan mwen m ap plante yon lòt nan plas li.

19 Se poutèt sa, voye je sou li pou l pa pèdi lafwa, epi sa ap soti nan men Konsolatè a, Sentespri a, ki konnen tout bagay.

20 Epi m ba ou yon kòmandman—pou ou ekri pou li; epi w ap resevwa ekriti yo, menm jan yo ye nan pwatrin mwen an, pou sove moun m chwazi yo;

21 Paske yo pral tande vwa m, epi yo pral wè m, epi yo p ap nan dòmi, epi y ap sipòte jou aparisyon m nan; epi y ap pirifye menm jan avèk mwen.

22 Epi kounyeya, m di ou, rete avèk li, epi l ap vwayaje avèk ou; pa abandone l, epi sètènman an verite bagay sa a yo ap akonpli.

23 Epi toutotan ou pa ekri, gade, l ap gen dwa pou pwofetize; epi ou dwe preche levanjil mwen an, epi pran referans pwofèt sen yo pou pwouve pawòl li yo, jan li pral resevwa yo a.

24 Respekte tout kòmandman ak alyans ki lye ou yo; epi m ap fè syèl yo souke pou byen ou, epi Satan pral tranble epi Siyon pral rejwi sou kolin yo epi Siyon pral pwospere;

25 Epi Izrayèl pral sove nan tan pa mwen; epi m pral dirije yo avèk kle m te bay yo, pou yo pa janm nan konfizyon ankò.

26 Leve kè ou epi kontan, redanmsyon ou ap pwoche.

27 Pa pè, ti twoupo, wayòm nan pou ou jistan m vini. Gade m ap vini rapid rapid. Se sa menm. Amèn.