Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 88


Seksyon 88

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Kirtland, Ohio, 27 ak 28 Desanm 1832, ak 3 Janvye 1833. Pwofèt la te deziye l kòm “‘fèy oliv la’ … ki te soti nan Pyebwa Paradi a, mesaj lapè Senyè a ba nou an.” Yo te resevwa revelasyon sa a apre plizyè gran prèt nan yon konferans te priye “Senyè a separeman epi awotvwa pou l te revele volonte li pou nou konsènan etablisman Siyon an.”

1–5, Sen ki fidèl yo resevwa Konsolatè sa a, ki se pwomès lavi etènèl; 6–13, Se avèk Limyè Kris la tout bagay kontwole epi gouvène; 14–16, Rezirèksyon an vini pa mwayen Redanmsyon an; 17–31, Obeyisans lalwa selès, lalwa terès, oubyen lalwa telès prepare lèzòm pou wayòm ak laglwa respektif sa yo; 32–35, Moun ki vle rete nan peche ap toujou rete sal; 36–41, Se avèk lalwa tout wayòm yo dirije; 42–45, Bondye te bay yon lalwa pou tout bagay; 46–50, Lòm pral menm rive konprann Bondye; 51–61, Parabòl moun ki te voye sèvitè l yo nan jaden an epi ki te vizite yo youn apre lòt la; 62–73, Pwoche pre Senyè a epi n ap wè figi Li; 74–80, Sanktifye tèt nou epi ansenye youn lòt doktrin wayòm nan; 81–85, Chak moun ki te avèti dwe avèti pwochen l; 86–94, Siy, chanjman nan eleman yo, ak zanj ap prepare chemen an pou aparisyon Senyè a; 95–102, Twonpèt zanj la rele mò yo daprè lòd yo; 103–116, Twonpèt zanj la pwoklame retablisman levanjil la, chit Babilòn nan, ak batay Bondye ki gran an; 117–126, Chèche aprann, etabli yon kay pou Bondye (yon tanp), epi abiye tèt nou avèk lyen charite a; 127–141, Lòd Lekòl Pwofèt yo tabli, ansanm avèk òdonans lavman pye a.

1 An verite, se pawòl Senyè pou noumenm ki rasanble ansanm pou resevwa volonte li konsènan nou:

2 Gade, sa fè Senyè nou an plezi, epi zanj yo rejwi akoz nou; epi lacharite priyè nou yo monte nan zòrèy Senyè Tout Lame yo, epi yo anrejistre nan liv ki gen non moun ki sanktifye yo, moun mond selès yo menm.

3 Se poutèt sa, kounyeya m voye yon lòt Konsolatè ba nou, sou noumenm zanmi m yo, pou l kapab rete nan kè nou, Sentespri pwomès la menm; lòt Konsolatè sa a ki se menm m te pwomèt disip mwen yo, jan sa anrejistre nan temwayaj Jan an.

4 Konsolatè sa a se pwomès m ba nou konsènan lavi etènèl, laglwa Wayòm selès la menm;

5 Laglwa sa a ki se laglwa legliz Premyene a, sa vle di Bondye, ki pi sen pase tout lòt, pa entèmedyè Jezikri, Pitit Gason li a—

6 Li menm ki te monte nan syèl la, menm jan tou li te desann pi ba tout bagay, yon fason pou l te kapab konprann tout bagay, pou l kapab nan tout bagay epi pa mwayen tout bagay, limyè verite a;

7 Verite sa a ki briye a. Sa se limyè Kris la. Menm jan tou li nan solèy la, epi li se limyè solèy la, epi se avèk pouvwa li solèy la te fèt.

8 menm jan tou li nan lalin nan, epi li se limyè lalin nan, epi se avèk pouvwa li lalin nan te fèt;

9 menm jan tou limyè zetwal yo, epi se avèk pouvwa li yo te fèt;

10 Epi tè a tou ak pouvwa li, tè kote nou kanpe a menm.

11 Epi limyè ki briye a, ki ba nou limyè a, se pa mwayen limenm ki klere je nou yo, se menm limyè sa a tou ki vivifye entèlijans nou;

12 Limyè sa a ki soti nan prezans Bondye pou ranpli tout espas la nèt—

13 Limyè ki nan tout bagay, ki bay tout bagay lavi, ki se lalwa ki gouvène tout bagay, menm pouvwa Bondye ki chita sou twòn li a, ki anndan letènite a, ki nan mitan tout bagay.

14 Kounyeya, an verite m di nou, pa mwayen redanmsyon ki te fèt pou nou an, rezirèksyon mò yo te reyalize.

15 Epi lespri a ak a se nanm lòm.

16 Epi rezirèksyon mò yo se redanmsyon nanm nan.

17 Epi redanmsyon nanm yo fèt pa lantremiz limenm ki vivifye tout bagay, anndan li dekrè a soti pou fè konnen pòv yo ak moun dou yo ki sou a pral eritye l.

18 Se poutèt sa, li nesesè pou l sanktifye anba tout enjistis, pou l kapab pare pou laglwa selès la;

19 Paske apre l fin ranpli mezi kreyasyon li a, li pral kouwone avèk laglwa, avèk prezans Papa Bondye menm;

20 Pou kò ki fè pati wayòm selès yo kapab posede l pou tout tan; paske se nan entansyon sa a li te fèt epi li te kreye, epi se nan entansyon sa a yo sanktifye.

21 Epi moun ki pa sanktifye pa mwayen lalwa m te ba nou an, lalwa Kris la menm, yo dwe eritye lòt wayòm, menm yon wayòm terès, oubyen yon wayòm telès.

22 Paske yon moun ki pa kapab sipòte lalwa yon wayòm selès, li pa kapab sipòte yon laglwa selès.

23 Epi yon moun ki pa kapab sipòte lalwa yon wayòm terès, li pa kapab sipòte yon laglwa terès.

24 Epi yon moun ki pa kapab sipòte lalwa yon wayòm telès, li pa kapab sipòte yon laglwa telès; se poutèt sa li pa pare pou yon wayòm laglwa. Se poutèt sa, li dwe rete nan yon wayòm ki pa yon wayòm laglwa.

25 Epi ankò, an verite m di nou, a sipòte lalwa yon wayòm selès, paske li ranpli mezi kreyasyon li a, epi li pa transgrese lalwa a—

26 Se poutèt sa, li pral sanktifye; wi, malgre l pral mouri, l ap vivifye ankò, epi li pral sipòte pouvwa ki vivifye l la, epi moun ki jis yo pral eritye l.

27 Paske malgre yo mouri, yo pral leve ankò, yon kò espirityèl.

28 Moun ki gen yon lespri selès yo pral resevwa menm kò a ki te yon kò natirèl; nou menm tou pral resevwa kò nou, epi laglwa nou pral menm laglwa ki te vivifye kò nou an.

29 Moun yon pòsyon laglwa selès la te vivifye yo pral resevwa menm nan, menm yon totalite.

30 Epi moun pòsyon glwa terès la te vivifye yo pral resevwa menm nan, so vle toutnèt.

31 Epi tou moun yon pòsyon laglwa telès te vivifye yo pral resevwa menm nan, sa vle di toutnèt.

32 Epi moun ki rete yo pral vivifye tou; sepandan, yo pral retounen nan plas pa yo, pou yo jwi sa yo te vle resevwa a, paske yo pa t vle jwi sa yo ta kapab resevwa.

33 Paske kisa sa itil yon moun si yo te ba li yon don, epi li pa resevwa don an? Gade, li pa rejwi l nan bagay yo te ba li a, ni tou moun ki te ba l don an pa rejwi tou.

34 Epi ankò, an verite m di nou, yon bagay lalwa gouvène lalwa a prezève l tou epi lalwa a pèfeksyone l epi sanktifye l tou.

35 Yon bagay ki vyole yon lalwa, epi ki pa sipòte lalwa a, men ki chèche vin tounen yon lalwa pou tèt pa li, epi ki vle rete nan peche, epi ki rete nan peche nèt, lalwa pa kapab sanktifye l, ni mizèrikòd, ni lajistis, ni jijman. Se poutèt sa yo dwe toujou rete sal.

36 Tout wayòm resevwa yon lalwa;

37 Epi gen anpil wayòm; paske pa gen okenn espas ki pa gen wayòm; epi pa gen okenn wayòm ki pa gen espas, menm si se yon wayòm ki pi gran oubyen ki pi piti.

38 Epi chak wayòm resevwa yon lalwa; epi chak lalwa gen sèten lyen ak kondisyon tou.

39 Tout èt ki pa obeyi kondisyon sa yo pa jistifye.

40 Paske entèlijans mare ak entèlijans; lasajès resevwa lasajès; verite anbrase verite; vèti renmen vèti; limyè atache a limyè; mizèrikòd gen konpasyon pou mizèrikòd epi l reklame sa ki pou li; lajistis kontinye wout li epi li reklame sa ki pou li; jijman ale devan moun ki sou twòn nan ki gouvène epi ki egzekite tout bagay.

41 Li konprann tout bagay, epi tout bagay devan l, epi tout bagay antoure l, epi l alatèt tout bagay, epi l anndan tout bagay, epi l nan tout bagay, epi l antoure tout bagay; epi li fè tout bagay, epi tout bagay soti nan li, sa vle di Bondye, pou toujou epi ajamè.

42 Epi ankò, an verite m di nou, li bay yon lalwa pou tout bagay, ki pèmèt yo deplase nan tan yo ak sezon yo;

43 Epi kous yo fikse, sa vle di kous syèl la ak tè a, ki genyen tè a ak tout planèt yo.

44 Epi yo youn bay lòt limyè nan tan yo ak sezon yo, nan minit yo, nan lè yo, nan jou yo, nan semèn yo, nan mwa yo, nan ane yo—tout bagay sa yo se yon ane pou Bondye, men pa pou lòm.

45 Tè a woule sou zèl li yo, epi solèy la bay limyè l pandan lajounen, epi lalin nan bay limyè l nan nuit, epi zetwal yo bay limyè yo tou, pandan y ap woule sou zèl yo nan laglwa yo, nan mitan pouvwa Bondye.

46 Avèk kisa m ta konpare wayòm sa yo, pou nou kapab konprann?

47 Gade tout sa yo se wayòm, epi nenpòt moun ki wè youn oubyen pi piti ki pami yo a, li Bondye k ap deplase nan majeste l ak pouvwa l.

48 M di nou, li wè l; sepandan, li te vin kote moun pa l yo epi yo pa t konprann li.

49 Limyè a klere nan tenèb, epi tenèb la pa konprann ni; sepandan, jou a pral rive pou nou konprann menm Bondye, paske n ap vivifye nan li epi akoz li.

50 Lè sa a n ap konnen nou te wè m, m egziste, epi m se vrè limyè ki nan nou an, epi nou nan mwen; san sa nou pa t ap kapab reziste.

51 Gade, m ap konpare wayòm sa yo avèk yon moun ki gen yon jaden, epi l voye sèvitè l yo nan jaden an pou laboure jaden an.

52 Epi l di premye a: Ale travay nan jaden an epi nan premye lè a m ap vini kote ou, epi w ap wè lajwa ki sou figi m.

53 Epi l di dezyèm nan: Ale nan jaden an tou, epi nan dezyèm lè a m ap vizite ou avèk lajwa ki sou figi m.

54 Epi tou li di twazyèm nan: m ap vizite nou;

55 Epi l di katriyèm nan, epi l kontinye jouk nan douzyèm nan.

56 Epi Senyè jaden an t al kote premye a nan premye lè a, epi li te rete avèk li pandan tout lè sa a, epi l te kontan wè limyè ki te sou figi Senyè li a.

57 Epi l te kite premye a pou l kapab vizite dezyèm nan, ak twazyèm nan, ak katriyèm nan, jouk nan douzyèm nan.

58 Epi konsa, yo tout te resevwa limyè figi Senyè yo a, chak moun nan lè pa l, epi nan tan pa l, epi nan sezon pa l—

59 Li te kòmanse sou premye a ale nan dènye a, epi nan dènye a retounen ale nan premye a, epi nan premye a ale nan dènye a;

60 Chak moun nan lòd pa l, jistan lè pa l la fini, jan Senyè li a te kòmande l la, pou Senyè li a te kapab glorifye nan li, epi pou limenm glorifye nan Senyè li a, pou yo tout kapab glorifye.

61 Se poutèt sa, m ap konpare parabòl sa a avèk tout wayòm sa yo, ak abitan ki ladan yo—chak wayòm nan lè pa l, ak sezon pa l, sa vle di daprè dekrè Bondye te pran an.

62 Epi ankò, an verite m di nou, zanmi m yo, m kite pawòl sa yo avèk nou pou nou medite nan kè nou, avèk kòmandman sa m ba nou, pou nou rele non mwen pandan m pre a—

63 Pwoche kote m epi m ap pwoche kote nou; chèche m avèk dilijans epi n ap jwenn mwen; mande epi n ap resevwa; frape epi y ap louvri pou nou.

64 Nenpòt sa nou mande Papa a nan non mwen ki nesesè pou nou, n ap resevwa l;

65 Si nou mande nenpòt bagay ki pa nesesè pou nou, l ap tounen yon kondanasyon pou nou.

66 Gade, sa nou tande a se vwa moun k ap rele nan dezè a—nan dezè a paske nou kapab wè l—vwa m, paske vwa m se Lespri; Lespri m se verite; verite rete epi l pa gen finisman; epi si l nan nou l ap fè abondans.

67 Epi si je nou fikse sèlman sou laglwa m, tout kò nou ap ranpli avèk limyè, epi p ap gen tenèb nan nou; epi kò sa a ki ranpli avèk limyè a konprann tout bagay.

68 Se poutèt sa, sanktifye tèt nou pou panse nou kapab fikse sèlman sou Bondye, epi jou yo pral vini pou nou l; paske li pral devwale figi l devan nou, epi se pral nan tan pa l, nan fason pa l, epi daprè volonte pa l.

69 Sonje dènye gwo pwomès m te fè nou an; chase move panse nou yo epi sispann ri twòp.

70 Rete, rete kote nou ye a, epi konvoke yon asanble solanèl, sa vle di yon asanble moun ki se premye travayè yo nan dènye wayòm sa a.

71 Epi se pou moun yo te avèti pandan yo t ap vwayaje yo rele non Senyè a, epi pou yo medite sou avètisman yo te resevwa a nan kè yo pandan yon ti tan.

72 Gade, m ap pran swen twoupo nou yo, epi m ap leve ansyen pou m voye ba yo.

73 Gade, m ap akselere travay mwen an nan tan pa li.

74 Epi m ap ba nou menm ki se premye travayè yo nan dènye wayòm nan, yon kòmandman pou nou rasanble nou ansanm, pou nou òganize nou, pou nou prepare nou, epi pou nou sanktifye tèt nou; wi, pirifye kè nou, epi netwaye men nou yo ak pye nou yo devan mwen, pou m kapab fè nou pwòp;

75 Pou m kapab temwaye devan Papa nou, ak Bondye nou, ak Bondye m nan, nou pwòp anba san jenerasyon mechan sa a; pou m kapab akonpli pwomès sa a, gwo dènye pwomès sa a m te fè nou an, lè m vle.

76 Epi tou, m ba nou yon kòmandman pou nou kontinye nan priyè ak jèn depi kounyeya.

77 Epi m ba nou kòmandman pou nou ansenye youn lòt doktrin wayòm nan.

78 Ansenye avèk dilijans epi lagras mwen ap vini sou nou, pou nou kapab enstwi pi pafètman nan tewori, nan prensip, nan doktrin, nan lalwa levanjil la, nan tout bagay ki gen rapò avèk wayòm Bondye a, ki nesesè pou nou konprann;

79 Konsènan bagay ki nan syèl la ak sou tè a, ak anba tè a; bagay ki te egziste, bagay ki egziste, bagay ki dwe rive pwochènman; bagay ki lakay nou, bagay ki nan peyi etranje; lagè yo ak sitiyasyon konplike ki pami nasyon yo, ak jijman ki nan peyi a; epi yon konesans konsènan peyi yo ak wayòm yo—

80 Pou nou kapab prepare nan tout bagay lè m voye nou ankò pou nou mayifye apèl m te ba nou a, ak misyon m te otorize nou an.

81 Gade, m te voye nou pou nou kapab temwaye epi avèti pèp la, epi se pou chak moun ki te resevwa avètisman avèti pwochen l.

82 Se poutèt sa, yo rete san eskiz, epi peche yo sou tèt pa yo.

83 Yon moun ki chèche m bonè l ap jwenn mwen, epi m p ap bliye l.

84 Se poutèt sa, rete epi travay avèk dilijans, pou nou kapab pèfeksyone nan ministè nou genyen pou ale pami Janti yo pou yon dènye fwa, otan moun bouch Senyè a aple, pou mare lalwa a epi pou sele temwayaj la, epi pou prepare sen yo pou lè jijman ki pral vini an;

85 Pou nanm yo kapab chape anba kòlè Bondye, dezolasyon abominasyon k ap rete tann mechan yo, ni nan mond sa a ak nan mond k ap vini an. An verite, m di nou, kite sa ki pa premye ansyen yo kontinye nan travay la jistan bouch Senyè a aple yo, paske lè yo poko rive; rad yo poko pwòp anba san jenerasyon sa a.

86 Rete nan libète ki fè nou lib la; pa anpetre tèt nou nan peche, men, pwòpte men nou jistan Senyè a vini.

87 Paske, pa rete anpil jou, a pral tranble epi l pral balanse pasi-pala tankou yon moun ki sou; solèy la pral kache figi l, epi l pral refize bay limyè l; lalin nan pral benyen nan san; epi zetwal yo pral vin fache anpil, epi yo pral lage tèt yo desann tankou yon fig frans ki sot tonbe nan yon pye fig.

88 Epi apre temwayaj nou, kòlè ak endiyasyon pral vini sou pèp la.

89 Paske apre temwayaj nou, temwayaj tranbleman tè ap vini, ki pral lakòz lamantasyon nan mitan tè a, lèzòm pral tonbe atè epi yo p ap kapab kanpe.

90 Epi temwayaj yon vwa loray pral vini, ak vwa zeklè, ak vwa tanpèt, ak vwa lanm lanmè yo ki pral depase limit yo.

91 Epi tout bagay pral toumante; epi an verite kè lèzòm pral sote; paske lakrent pral anvayi tout moun.

92 Epi zanj pral vole nan mitan syèl la, pou yo rele avèk yon vwa fò, pou yo sonnen twonpèt Bondye a, ki di: Prepare nou, prepare nou, O, abitan yo ki sou tè a; paske jijman Bondye ap vini. Gade, mesye marye a ap vini; soti pou nou ale rankontre l.

93 Epi imedyatman pral gen yon gwo siy ki pral parèt nan syèl la, epi tout moun pral wè l ansanm.

94 Epi yon lòt zanj pral sonnen twonpèt pa li, ki di: gwo legliz sa a, manman abominasyon yo, ki te fè tout nasyon yo bwè diven kòlè fònikasyon li a, ki pèsekite sen Bondye yo, ki koule san yo a—limenm ki chita sou anpil dlo yo, ak sou zile yo ki sou lanmè a—gade li se move zèb ki sou tè a; li mare fè pakèt; li mare solid, pèsonn pa kapab demare yo; se poutèt, sa li pare pou l boule. Epi zanj la pral sonnen twonpèt li lontan epi byen fò, epi tout nasyon pral tande l.

95 Epi pral gen silans nan syèl la pandan demiyèdtan; epi imedyatman apre sa rido syèl la pral devlope, tankou yon woulo ki devlope apre l te fin woule, epi figi Senyè a pral devwale;

96 Epi sen yo ki sou tè a, ki vivan yo pral vivifye epi yo pral monte pou rankontre l.

97 Epi moun ki t ap dòmi nan tonm yo pral leve, paske tonm yo pral louvri; epi yo pral monte tou pou yo rankontre li nan mitan kolòn selès la—

98 Yo se moun Kris la, premye fwi yo, yo menm ki pral desann avèk li anvan an, epi yo menm ki sou tè a ak nan tonm yo, ki monte an premye pou yo rankontre l la; epi tout sa pral fèt avèk vwa twonpèt Bondye a ki pral sonnen.

99 Epi apre sa, yon lòt zanj pral sonnen, sa ki se dezyèm twonpèt la, epi apre sa se pral redanmsyon moun ki pou Kris yo lè aparisyon li a; ki te resevwa pa yo nan prizon sa a ki te prepare pou yo a, pou yo kapab resevwa levanjil la, epi pou yo kapab jije daprè lèzòm nan kò fizik la.

100 Epi ankò, yon lòt twonpèt pral sonnen, sa ki se twazyèm twonpèt la; epi apre sa, se pral lespri lèzòm ki dwe jije yo, ki te tonbe anba kondanasyon yo;

101 Epi se rès yo sa; epi yo p ap viv ankò jistan mil ane fin pase, ni apre sa, jouk nan finisman tè a.

102 Epi yon lòt twonpèt pral sonnen, ki se katriyèm nan, ki di: Genyen pami sa ki rete yo jouk nan gran dènye jou a, menm jiska lafen an, ki pral toujou rete sal.

103 Epi yon lòt twonpèt pral sonnen, ki se senkyèm twonpèt la, ki se senkyèm zanj ki gen levanjil etènèl la—k ap vole nan mitan syèl la, pou tout nasyon, fanmi, lang ak pèp;

104 Epi se pral son twonpèt li a, li pral di tout moun ni nan syèl la ak sou tè a, epi ki anba tè atou—paske tout zòrèy pral tande l, epi tout jenou pral pliye, epi tout lang pral konfese, pandan yo tande son twonpèt la ki di: Gen lakrent pou Bondye, epi bay limenm ki chita sou twòn nan laglwa, pou toujou epi ajamè; paske lè jijman li a vini.

105 Epi ankò, yon lòt zanj pral sonnen twonpèt li, ki se sizyèm zanj la, pou di: Li tonbe, li menm ki fè nasyon yo bwè nan diven kòlè fònikasyon li a; li tonbe, li tonbe!

106 Epi ankò, yon lòt zanj pral sonnen twonpèt li, ki se setyèm zanj la, pou di: Sa fini; sa fini! Ti Mouton Bondye a ranpòte viktwa epi li tòdye moulen près diven an pou kont li, moulen diven pi move kòlè Bondye Toupisan an menm.

107 Epi apre sa, zanj la pral kouwone avèk laglwa nan pisans li, epi sen yo pral ranpli avèk laglwa li, epi yo pral resevwa eritaj yo epi yo pral vin egal avèk li.

108 Epi apre sa, premye zanj la pral sonnen twonpèt li ankò nan zòrèy tout vivan yo, pou l revele aksyon sekrè lèzòm, ak travay pisan Bondye yo nan premye mil ane a.

109 Epi apre sa, dezyèm zanj la pral sonnen twonpèt li, pou l revele aksyon sekrè lèzòm, ak panse ak entansyon kè yo, ak travay pisan Bondye yo nan dezyèm mil ane a—

110 Epi eksetera, jistan setyèm zanj la sonnen twonpèt li; epi li pral kanpe sou tè a ak sou lanmè a, epi li pral sèmante nan non moun ki chita sou twòn nan, pou fè konnen pa gen tan ki rete ankò; epi Satan pral mare, vye sèpan sa a, yo rele dyab la, epi li p ap demare pandan yon peryòd mil ane.

111 Epi apre sa li pral demare pou yon ti tan, pou l kapab rasanble lame l yo ansanm.

112 Epi Michèl, setyèm zanj la, akanj la menm, pral rasanble lame li yo ansanm, tout lame syèl la menm.

113 Epi dyab la pral rasanble lame l yo ansanm; tout lame lanfè a menm, epi li pral monte vin goumen kont Michèl ak lame l yo.

114 Epi lè sa a se ap batay Gran Bondye a; epi dyab la ak lame l yo pral chase ale nan plas pa yo, pou yo pa gen pouvwa sou sen yo ditou ankò.

115 Paske Michèl pral batay pou yo, epi li pral ranpòte viktwa sou moun k ap chèche pran twòn lòt moun ki chita sou twòn nan, sa vle di Ti Mouton an.

116 Se laglwa Bondye ak moun ki sanktifye yo; epi yo p ap janm wè lanmò ankò.

117 Se poutèt sa, an verite m di nou, zanmi m yo, rele asanble solanèl nou yo, jan m te kòmande nou an.

118 Epi kòm tout moun pa gen lafwa, chèche avèk dilijans epi ansenye youn lòt pawòl sajès; wi, chèche pawòl sajès nan pi bon liv yo; chèche konesans, menm pa etid epi pa lafwa.

119 Òganize tèt nou; prepare tout bagay ki nesesè; epi etabli yon kay, men yon kay priyè, yon kay jèn, yon kay lafwa, yon kay pou aprann, yon kay laglwa, yon kay lòd, yon kay pou Bondye;

120 Pou antre nou yo kapab nan non Senyè a; pou soti nou yo kapab nan non Senyè a; pou tout salitasyon nou yo kapab fèt nan non Senyè a, avèk men nou leve devan Bondye Ki Pi Wo a.

121 Se poutèt sa, sispann avèk tout konvèsasyon ensanse nou yo, nan tout griyen dan, nan tout anvi fizik nou yo, nan tout lògèy ak basès nou yo, epi nan tout mechanste nou yo.

122 Lonmen yon enstriktè pami nou, epi pa kite tout moun pale ansanm; men, kite yon sèl moun pale alafwa pandan lòt yo ap koute sa l ap di, pou lè tout moun fin pale, tout moun kapab edifye akoz tout moun, pou chak moun kapab genyen yon privilèj egal.

123 Gade pou youn renmen lòt; sispann gen konvwatiz; aprann pataje youn bay lòt jan levanjil la mande a.

124 Sispann fè parès; sispann pa pwòp; sispann jwenn fot youn nan lòt; sispann dòmi plis pase sa ki nesesè; kouche nan kabann nou bonè, pou nou kapab pa fatige; leve bonè, pou kò nou ak panse nou kapab rafrechi.

125 Epi plis pase tout lòt bagay, abiye nou avèk kòd charite yo, tankou avèk yon manto ki se kòd pèfeksyon ak lapè.

126 Priye tout tan, pou nou kapab pa fayi, jistan m vini. Gade, epi sètènman, M ap vini rapid rapid, epi m ap resevwa nou pou tèt pa m. Amèn.

127 Epi ankò, lòd kay ki te prepare pou prezidans lekòl pwofèt yo, ki te tabli pou enstriksyon yo nan tout bagay ki nesesè pou yo a, sa vle di pou tout ofisye ki nan legliz la, oubyen ki vle di, pou moun ki te resevwa apèl pou ministè nan legliz la, kòmanse avèk gran prèt yo, desann ale nan dyak yo—

128 Epi se pral lòd ki nan lekòl prezidans la: Yon moun ki lonmen kòm prezidan, oubyen enstriktè, dwe kanpe nan plas li, nan kay ki prepare pou li a.

129 Se poutèt sa, se li k ap premye nan kay Bondye a, nan yon plas kote asanble ki nan kay la kapab tande pawòl li yo avèk swen epi avèk presizyon, pa avèk yon vwa ki fò.

130 Epi lè l vini nan kay Bondye a, paske l ta dwe premye nan kay la—gade, se yon bèl bagay pou l ta yon egzanp—

131 Se pou l ofri tèt li nan priyè sou jenou l devan Bondye, kòm senbòl oubyen rapèl alyans etènèl la.

132 Epi lè nenpòt moun vini kote l, se pou enstriktè a leve, epi avèk men l leve nan direksyon syèl la, wi menm dirèkteman, pou l salye frè li oubyen frè l yo avèk mo sa yo:

133 Èske ou se yon frè oubyen se frè nou w ye? M salye ou nan non Senyè a Jezikri, kòm senbòl oubyen rapèl alyans etènèl la, nan alyans sa a m resevwa ou avèk fratènite, nan yon detèminasyon fiks, enfleksib, epi enchanjab, kòm frè ou pa mwayen lagras Bondye nan kòd lanmou, pou mache nan tout kòmandman Bondye san blam, avèk remèsiman, pou toujou epi ajamè. Amèn.

134 Epi yon moun ki pa gen diyite pou salitasyon sa a li p ap gen plas pami nou; paske nou pa dwe aksepte pou l souye kay mwen an.

135 Epi yon moun ki vini epi ki fidèl devan mwen, epi ki se yon frè, oubyen ki se plizyè frè, yo dwe salye prezidan an oubyen enstriktè a avèk men yo leve nan direksyon syèl la, avèk menm priyè ak alyans sa a, oubyen pou yo di Amèn, kòm alyans pou menm bagay la.

136 Gade, an verite, m di nou, se yon egzanp pou nou kòm salitasyon pou youn avèk lòt nan kay Bondye a, nan lekòl pwofèt yo.

137 Epi nou aple pou nou fè sa avèk priyè ak remèsiman, jan Lespri a enspire nou nan tout sa n ap fè nan kay Senyè a, nan lekòl pwofèt yo, pou l kapab vin tounen yon kote ki sen, yon tabènak Sentespri a pou edifikasyon nou;

138 Epi nou pa dwe resevwa okenn moun nan lekòl sa a si l pa lave anba san jenerasyon sa a;

139 Epi nou dwe resevwa l avèk òdonans lavman pye yo, paske se poutèt rezon sa a òdonans lavman pye yo te tabli.

140 Epi ankò, se prezidan an, oubyen ansyen k ap prezide legliz la ki dwe administre òdonans lavman pye yo.

141 Li dwe kòmanse avèk priyè; epi apre yo fin manje pen ak bwè diven an, li dwe mare senti l daprè modèl ki nan trèzyèm chapit temwayaj Jan an konsènan mwen an. Amèn.