Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 59


Seksyon 59

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Siyon, Konte Jackson, Missouri, 7 Out 1831. Anvan revelasyon sa a, tè a te konsakre jan Senyè a te mande yo a, epi anplasman pou tanp ki ta pral bati a te konsakre. Nan jou yo te resevwa revelasyon sa a, Polly Knight, madanm Joseph Knight, papa a, te mouri, premye manm Legliz la ki te mouri nan Siyon. Premye manm yo te konsidere revelasyon sa a kòm “enstriksyon pou Sen yo konnen fason pou yo sanktifye jou Saba a ak fason pou yo jene ak priye.”

1–4, Sen fidèl nan Siyon yo ap beni; 5–8, Yo dwe renmen Senyè a, yo dwe sèvi L epi yo dwe respekte kòmandman L yo; 9–19, Lè yo sanktifye jou Senyè a, Sen yo beni tanporèlman epi espirityèlman; 20–24, Moun ki jis yo resevwa pwomès lapè nan mond sa a ak lavi etènèl nan mond ki pral vini an.

1 Senyè a di, gade, moun ki vini sou tè sa a avèk yon objektif pou laglwa mwen, daprè kòmandman m yo, ap beni.

2 Paske, moun ki vivan yo pral eritye tè a, epi moun ki mouri yo pral repoze apre tout travay yo, epi zèv yo pral suiv yo; epi yo pral resevwa yon kouwòn nan kay Papa m yo, m te pare pou yo a.

3 Wi, moun ki mete pye yo sou tè Siyon an, ki te obeyi levanjil mwen an, yo beni; paske y ap resevwa bon bagay ki sou tè a kòm rekonpans, epi li pral vini avèk fòs li.

4 Epi tou yo pral kouwone avèk benediksyon ki soti anlè a, wi, epi avèk kòmandman ki anpil epi avèk revelasyon nan epòk pa yo a—moun sa yo ki fidèl epi ki dilijan devan mwen.

5 Se poutèt sa, m ba yo yon kòmandman, m di: Nou dwe renmen Senyè Bondye nou an avèk tout nou, avèk tout pouvwa nou, tout panse nou, epi tout fòs nou; epi nou dwe sèvi l nan non Jezikri.

6 Nou dwe renmen pwochen nou tankou tèt pa nou. Nou pa dwe vòlè; ni komèt adiltè, ni touye moun, ni fè okenn bagay konsa.

7 Nou dwe remèsye Senyè Bondye nou an nan tout bagay.

8 Nou dwe ofri yon sakrifis bay Senyè Bondye nan lajistis, sa vle di sakrifis yon kè brize ak yon lespri kontri.

9 Epi pou nou kapab pwoteje tèt nou kont salte mond lan, nou dwe ale nan kay priyè a pou nou ofri sakreman nou nan jou sen mwen an;

10 Paske an verite, se yon jou ki tabli pou nou repoze nou apre travay nou yo, epi pou nou bay Bondye Ki Pi Wo a devosyon nou;

11 Men, nou dwe ofri sakrifis nou yo avèk lajistis chak jou epi tout tan;

12 Men sonje, nan jou Senyè a, nou dwe ofri oblasyon nou yo ak ofrann nou yo bay Bondye Ki Pi Wo a, pou nou konfese peche nou yo devan frè nou yo epi devan Senyè nou an.

13 Epi nan jou sa a, nou pa dwe fè okenn lòt bagay, sèlman prepare manje nou senp pou jèn nou an kapab pafè, oubyen ki vle di pou lajwa nou kapab konplè.

14 An verite, se jèn ak priyè, oubyen rejwisans ak priyè.

15 Epi toutotan nou fè bagay sa yo avèk remèsiman, avèk kontan epi avèk bon aparans, men pa avèk anpil griyen dan, paske, se peche, men, avèk kè kontan epi avèk bon aparans—

16 An verite, m di, toutotan nou fè sa, tout tè a pou nou, bèt ki nan chan yo ak zwazo yo ki anlè a, ak sa ki grenpe sou pyebwa yo epi ki mache sou tè a;

17 Wi, ak fèy yo, ak bon bagay ki soti nan tè a, kit se pou manje oubyen pou rad, oubyen pou kay, oubyen pou pak, pou rak pyebwa, oubyen pou jaden, oubyen pou pye rezen yo;

18 Wi tout bagay ki soti nan a, nan sezon yo, fèt pou benefis ak itilite lòm, pou fè je moun plèzi ak pou fè kè moun kontan;

19 Wi, pou manje ak rad, pou gou ak lodè, pou fòtifye kò a epi pou bay nanm nan lavi.

20 Epi sa fè Bondye plezi poutèt li te bay lòm tout bagay sa yo; paske se pou rezon sa yo, yo te fèt pou yo itilize, avèk bon sans, men pa nan eksè ni avèk avaris.

21 Epi lòm pa ofanse Bondye nan anyen, oubyen kòlè Bondye pa limen kont okenn moun, eksepte moun ki pa konfese men l nan tout bagay, epi ki pa obeyi kòmandman l yo.

22 Gade, se daprè lalwa a ak pwofèt yo; se poutèt sa, pa nwi m ankò konsènan zafè sa a.

23 Men, raple nou, yon moun ki fè travay lajistis, li pral resevwa rekonpans li, sa vle di lapè nan mond sa a, ak lavi etènèl nan mond k ap vini an.

24 Mwen menm Senyè a, m te di sa, epi Lespri a rann temwayaj. Amèn.