Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 64


Seksyon 64

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou ansyen yo ki nan Legliz la, nan Kirtland, Ohio, 11 Septanm 1831. Pwofèt la te prepare pou l demanaje ale nan Hiram, Ohio, pou l renouvle travay li nan tradiksyon Bib la, tradiksyon li te mete sou kote pandan l te nan Missouri. Yon gwoup frè ki te gen kòmandman pou yo vwayaje ale nan Siyon (Missouri) te angaje seryezman nan fè preparasyon pou yo pati an Oktòb. Nan tan okipasyon sa a, yo te resevwa revelasyon an.

1–11, Sen yo gen kòmandman pou youn padone lòt, pou yon pi gwo peche pa rete nan yo; 12–22, Yo dwe mennen moun ki pa repanti yo devan Legliz la; 23–25, Yon moun ki peye ladim, li p ap boule nan vini Senyè a; 26–32, Senyè a te avèti sen yo kont dèt; 33–36, Moun ki rebèl yo pral retranche soti nan Siyon; 37–40, Legliz la pral jije nasyon yo; 41–43, Siyon pral pwospere.

1 Senyè Bondye nou an di nou, gade, O, noumenm ansyen yo ki nan legliz mwen an, koute epi tande, epi resevwa volonte m konsènan noumenm.

2 Paske an verite m di nou, m vle nou gen viktwa sou mond lan; se poutèt sa m ap gen konpasyon pou nou.

3 Gen moun pami nou ki fè peche; men, an verite m di, pou fwa sa a, poutèt laglwa pa m, epi pou sali nanm yo, m padone peche nou yo.

4 M ap gen mizèrikòd pou nou, paske m ba nou wayòm nan.

5 Epi m p ap wete kle mistè wayòm nan nan men sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, pa mwayen m te tabli yo, pandan l ap viv la, toutotan li obeyi òdonans mwen yo.

6 Gen moun ki chèche akizasyon kont li san kòz;

7 Men, li te fè peche; sepandan, m di nou, mwenmenm Senyè a, m padone peche moun ki konfese peche yo devan m epi ki mande padon, ki pa t peche pou lanmò.

8 Disip mwen yo nan tan lontan te chèche akizasyon youn kont lòt, epi yo pa t padone youn lòt nan kè yo; epi poutèt mal sa a, yo te aflije epi m te chatye yo anpil.

9 Se poutèt sa, m di nou, nou dwe padone youn lòt; paske yon moun ki pa padone peche frè l, li kondane devan Senyè a; paske pi gwo peche a rete nan li.

10 Mwenmenm Senyè a, m ap padone moun m vle padone, men, pou nou menm se yon egzijans pou nou padone tout moun.

11 Epi nou dwe di nan kè nou—se pou Bondye jije ant mwen menm avèk nou, epi pou l rekonpanse nou daprè zèv nou yo.

12 Epi yon moun ki pa repanti nou peche l yo, epi ki pa konfese yo, nou dwe mennen l devan legliz la, epi trete l jan ekriti yo di nou, daprè kòmandman oubyen daprè revelasyon.

13 Epi nou dwe fè sa pou Bondye kapab glorifye—se pa paske nou pa padone moun, paske nou pa gen konpasyon, men, pou nou kapab jistifye devan je lalwa, pou nou kapab pa ofanse moun ki te ba nou lalwa a—

14 An verite m di, se pou rezon sa a nou dwe fè bagay sa yo.

15 Gade, mwenmenm Senyè a, m te fache kont moun ki te sèvitè m nan, Ezra Booth, ak sèvitè m nan, Isaac Morley, paske yo pa t respekte lalwa a, ni kòmandman an;

16 Yo te chèche move bagay nan kè yo, epi mwen menm Senyè a, m te wete Lespri m. Yo te kondane bagay ki pa t move; men, m padone sèvitè m nan, Isaac Morley.

17 Epi tou sèvitè m nan Edward Partridge, gade li te fè peche, epi Satan ap chèche detwi nanm li; men, lè m fè yo konnen bagay sa yo epi yo repanti pou mal la, m ap padone yo.

18 Epi kounyeya, an verite, m di, li nesesè pou sèvitè m nan, Sidney Gilbert, apre kèk semèn, retounen nan travay li, ak nan responsablite li nan peyi Siyon an;

19 Epi pou l fè disip yo konnen sa l te wè ak sa l te tande, pou yo pa peri. Epi se pou rezon sa a m te pale bagay sa yo.

20 Epi ankò, m di ou, sèvitè m nan Isaac Morley pa dwe tante plis pase sa li kapab sipòte, epi pou l konseye nan yon move fason, m te bay kòmandman pou vann fèm li a.

21 M pa vle sèvitè m nan, Frederick G. Williams vann fèm li a, paske mwenmenm Senyè a, m vle gen yon gwo ranfò nan peyi Kirtland nan pou yon peryòd senk lane, pandan tan sa a m p ap chavire mechan yo, pou m kapab sove kèk ladan yo.

22 Epi apre jou sa a, mwenmenm Senyè a, m p ap sonje erè okenn moun ki monte nan peyi Siyon avèk yon kè ouvè; paske mwenmenm Senyè a, m reklame pitit lèzòm yo.

23 Gade, sa m rele jodi a, se peryòd ki separe nou avèk vini Pitit Gason Lòm nan, epi an verite se yon jou pou sakrifis, epi yon jou pou ladim pèp mwen an; paske yon moun ki peye ladim li p ap boule lè l vini.

24 Paske apre jodi a pral gen dife—sa se daprè pawòl Senyè a—paske an verite m di konsa, demen tout lògey yo ak moun ki fè mechanste yo pral tankou pay; epi m pral boule yo, paske m se Senyè tout Lame yo; epi m p ap epanye okenn moun ki rete nan Babilòn.

25 Se poutèt sa, si nou kwè m n ap travay pandan l jodi a.

26 Epi li pa nesesè pou sèvitè m yo, Newel K. Whitney ak Sidney Gilbert ta vann magazen yo ak posesyon yo isit la; paske se pa saj jistan rès manm legliz yo ki rete nan kote sa a monte nan peyi Siyon an.

27 Gade, sa byen di nan lalwa mwen yo, oubyen li entèdi pou nou fè dèt nan men ènmi nou yo;

28 Men gade, pa gen anyen ki di nenpòt lè Senyè a pa dwe pran lè lide l di l, epi peye jan l vle.

29 Se poutèt sa, kòm nou se ajan, nou nan sèvis Senyè a; epi nenpòt bagay nou fè daprè volonte Senyè a se travay Senyè a.

30 Epi li voye nou pou nou pran swen sen li yo nan dènye jou sa yo, pou yo kapab jwenn yon eritaj nan peyi Siyon an.

31 Epi gade, mwenmenm Senyè a m deklare nou, epi pawòl mwen yo asire, yo p ap manke, y ap resevwa l.

32 Men, tout bagay dwe fèt nan tan pa yo.

33 Se poutèt sa, pa sispann fè byen, paske n ap poze fondasyon yon gwo travay, epi se nan ti bagay, sa ki gran soti.

34 Gade, Senyè a vle yon ak yon panse ki gen bon volonte; epi moun ki gen bon volonte epi ki obeyisan pral manje bon bagay ki nan tè Siyon an nan dènye jou sa yo.

35 Epi rebèl yo pral retranche nan tè Siyon an, m pral voye yo ale epi yo p ap eritye tè a.

36 Paske, an verite m di, moun ki rebèl yo pa fè pati san Efrayim, se poutèt sa yo pral derasinen.

37 Gade, mwenmenm Senyè a, m te fè legliz mwen an nan dènye jou yo tankou yon jij ki chita sou yon kolin, oubyen sou yon kote ki wo pou l jije nasyon yo.

38 Paske se pral konsa, abitan Siyon yo pral jije tout bagay ki gen rapò avèk Siyon.

39 Epi yo pral sonde mantè yo ak ipokrit yo, epi moun pral konnen sa ki pa apot ak pwofèt yo.

40 Epi menm evèk si la a ki se yon jij, ak konseye l yo, si yo pa fidèl nan responsablite yo, y ap kondane, epi lòt moun pral chita nan plas yo.

41 Paske, gade, m di nou, Siyon pral pwospere, epi laglwa Senyè a pral sou li;

42 Epi l ap yon anblèm pou pèp yo, epi moun pral soti nan chak nasyon anba syèl la pou vini ladan l.

43 Epi jou a pral vini pou nasyon yo ki sou a tranble poutèt li, epi yo pral gen lakrent poutèt moun tèrib li yo. Senyè a te di sa. Amèn.